27
Alò Nonb 26:33 fis Tselophchad yo, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, nan fanmi a Manassé, fis a Joseph la, te vin rapwoche; epi sila yo se non a fi li yo: Machia, Noe, Hogla, Milca, ak Thirtsa, Yo te kanpe devan Moïse ak Éléazar, prèt la, ak devan chèf a tout kongregasyon yo, nan pòtay a tant asanble a, e te di: “Papa nou te Nonb 26:64-65mouri nan dezè a. Malgre sa, li pa t pami konpanyen a sila ki te rasanble yo menm kont SENYÈ a nan konpanyen a Koré yo, men li te mouri nan pwòp peche pa li. E li pa t gen fis. Poukisa non a papa nou ta dwe retire soti nan fanmi li akoz ke li pa t gen fis? Bannou yon posesyon pami frè a papa nou yo.”
Nonb 9:8Alò, Moïse te mennen ka yo devan SENYÈ a. SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: Nonb 36:2“Fi a Tselophchad yo gen rezon nan sa yo di a. Ou va, vrèman, ba yo yon posesyon eritaj pami frè a papa yo, e ou va transfere eritaj a papa yo a ba yo menm.
“Anplis, ou va pale avèk fis Israël yo e di: ‘Si yon nonm mouri e li pa t gen fis, ou va transfere eritaj li a bay fi li. Si li pa gen fi, alò, ou va bay eritaj li a a frè li yo. 10 Si li pa gen frè, alò, ou va bay eritaj li a a frè papa li yo. 11 Si papa li pa gen frè, alò, ou va bay eritaj li a a fanmi ki pi prè nan pwòp fanmi li. Li va posede li. Konsa, sa va yon Nonb 35:29 règleman nèt pou fis Israël yo jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.’ ”
12 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Monte nan Nonb 33:47-48mòn Abarim nan, pou wè peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo. 13 Lè ou fin wè li, ou va vin rasanble vè zansèt ou yo, Nonb 20:24-28jan sa te rive avèk frè ou a, Aaron. 14 Paske, nan dezè Tsin nan, pandan asanble a t ap fè kont, Det 32:51ou te fè rebèl kont lòd Mwen pou trete Mwen tankou sen devan zye yo kote dlo a.” (Sila yo se dlo a Meriba yo nan Kadés nan dezè a Tsin nan.)
15 “Alò, Moïse te pale avèk SENYÈ a. Li te di: 16  Nonb 16:22Ke SENYÈ a, Bondye a lespri tout chè yo, ta chwazi yon mesye sou kongregasyon an, 17  Det 31:2ki va sòti e antre devan yo, ki va mennen yo deyò, e rale yo antre, pou kongregasyon SENYÈ a pa devni tankou yon mouton ki san bèje.”
18 Konsa SENYÈ a te di a Moïse: “Pran Josué, fis a Nun nan, yon nonm Nonb 11:25-29nan sila Lespri a rete a, e poze men ou sou li. 19 Konsa, fè li kanpe devan Éléazar, prèt la, ak devan tout kongregasyon an, e Det 3:28ba li lòd komisyon an devan zye yo. 20 Ou va mete otorite pa w sou li, pou tout kongregasyon a fis Israël yo kapab obeyi a li menm. 21 Anplis, li va kanpe devan Éléazar, prèt la, ki va fè ankèt pou li selon Egz 28:30jijman a Orim nan devan SENYÈ a. A kòmand pa li, yo va sòti e a kòmand pa li, yo va antre, ni li, ni fis Israël yo avèk li menm, tout kongregasyon an menm.”
22 Moïse te fè jis sa ke SENYÈ a te kòmande li. Li te pran Josué e te mete li devan Éléazar, prèt la, avèk tout kongregasyon an. 23 Konsa, li te poze men li sou li e te bay Det 31:23li lòd komisyon an, jis jan ke SENYÈ a te pale pa Moïse la.

27:1 Nonb 26:33

27:3 Nonb 26:64-65

27:5 Nonb 9:8

27:7 Nonb 36:2

27:11 Nonb 35:29

27:12 Nonb 33:47-48

27:13 Nonb 20:24-28

27:14 Det 32:51

27:16 Nonb 16:22

27:17 Det 31:2

27:18 Nonb 11:25-29

27:19 Det 3:28

27:21 Egz 28:30

27:23 Det 31:23