32
Det 4:26“Prete zòrèy nou, O syèl yo;
kite mwen pale.
Kite tè a tande pawòl a bouch mwen yo.
Kite És 55:10-11enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli,
pawòl mwen yo poze tankou lawouze,
tankou ti gout sou zèb fre,
ak lapli k ap farinen sou zèb.
Paske mwen pwoklame non a SENYÈ a.
Bay Det 3:24glwa a Bondye nou an!
Wòch la! Zèv Li yo pafè,
paske Jen 18:25 tout chemen li yo jis.
Det 7:9Yon Bondye fidèl e san enjistis,
dwat e jis ke Li ye.
Yo te fè zak konwonpi anvè Li.
Yo pa pitit li akoz defo yo.
Mat 17:17Yon jenerasyon pèvèti e kwochi,
se konsa nou Sòm 116:12rekonpanse SENYÈ a,
O Det 32:28pèp ki san konprann e ki san sajès?
Èske se pa Papa nou, Kreyatè nou an,
ki te fè nou e ki te fòme nou?
Sonje jou tan pase yo,
konsidere lane a tout jenerasyon yo.
Egz 12:26Mande papa nou e li va fè nou konnen,
ansyen nou yo e yo va di nou.
Lè Pi Wo a Trav 17:26te bay nasyon yo eritaj yo,
lè Li te separe fis a lòm yo,
Li te etabli lizyè a tout pèp la
Selon kantite a fis Israël yo.
Paske I Sam 10:1 pòsyon SENYÈ a se pèp Li a.
Jacob se don eritaj Li a.
10 Li te twouve li nan yon peyi dezè,
Sòm 17:8nan savann dezole kote van soufle a.
Li te antoure li, Li te pran swen li,
Li te pwoteje li tankou Sòm 18:10-18de zye nan tèt Li.
11  Sòm 18:10-18Tankou yon èg ki anvayi nich li,
ki pann sou jenn pitit li yo,
Li te ouvri zèl li yo pou te kenbe yo.
Li te pote yo anwo plim li.
12 SENYÈ a sèl te gide li.
Li Det 32:39pa t gen dye etranje ki te avè l.
13  És 58:14Li te fè li monte sou wo plas tè yo.
Yo te manje pwodwi a chan yo.
Li te fè li souse siwo myèl nan wòch la,
ak lwil nan wòch ki te di:
14 Bòl lèt a bèf yo ak lèt bann kabrit yo,
avèk grès jenn ti mouton yo,
Belye a ras Basan yo ak kabrit,
Avèk ble ki pi fen yo.
Nou te bwè Jen 49:11san rezen an,
diven an menm nou te bwe.
15 Men Israël te vin gra e te voye pye.
Ou vin gra, gwo e swa.
Sòm 78:58Li te abandone Bondye ki te fè l la,
e li te meprize Det 32:4Wòch a delivrans li an.
16  Sòm 78:58Yo te fè Li vin jalou avèk dye etranje yo.
Avèk Sòm 106:29bagay abominab,
yo te pwovoke Li a lakòlè.
17 Yo te fè sakrifis a dyab ki pa t Bondye yo,
a dye ke yo pa t janm konnen,
dye nèf ki fenk parèt,
ke zansèt nou yo pa t janm bay lakrent. Det 28:64; Jij 5:8
18 Nou te neglije Wòch ki te fè nou an,
e nou Sòm 106:21te bliye Bondye ki te bannou nesans lan.
19  Jr 44:21-23SENYÈ a te wè sa e te meprize yo
akoz pwovokasyon fis ak fi Li yo.
20 “Alò, Det 9:23Li te di: ‘Mwen va kache figi Mwen sou yo.
Mwen va wè kijan yo fini;
Paske yo se yon jenerasyon pèvès,
fis ki pa fidèl.
21 ‘Yo te fè m jalou avèk sa ki pa Bondye yo.
Yo te pwovoke Mwen a lakòlè avèk zidòl yo.
Wo 10:19Konsa tou, Mwen va fè yo jalou avèk sa ki pa yon pèp yo.
Mwen va pwovoke yo a lakòlè
avèk yon nasyon ki san konprann.
22 Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen,
ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo.
Li Lev 26:20 manje latè a avèk tout don li yo,
e limen dife a nan fondasyon mòn yo.
 
23 Mwen Det 29:21 va ogmante gwo pil malè sou yo.
Mwen Sòm 18:14va depanse flèch Mwen sou yo.
24  Det 28:22-48Mwen va epwize yo ak gwo grangou,
e manje yo ak chalè ki brile,
e avèk destriksyon anmè.
Mwen va voye pami yo bèt voras,
avèk pwazon a bèt ki trennen sou vant.
25 Pa deyò, se nepe ki va rache lavi yo,
epi pa anndan, gwo laperèz,
ni sou jennonm ni vyèj la,
tibebe a avèk granmoun cheve blanch lan. Lam 1:20; II Kwo 36:17
26 Mwen te prèt pou di: “M ap Det 4:27koupe yo an mòso,
M ap rache memwa yo soti de lòm,
27 si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an,
ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di:
“Se men nou ki gen viktwa a.
Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.” ’
 
28 Paske Det 32:6yo se yon nasyon ki manke bon konsèy.
Yo san konprann.
29 Pito Det 5:29ke yo te saj, ke yo te konprann sa,
ke Det 31:29yo te konprann avni yo!
30 Kijan Lev 26:7-8yon moun ta kapab chase yon milye,
pou de sèl grenn fè di mil sove ale,
sof ke Wòch pa yo a te vann yo,
sof ke SENYÈ a te livre yo bay.
31 Anverite, wòch pa yo a pa tankou Wòch nou an.
Menm lènmi nou yo kapab jije sa.
32 Paske rezen pa yo sòti nan rezen Sodome,
ak chan yo nan Gomorrhe.
Rezen pa yo se rezen Det 29:18pwazon.
Grap yo anmè.
33 Diven pa yo se pwazon vipè,
pwazon mòtèl koulèv kobra.
 
34 Èske Job 14:17M pa mete sa nan depo,
byen sele nan trezò Mwen?
35 “ ‘Vanjans se pou Mwen, avèk revandikasyon,
nan lè pye yo va glise,
Paske jou malè a yo toupre,
E rekonpans yo ap kouri vit sou yo.’
 
36 Paske Sòm 135:14SENYÈ a va jije pèp Li a.
Li va fè mizerikòd sou sèvitè Li yo,
lè Li wè fòs yo fin disparèt,
ke pèsòn pa rete, ni esklav, ni lib.
37 Li va di: Jij 10:14‘Kote dye yo ye?
Wòch kote yo te pran refij la?
38 Sila ki te manje grès a sakrifis pa yo a,
e ki te bwè diven a bwason pa yo a?
Kite Jr 11:12yo vin bannou sekou!
Kite yo fè kote pou nou kache!
 
39 Vin wè ke Mwen menm se Li.
Det 32:12Nanpwen dye sof ke Mwen.
Se Mwen ki mete a lanmò,
e se Mwen ki bay lavi.
Se Mwen ki te fè blese
e se Mwen ki fè gerizon.
Nanpwen pèsòn ki kab delivre soti nan men M.
40 Anverite, És 20:5-6 Mwen leve men M vè syèl la E Mwen di:
Menm jan ke Mwen viv pou tout tan an,
41 si És 34:6-8Mwen file nepe briyan Mwen an,
se men M ki kenbe lajistis.
Jr 50:28-32Mwen va rann vanjans sou advèsè Mwen yo,
epi Mwen va rekonpanse sila ki rayi Mwen yo.
42 M ap fè flèch Mwen yo vin sou ak san,
e nepe Mwen va devore chè avèk san
a mò yo ak kaptif yo,
k ap sòti nan chèf a lènmi yo.’
 
43 Rejwi, O nasyon avèk pèp pa Li a,
paske II Wa 9:7L ap fè vanjans san a sèvitè Li yo.
Li va rann vanjans sou advèsè Li yo,
e fè ekspiyasyon pou peyi Li avèk pèp Li a.”
44 Alò, Moïse te vin pale tout pawòl a chan sila nan zòrèy a pèp la, li menm avèk Nonb 13:8-16Josué, fis a Nun nan. 45 Lè Moïse te fin pale tout pawòl sila yo a tout Israël, 46 li te di yo: “Pran a kè nou tout pawòl avèk sila mwen avèti nou jodi a, ke nou va kòmande Det 4:9fis nou yo pou swiv avèk atansyon, tout pawòl a lalwa sila yo. 47 Paske se pa yon bagay pa aza ke yo ye pou nou. Anverite, Det 8:3se lavi nou yo ye. Pa pawòl sila yo, nou va pwolonje vi nou nan tè ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.
48  Nonb 27:12SENYÈ a te pale avèk Moïse nan menm jou sa a. Li te di: 49 “Monte sou mòn sila nan Abarim nan, Mòn Nebo, ki nan peyi Moab, anfas Jéricho, e gade sou peyi a Canaan an ke Mwen ap bay a fis Israël yo kòm posesyon an. 50 Epi mouri sou mòn nan kote ou monte a pou vin Jen 25:8ranmase a zansèt ou yo, jan Aaron te fè sou Mòn Hor a, e te vin ranmase pa pèp li a; 51  Nonb 20:12akoz ou te peche kont Mwen nan mitan fis Israël yo nan dlo a Meriba-Kadès yo, nan dezè Tsin nan; akoz ou pa t trete Mwen tankou sen nan mitan fis Israël yo. 52  Det 34:1-3Donk, ou va wè peyi a yon distans, men ou p ap ale la, nan peyi ke Mwen ap bay fis Israël yo.”

32:1 Det 4:26

32:2 És 55:10-11

32:3 Det 3:24

32:4 Jen 18:25

32:4 Det 7:9

32:5 Mat 17:17

32:6 Sòm 116:12

32:6 Det 32:28

32:7 Egz 12:26

32:8 Trav 17:26

32:9 I Sam 10:1

32:10 Sòm 17:8

32:10 Sòm 18:10-18

32:11 Sòm 18:10-18

32:12 Det 32:39

32:13 És 58:14

32:14 Jen 49:11

32:15 Sòm 78:58

32:15 Det 32:4

32:16 Sòm 78:58

32:16 Sòm 106:29

32:17 Det 28:64; Jij 5:8

32:18 Sòm 106:21

32:19 Jr 44:21-23

32:20 Det 9:23

32:21 Wo 10:19

32:22 Lev 26:20

32:23 Det 29:21

32:23 Sòm 18:14

32:24 Det 28:22-48

32:25 Lam 1:20; II Kwo 36:17

32:26 Det 4:27

32:28 Det 32:6

32:29 Det 5:29

32:29 Det 31:29

32:30 Lev 26:7-8

32:32 Det 29:18

32:34 Job 14:17

32:36 Sòm 135:14

32:37 Jij 10:14

32:38 Jr 11:12

32:39 Det 32:12

32:40 És 20:5-6

32:41 És 34:6-8

32:41 Jr 50:28-32

32:43 II Wa 9:7

32:44 Nonb 13:8-16

32:46 Det 4:9

32:47 Det 8:3

32:48 Nonb 27:12

32:50 Jen 25:8

32:51 Nonb 20:12

32:52 Det 34:1-3