25
Alò, Abraham te pran yon lòt madanm, ki te rele Ketura. I Kwo 1:32-33Li te fè pou li Zimran, Jokschan, Madian, Jischbak, avèk Schuach. Jokschan te vin papa a Séba avèk Dedan. Epi fis Dedan yo te Aschurim, Letuschim, avèk Leummim. Epi fis a Madian yo te Épha, Epher, Hénoc, Abida, avèk Eldaa. Tout sa yo se te fis a Ketura yo. Jen 24:35-36 Alò Abraham te bay tout sa li te posede a Isaac; men a fis a fanm konkibin yo, li te bay yo kado pandan li te toujou ap viv la, e li te Jen 21:14voye yo lwen fis li a vè lès, nan peyi lès la.
Sa yo se tout ane lavi ke Abraham te viv, Jen 12:4 san-swasann-kenz ane. Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin Jen 25:17ranmase vè pèp li. Fis li yo, Isaac avèk Ismaël te antere li nan Jen 23:17-18 kav Macpéla a, nan chan Ephron an, fis Tsochar, Etyen an, anfas Mamré, 10  Jen 23:3-16chan ke Abraham te achte nan men fis a Heth yo. La, Abraham te antere avèk madanm li, Sarah. 11 Li te vin rive apre mò Abraham nan, ke Jen 26:3Bondye te beni fis li a, Isaac, epi Isaac te viv toupre Lachaï-roi.
12 Alò, sa yo se achiv a desandan a jenerasyon Jen 16:5Ismaël yo, fis Abraham nan, ke Agar, Ejipsyen an, sèvant a Sarah a, te fè ak Abraham; 13 epi sa yo se non I Kwo 1:29fis Ismaël yo, selon non yo, nan lòd nesans pa yo: Nebajoth, premye ne a Ismaël la, Kédar, Adbeel, Mibsam, 14 Mischma, Duma, Massa, 15 Hadad, Théma, Jethur, Naphisch avèk Kedma. 16 Sila yo se fis Ismaël yo e sa se non yo, pa vil, e pa anplasman yo; Jen 17:20douz prens yo selon tribi pa yo.
17 Sa yo se lane lavi Ismaël yo, Jen 16:16san-trant-sèt ane. Li te respire dènye souf li, e li te mouri, epi yo te ranmase li vè pèp li. 18 Yo te deplase soti nan I Sam 15:7Havila jis rive nan Schur ki nan kote lès Égypte lè yon moun ap pwoche Assyrie; li te rete la malgre sa te fè ènmi avèk tout paran li yo.
19 Alò, sa yo se achiv Mat 1:2 jenerasyon ki swiv Isaac yo, fis Abraham nan: Abraham te vin papa Isaac.
20 Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, Jen 22:23fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, Jen 24:29sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li. 21 Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin Wo 9:10 ansent.
22 Men pitit yo te an konfli anndan vant li. Li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Li te ale I Sam 9:9mande a SENYÈ a.
23 SENYÈ a te di li:
Jen 17:4-16 Gen de nasyon nan vant ou.
De pèp va vin separe sòti nan vant ou.
Yon pèp va pi pwisan ke lòt la.
Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”
24 Lè jou li yo pou akouche te rive, gade, te gen jimo nan vant li. 25 Premye a te vin parèt byen wouj. Jen 27:11 Li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li. Yo te nonmen li Ésaü. 26 Apre, frè li a te vin parèt avèk Os 12:13men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü. Akoz sa Jen 27:36yo te rele li Jacob. Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.
27 Lè gason sa yo te grandi, Ésaü te vin fò nan lachas, yon nonm ki fèt pou chan a. Men Jacob te yon nonm byen trankil, ki te Eb 11:9 viv nan tant. 28 Alò, Isaac te renmen Ésaü akoz ke li te gen yon Jen 27:19gou pou vyann bèt sovaj, men Rebecca te renmen Jacob.
29 Lè Jacob te fin kwit yon II Wa 4:38soup, Ésaü te vin antre pandan li t ap kite chan an, e li te grangou anpil. 30 Konsa, Ésaü te di Jacob: “Souple, ban m goute bagay wouj sa ki la a, paske mwen grangou anpil.” Se pou sa yo te rele non li Edom.
31 Men Jacob te di: “Premyeman vann mwen Det 21:16-17 dwa nesans ou an.”
32 Ésaü te di: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, e konsa pou ki bagay yon eritaj ap sèvi mwen?”
33 Jacob te di: “Premyeman, sèmante ban mwen.” Li te sèmante ba li. Li te Eb 12:16 vann dwa nesans li an bay Jacob.
34 Jacob te bay Ésaü pen avèk yon soup pwa. Li te manje e bwè, e li te leve al fè wout li.
Konsa Ésaü te vin rayi dwa nesans li an.

25:2 I Kwo 1:32-33

25:5 Jen 24:35-36

25:6 Jen 21:14

25:7 Jen 12:4

25:8 Jen 25:17

25:9 Jen 23:17-18

25:10 Jen 23:3-16

25:11 Jen 26:3

25:12 Jen 16:5

25:13 I Kwo 1:29

25:16 Jen 17:20

25:17 Jen 16:16

25:18 I Sam 15:7

25:19 Mat 1:2

25:20 Jen 22:23

25:20 Jen 24:29

25:21 Wo 9:10

25:22 I Sam 9:9

25:23 Jen 17:4-16

25:25 Jen 27:11

25:26 Os 12:13

25:26 Jen 27:36

25:27 Eb 11:9

25:28 Jen 27:19

25:29 II Wa 4:38

25:31 Det 21:16-17

25:33 Eb 12:16