22
1 Alò, li te vin pase apre bagay sa yo, ke ✡ Det 8:2-16 Bondye te fè Abraham pase yon eprèv, Li te di li: “Abraham!” Epi li te di: “Men mwen”.
2 Li te di: “Pran koulye a ✡ Jen 22:12fis ou a, sèl fis ou a, ke ou renmen an, Isaac, epi ale nan peyi ✡ II Kwo 3:1Morija. Ofri li la kòm yon ofrann ki brile, sou youn nan mòn yo ke Mwen va di ou yo.”
3 Epi Abraham te leve granmmaten, li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, avèk Isaac, fis li a; epi yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.
4 Nan twazyèm jou a, Abraham te leve zye li, e li te wè plas la nan yon distans. 5 Abraham te di a jèn sèvitè li yo: “Rete isit la avèk bourik la, e mwen menm avèk jènjan an va ale lòtbò a. Nou va adore, e retounen bò kote nou.”
6 Abraham te pran bwa dife pou ofrann brile a, li te ✡ Jn 19:17poze li sou Isaac, fis li a, e li te pran nan men l dife ak kouto a. Epi yo de a te mache avanse ansanm.
7 Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!”
Epi li te di: “Men mwen, fis mwen.”
Epi li te di: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote ✡ Egz 29:38-42jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”
8 Abraham te di: “Bondye va fè pwovizyon Li menm pou jèn mouton an, fis mwen.” Epi yo de a te mache avanse ansanm.
9 Alò yo rive nan ✡ Jen 22:2plas ke Bondye te di li a; epi Abraham te bati yon lotèl la, li te ranje bwa, li te mare fis li a, Isaac, e li te ✡ Eb 11:17-19poze li sou lotèl la anwo tout bwa yo. 10 Abraham te lonje men l, e li te pran kouto a pou touye fis li a.
11 Men ✡ Jen 16:7-11 zanj SENYÈ a te rele li depi nan syèl la e te di: “Abraham, Abraham!”
Epi li te di: “Men mwen isit la.”
12 Li te di: “Pa lonje men ou kont jènjan an, e pa fè l anyen; paske koulye a Mwen konnen ke ou krent Bondye, akoz ke ou pa t refize bay ✡ Jen 22:2-16 fis ou a, sèl fis ou de Mwen an.”
13 Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa; Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a. 14 Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré Bondye va fè pwovizyon, jan yo di jis jounen jodi a, “Nan mòn SENYÈ a, ✡ Jen 22:8li va fè pwovizyon.”
15 Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la, 16 e li te di: “✡ Sòm 105:9Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an, 17 anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va ✡ Jr 33:22 miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo; epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo. 18 ✡ Jen 12:3 Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te ✡ Jen 18:19obeyi vwa Mwen.”
19 ✡ Jen 22:5Epi Abraham te retounen vè jèn sèvitè yo te leve e yo te ale ansanm Beer-Schéba; epi Abraham te rete Beer-Schéba.
20 Epi li te vin rive apre bagay sa yo ke yo te pale ak Abraham e te di: “Gade byen, ✡ Jen 11:29Milca osi te fè pitit pou frè ou, Nahor: 21 Uts se premye ne li, epi Buz frè li, avèk Kemuel, papa Aram nan 22 epi Késed, Hazo, Pildasch, Jidlaph, ak Bethuel.” 23 Bethuel te vin papa ✡ Jen 24:15Rebecca. Uit Milcah sa yo te fè pitit pou Nahor, frè Abraham nan. 24 Konkibin li ki te rele Réuma, osi te fè Thébach, Gaham, Tahasch, ak Maaca.