3
1 ✡ I Wa 6:1Alò, Salomon te kòmanse bati lakay SENYÈ a Jérusalem sou Mòn Moriah, kote SENYÈ a te parèt a papa li a, David, nan plas ke David te prepare ✡ I Kwo 21:8sou glasi vannen ki te pou Ornan, Jebizyen an. 2 Li te kòmanse bati nan dezyèm jou, nan dezyèm mwa nan katriyèm ane règn pa li a. 3 Alò, sila yo se fondasyon ke ✡ I Wa 6:2Salomon te poze pou konstriksyon kay Bondye a. Longè a an koude, selon mezi ansyen an te swasant koude e lajè a te ven koude. 4 Galri ki te devan kay la te ✡ I Wa 6:3menm longè avèk lajè kay la, ven koude e wotè a san-ven; pa anndan li te kouvri kay la avèk yon kouch lò pi. 5 Li te kouvri ✡ I Wa 6:17gran chanm nan avèk bwa sipre, li te fè kouvri li ak lò fen e te dekore li avèk pye palmis avèk chenn. 6 Anplis, li te dekore kay la avèk pyè presye; epi lò a te sòti Parvaïm. 7 Anplis, ✡ I Wa 6:20-22 li te kouvri kay la avèk yon kouch lò—travès yo, chanbrann yo, mi li yo, avèk pòtay li yo; epi li te ✡ I Wa 6:29-35 grave cheriben yo sou mi yo.
8 Alò, li te fè ✡ Egz 26:33chanm ki pi sen pase tout lòt yo a: longè li ki te travèse lajè kay la, te ven koude e lajè li te ven koude; epi li te kouvri li avèk lò fen, ki te rive jis nan sis-san talan. 9 Pwa a klou yo te senkant sik an lò. Anplis, li te kouvri ✡ I Kwo 28:11chanm anlè yo avèk lò.
10 Epi li te fè de cheriben skilpte nan chanm ki sen pase tout lòt yo a e li te kouvri yo avèk lò. 11 Distans zèl ouvri pou de cheriben yo te ven koude; zèl a youn te fè senk koude pou touche mi kay la e lòt zèl la senk koude te touche pwent zèl a lòt cheriben an. 12 Zèl a lòt cheriben an, a senk koude, te touche mi a kay la; epi lòt zèl la senk koude te tache a zèl premye cheriben an. 13 Zèl a cheriben sila yo te lonje pou ven koude e yo te kanpe sou pye yo avèk fas yo vè gran chanm nan. 14 Li te fè vwal la avèk len vyolèt, mov, wouj e li te fè desen cheriben yo sou li.
15 Anplis, li te fè ✡ I Wa 7:15-20 de pilye pou devan kay la, trann-senk koude nan wotè e tèt anlè a sou chak te senk koude. 16 Li te fè chenn nan sanktyè enteryè a e li te plase yo sou tèt pilye yo; epi li te fè san grenad e te mete yo sou chenn yo. 17 ✡ I Wa 7:21Li te leve pilye yo pa devan tanp lan, youn adwat e lòt la agoch, li te rele sila adwat la Jakin e sila agoch la Boaz.