26
“Anplis de sa, ou va fè tabènak la avèk dis rido an twal len fen ki tòde avèk twal ble, mov, ak wouj, ak cheriben yo. Yo gen pou fèt pa yon mèt ouvriye ak gwo kapasite. Longè a chak rido va ventwit koude, e lajè chak rido va kat koude. Tout rido yo va gen menm mezi. Senk rido va vin jwenn youn ak lòt, e lòt senk rido yo va jwenn youn ak lòt.
“Ou va fè lasèt yo an ble sou kote rido ki plis deyò a nan premye asanblaj la, e osi ou va fè yo sou kote de tapi ki plis deyò nan dezyèm asanblaj la. Ou va fè senkant lasèt nan yon rido, e ou va fè senkant lasèt sou kote rido ki nan dezyèm asanblaj la. Lasèt yo va opoze anfas youn ak lòt. Ou va fè senkant kwòk an lò, e ou va jwenn rido yo youn avèk lòt avèk kwòk. Konsa, tabènak la kapab fè yon sèl.
“Alò Egz 36:14 ou va fè rido yo avèk pwal kabrit tankou yon tant sou tabènak la. Ou va fè onz rido antou. Longè chak rido va trant koude, e lajè a va kat koude. Onz rido yo va gen menm mezi. Ou va jwenn senk rido yo poukont yo, lòt sis rido yo poukont yo, e ou va vin double sizyèm rido a pa devan tant lan.
10 “Ou va fè senkant lasèt sou kote rido a ki plis pa deyò nan premye asanblaj la, e senkant lasèt sou kote rido a ki plis pa deyò nan dezyèm asanblaj la. 11 Ou va fè senkant kwòk an bwonz. Ou va mete kwòk yo nan lasèt yo e ou va jwenn tant lan ansanm pou li fè yon sèl.
12 “Mòso anplis ki debòde nan rido a tant lan, mwatye rido ki rete a, va kouche anwo lòt la pa dèyè tabènak la. 13 Yon koude sou yon kote e yon koude sou lòt kote a, sa ki rete nan longè rido a tant lan, li va debòde sou kote tabènak la sou yon bò, ni sou lòt la pou kouvri li.
14  Egz 36:19 “Ou va fè yon kouvèti pou tant lan avèk po belye ki fonse wouj, e yon kouvèti an po dofen pa anwo.
15 “Alò ou va fè Egz 36:20-34 planch pou tabènak la avèk bwa akasya ki kanpe tou dwat. 16 Dis koude va longè a chak planch e yon koude edmi, lajè a chak planch. 17 Va genyen de bout pou chak planch, ki jwenn youn ak lòt. Konsa ou va fè pou tout planch tabènak yo.
18 “Ou va fè planch yo pou tabènak la: ven planch pou kote sid la. 19 Ou va fè karant Egz 38:27 baz reseptikal an ajan anba ven planch yo, de baz reseptikal anba yon planch pou de bout li yo, e de baz reseptikal anba yon lòt planch pou de bout li yo. 20 Pou dezyèm kote nan tabènak la, sou fas nò a, ven planch, 21 epi karant baz reseptikal pa yo fèt an ajan; de baz reseptikal anba yon lòt planch. 22 Pou dèyè tabènak la, nan lwès la, ou va fè sis planch.
23 “Ou va fè de planch pou kwen a tabènak la pa dèyè. 24 Yo va double pa anba, e ansanm yo va vin konplete jis nan pwent anlè pou rive nan premye wondèl la. Se konsa li va ye avèk toude: yo va fòme de kwen yo. 25 Li va genyen uit planch avèk pwòp baz reseptikal pa yo fèt an ajan, sèz baz reseptikal yo; de baz reseptikal anba yon planch, e de baz reseptikal anba yon lòt planch.
26 “Epi ou va fè senk Egz 36:31 travès yo avèk bwa akasya, senk pou planch yo nan yon kote tabènak la, 27 epi senk travès pou planch yo nan lòt kote tabènak la, e senk travès pou planch yo pou kote a tabènak la pa fas dèyè vè lwès la. 28 Travès mitan jis nan mitan planch yo va pase nèt sòti nan yon pwent a lòt pwent lan. 29 Ou va kouvri planch yo avèk lò e fè wondèl yo avèk lò tankou soutyen pou travès yo. Epi ou va kouvri poto yo avèk lò.
30 “Ou va monte tabènak la Trav 7:44 selon plan ki te montre a ou sou mòn nan.
31 “Ou va fè yon Mat 27:51 vwal avèk materyo ble, ak mov avèk wouj; twal fen blan byen tòde. Li va fèt avèk yon cheriben, zèv a yon mèt ouvriye ki gen kapasite. 32 Ou va pandye li sou kat pilye akasya yo ki kouvri avèk lò, kwòk pa yo osi fèt avèk lò, sou kat baz reseptikal ki fèt an ajan yo. 33 Ou va pandye vwal la anba kwòk yo e ou va fè li antre nan lach temwayaj la nan plas sa a, pa anndan vwal la. Konsa, vwal la va sèvi pou nou kòm yon separasyon Eb 9:2 antre lye ki sen an ak lye ki sen pase tout la.
34  Egz 40:20 “Ou va mete chèz pwopyatwa a sou lach temwayaj la nan lye ki sen pase tout la. 35  Egz 40:22 Ou va mete tab la deyò vwal la, e chandelye a anfas tab la sou kote tabènak ki vè sid la. Epi ou va mete tab la nan fas nò a.
36 “Ou va fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, e wouj, ak twal fen blan byen tòde, zèv a yon mèt tiseran. Egz 36:37 37  Egz 36:38 Ou va fè senk pilye yo avèk akasya pou rido a, e ou va kouvri yo avèk lò. Kwòk pa yo osi va fèt avèk lò. Konsa, ou va fonde senk baz reseptikal an bwonz pou yo.”

26:7 Egz 36:14

26:14 Egz 36:19

26:15 Egz 36:20-34

26:19 Egz 38:27

26:26 Egz 36:31

26:30 Trav 7:44

26:31 Mat 27:51

26:33 Eb 9:2

26:34 Egz 40:20

26:35 Egz 40:22

26:36 Egz 36:37

26:37 Egz 36:38