38
Egz 27:1-8 Alò, li te fè lotèl ofrann brile a avèk bwa akasya, senk koude nan longè, senk koude nan lajè, kare, ak twa koude nan wotè. Li te fè kòn li sou kat kwen yo. Kòn li yo te yon sèl pyès avèk li, e li te kouvri li avèk bwonz. Li te fè tout bagay itil yo pou lotèl la, bokit yo avèk pèl yo, basen yo, kwòk vyann yo, ak plato pou resevwa sann yo. Li te fè tout bagay itil yo an bwonz.
Li te fè pou lotèl la yon sistèm griyaj an bwonz, anba rebò nan distans pou rive mwatye de wotè l. Li te fonde kat wondèl yo sou kat kote nan griyaj an bwonz yo kòm soutyen pou poto yo. Li te fè poto yo avèk bwa akasya, e li te kouvri yo avèk yon kouch an bwonz. Li te antre poto yo nan wondèl sou kote lotèl la. Se avèk yo li te pote l. Fòm li te vid, fòme avèk planch yo.
Egz 30:18 Anplis, li te fè basen lave a avèk bwonz avèk yon baz an bwonz, ki te sòti nan miwa fanm sèvant yo ki t ap sèvi nan pòtay tant reyinyon an.
Egz 27:9-19 Alò li te fè galeri a: pou kote sid la, afè pandye yo te fèt avèk twal fen blan byen tòde, san koude nan longè, 10 avèk ven pilye li yo, ak baz reseptikal fèt an bwonz yo, avèk ven kwòk pilye yo avèk bann seraj an ajan yo. 11 Pou kote nò a te gen san koude yo; ven pilye li yo avèk ven baz reseptikal an bwonz yo, epi kwòk pou pilye yo avèk bann seraj pa yo te an ajan.
12 Pou kote lwès la te gen afè pandye pou senkant koude yo avèk dis pilye pa yo e bann seraj yo te an ajan. 13 Pou kote lès la, senkant koude yo. 14 Afè pandye yo pou yon kote pòtay la te kenz koude, avèk twa pilye pa yo e twa baz reseptikal pa yo; 15 epi menm jan an pou lòt kote a. Sou toude kote pòtay yo te gen afè pandye de kenz koude, avèk twa pilye pa yo ak twa baz reseptikal pa yo.
16 Tout afè pandye nan galeri yo toutotou te avèk twal fen blan byen tòde. 17 Baz reseptikal pou pilye ki te an bwonz yo, kwòk pou pilye yo ak bann seraj an ajan yo; epi yon kouch lò ki te kouvri pwent tèt yo. Tout pilye galeri yo te founi avèk bann seraj an ajan yo.
18 Rido pòtay la te èv a tiseran an, avèk materyo ble, mov, wouj, ak twal fen blan byen tòde. Epi longè a se te ven koude e wotè a te senk koude, ki te koresponn ak afè pandye nan galeri yo. 19 Kat pilye pa yo avèk baz reseptikal pa yo a te an bwonz; kwòk pa yo a te an ajan. 20 Tout pikèt yo pou tabènak la avèk galeri a toutotou a te an bwonz.
21 Sa se kantite a bagay ki te pou tabènak yo, tabènak temwayaj la, jan yo te nimewote selon lòd a Moïse, pou sèvis Levit yo, ekri pa men a Ithamar, fis Aaron an, prèt la.
22 Alò, Egz 31:2 Betsaléel fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a, te fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo. 23 Avèk li te gen Egz 31:6 Oholiab, fis a Ahisamac la, nan tribi Dan nan, yon gravè, yon mèt ouvriye, yon tiseran an materyo ble, mov, wouj, ak osi an twal fen blan.
24 Epi tout lò ki te sèvi nan èv la, nan tout travay sanktyè a, menm lò pou ofrann balanse anlè a te ventnèf talan e sèt-san-trant sik selon Lev 27:25 sik sanktyè a.
25  Egz 30:11-16 Ajan a sa yo ki te nan kongregasyon an te gen kantite san talan e mil sèt san swasann kenz sik selon sik sanktyè a; 26 yon beka pa chak tèt (sa vle di, mwatye sik, selon sik sanktyè a), pou chak moun nan sa ki te gen nimewo yo, soti nan laj ventan, e plis pou sis-san-mil-senk-san-senkant mesye. 27 San talan ajan yo te pou fonde baz reseptikal sanktyè yo, ak baz reseptikal pou vwal yo; san baz reseptikal yo pou san talan, yon talan pa baz reseptikal. 28 Nan mil sèt san swasant kenz sik yo, li te fè kwòk pou pilye yo, li te kouvri tèt yo, e li te fè bann seraj pou yo.
29 Bwonz pou ofrann balanse anlè a te swasann-dis talan e de-mil-senk-san sik. 30 Avèk li, li te fè baz reseptikal yo pou pòtay tant reyinyon an, lotèl bwonz lan avèk griyaj an bwonz li, ak tout bagay itil pou lotèl yo, 31 epi baz reseptikal yo pou galeri a, tout pikèt a tabènak yo ak tout pikèt pou galeri yo toutotou.

38:1 Egz 27:1-8

38:8 Egz 30:18

38:9 Egz 27:9-19

38:22 Egz 31:2

38:23 Egz 31:6

38:24 Lev 27:25

38:25 Egz 30:11-16