31
1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 2 “Gade, Mwen te rele Betsaléel pa non li, ✡ I Kwo 2:20 fis Uri a, nan tribi Juda. 3 Mwen te ✡ I Wa 7:14 ranpli li avèk Lespri Bondye nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo, 4 Pou fè desen pou travay avèk lò, avèk ajan, e avèk bwonz, 5 Epi nan koupe pyè bijou pou monte ak nan fè desen sou bwa, pou li kapab fè tout kalite mendèv.
6 “Epi gade byen, Mwen menm te nonmen ansanm avèk li ✡ Egz 35:34 Oholiab, fis Ahisamach la, nan tribi Dan lan; epi osi nan kè tout moun ki ranpli avèk kapasite, Mwen te mete kapasite sa a, pou yo ta kapab fè tout sa ke M te kòmande ou yo: 7 “Pou ✡ Egz 36:8-38tant reyinyon an, lach temwayaj la, chèz pwopyatwa a sou li, ak tout mèb tant lan, ✡ Egz 37:10-16; Lev 24:4; Egz 37:1-5 chandelye an lò pi avèk tout bagay itil li yo, ak lotèl lansan an, 8 tab la osi avèk tout bagay itil li yo, 9 ✡ Egz 38:1-7 Lotèl ofrann ki brile yo, osi avèk tout bagay itil li yo, e basen lave a avèk baz li, 10 epi vètman ✡ Egz 39:1 tise yo tou, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman pou fis li yo, pou ranpli kapasite prèt la; 11 ✡ Egz 30:23-32 lwil onksyon an osi, ak lansan santi bon pou lye sen an, yo va fèt selon tout sa ke M te kòmande ou yo.”
12 SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 13 “Men pou ou menm, pale a fis Israël yo, e di: ✡ Egz 20:8 ‘Nou va vrèman obsève Saba Mwen yo; paske sa se yon sign antre Mwen ak nou pandan tout jenerasyon pa nou yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an.
14 “ ‘Pou sa, nou gen pou obsève Saba a, paske li sen pou nou. ✡ Egz 31:15 Tout sila ki vyole li yo va vrèman vin mete a lanmò; paske nenpòt moun ki fè okenn travay nan li, moun sa a va koupe retire de pèp li yo.
15 ✡ Det 5:12-14“ ‘Pandan sis jou nou kapab travay, men nan setyèm jou a, gen yon Saba repo konplè, ki sen a SENYÈ a; ✡ Egz 31:14nenpòt moun ki fè okenn travay nan jou sa a va vrèman vin mete a lanmò. 16 Alò, fis Israël yo va obsève Saba a, pou selebre Saba a pandan tout jenerasyon pa yo kòm yon akò ki p ap janm sispann. 17 Li se yon sign antre Mwen avèk fis Israël yo pou tout tan; ✡ Jen 1:31 paske nan sis jou SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, men nan setyèm jou a Li te sispann travay, e Li te vin rafrechi Li.’ ”
18 “Lè Li te fin pale avèk li sou Mòn Sinai a, Li te bay Moïse de ✡ Det 4:13 tablèt temwayaj la; tablèt yo te fèt an wòch, e yo te ekri pa dwèt SENYÈ a.”