24
1 Epi SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 2 Kòmande fis Israël yo pou yo pote bay ou ✡ Egz 27:20-21 lwil klè ki sòti nan oliv ki te bat yo, pou limyè pou fè lanp lan briye san rete. 3 Deyò vwal temwayaj tant asanble a, Aaron va kenbe li an lòd soti nan aswè rive jis nan maten devan SENYÈ a pou tout tan; sa va yon règleman pandan tout jenerasyon nou yo. 4 Li va kenbe lanp an lòd la sou ✡ Egz 25:31 chandelye an lò devan SENYÈ a pou tout tan.
5 ✡ Egz 25:30 Epi nou va pran farin fen an e fè douz gato avèk li; de dizyèm pati yon efa va sèvi nan chak gato. 6 Nou va mete yo nan de ranje, sis nan chak ranje, sou ✡ Egz 25:24 tab lò san tach ki devan SENYÈ a. 7 Nou va mete lansan san tach nan chak ranje pou li kapab yon ✡ Lev 2:2,9,16 pati komemoratif pou pen an, menm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. 8 Chak jou Saba, li va mete li an lòd devan SENYÈ a ✡ Egz 25:30 pou tout tan; se yon akò k ap dire pou tout tan pou fis Israël yo. 9 ✡ Mat 12:4 Li va pou Aaron avèk fis li yo e yo va manje li nan yon lye ki sen; paske li sen pase tout bagay pou li soti nan ofrann bay SENYÈ yo, ofrann pa dife, pati pa li pou tout tan.
10 Alò, fis a yon famn Izrayelit avèk yon papa Ejipsyen, te sòti pami fis Israël yo; epi fis a fanm Izrayelit la ak yon nonm peyi Israël te lite youn avèk lòt nan kan an. 11 Fis a fanm Izrayelit la te blasfeme ✡ Job 2:5-9 Non Bondye a e li te bay madichon. Pou sa, yo te mennen li vè Moïse. Alò manman li te rele Schelomith, fi a Dibri nan tribi Dan nan. 12 Yo te arete li pou lòd SENYÈ a ta kapab vin klè a yo menm.
13 Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: 14 “Mennen sila ki te bay madichon an deyò kan an, kite tout moun ki te tande li yo ✡ Det 13:9 vin poze men sou tèt li; epi kite tout asanble a lapide li avèk kout wòch. 15 Ou va pale avèk fis Israël yo e di: ✡ Egz 22:28 ‘Si yon moun modi Bondye li a, alò, li va pote peche li. 16 Anplis, sila ki ✡ Lev 24:21 blasfeme non a SENYÈ a va vrèman vin mete a lanmò; tout asanble a va vrèman lapide li. Etranje oswa natif, lè li blasfeme Non Bondye, li va vin mete a lanmò.
17 ✡ Nonb 35:30-31 “ ‘Si yon nonm pran lavi a yon Kretyen vivan, li va vrèman vin mete a lanmò. 18 ✡ Lev 24:21 Sila ki pran lavi a yon bèt va fè l bon, lavi pou lavi. 19 Si yon nonm blese vwazen li, menm sa ke li te fè a, va fèt a li menm: 20 zo kase pou zo kase, ✡ Mat 5:38 zye pou zye, dan pou dan; menm jan ke li te blese yon nonm nan, se konsa ke li va fèt sou li menm. 21 Konsa, sila ki touye yon bèt va fè li bon, men ✡ Lev 24:17 sila ki touye yon moun va vin mete a lanmò. 22 Va gen yon sèl règleman pou nou; li va pou etranje kòm pou moun peyi a, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’ ”
23 Epi Moïse te pale a fis Israël yo, yo te mennen sila ki te modi a deyò kan an, e yo te lapide li avèk kout wòch. Konsa fis Israël yo te fè, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.