5
Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L. Li te Mat 13:35louvri bouch Li e te kòmanse enstwi yo konsa:
“Beni se sila yo ki malere an espri;
paske wayòm syèl la se pou yo.
Beni se És 61:2sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt;
yo va konsole.
Beni se sila yo ki Sòm 37:11enb;
yo va resevwa tout latè kòm eritaj.
Beni se És 55:1-2sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati;
yo va satisfè.
Beni se Pwov 11:17sila yo ki bay mizerikòd;
yo va resevwa mizerikòd.
Beni se Sòm 24:4sila yo ki gen kè pwòp nèt;
yo va wè Bondye.
Beni se sila yo ki fè lapè; Mat 5:45
yo va rele yo fis Bondye.
10  Beni se sila yo ki te I Pi 3:14pèsekite pou ladwati;
wayòm syèl la se pou yo.
11  “Beni se nou menm lè moun I Pi 4:14ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen. 12  Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske II Kwo 36:16se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.
13  “Nou se sèl latè; men Mc 9:50si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
14  “Nou se Pwov 4:18limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15  Mc 4:21Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16  Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab I Pi 2:12wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
17  “Pa panse ke Mwen te vini pou Mc 7:12aboli Lalwa ak pwofèt yo. Mwen pa te vini pou aboli, men pou akonpli. 18  Paske vrèman Mwen di nou Mat 24:35jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve. 19  Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti Mat 11:11nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la. 20  Paske m ap di nou ke si ladwati nou pa depase sila a skrib avèk Farizyen yo, nou p ap janm antre nan wayòm syèl la. 21  Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: Mat 10:2‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’. 22  Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan Det 16:18tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.
23  “Pou sa, lè ou ap Mat 5:24prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou, 24  kite ofrann ou an la devan lotèl a e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.
25  “Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon. 26  Anverite Mwen di nou, Luc 12:59nou p ap soti la jiskaske nou peye dènye santim nan.”
27  “Nou konn tande ke yo te di: Egz 20:14‘Nou pa pou fè adiltè’; 28  men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm II Sam 11:25avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.
29  “Konsa, Mat 18:9si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30  Mat 18:8Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”
31  “Epi yo te konn di: Det 24:1,3‘Nenpòt moun ki voye madanm li ale; kite li bay li yon sètifika divòs pou voye l ale.’ 32  Mat 19:9Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki voye madanm li ale, sof pou enfidelite, fè l komèt adiltè, e nenpòt moun ki marye avèk yon fanm divòse fè adiltè.
33  “Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: Lev 19:12‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’. 34  Men Mwen di nou: Jc 5:12Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se Det 23:3-6; És 66:1twòn Bondye li ye; 35  ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Det 23:3-6; És 66:1Gran Vil a Gran Wa a. 36  Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa. 37  Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.
38  “Nou konn tande ke yo konn di: Egz 21:24‘Zye pou zye e dan pou dan’; 39  men Mwen di nou: Pa reziste a sila ki mechan an, men si I Kor 6:7nenpòt moun frape nou bò figi dwat nou, vire bay li lòt la tou. 40  Si nenpòt moun vle fè pwosè kont nou pou l pran chemiz nou, bay li palto a tou. 41  Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt. 42  Det 15:7-11Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.
43  “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44  Men Mwen di nou: Luc 6:27Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45  pou nou kapab Mat 5:9fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
46  “Paske Luc 6:32 si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47  Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
48  Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.” Lev 19:2; I Jn 3:12

5:2 Mat 13:35

5:4 És 61:2

5:5 Sòm 37:11

5:6 És 55:1-2

5:7 Pwov 11:17

5:8 Sòm 24:4

5:9 Mat 5:45

5:10 I Pi 3:14

5:11 I Pi 4:14

5:12 II Kwo 36:16

5:13 Mc 9:50

5:14 Pwov 4:18

5:15 Mc 4:21

5:16 I Pi 2:12

5:17 Mc 7:12

5:18 Mat 24:35

5:19 Mat 11:11

5:21 Mat 10:2

5:22 Det 16:18

5:23 Mat 5:24

5:26 Luc 12:59

5:27 Egz 20:14

5:28 II Sam 11:25

5:29 Mat 18:9

5:30 Mat 18:8

5:31 Det 24:1,3

5:32 Mat 19:9

5:33 Lev 19:12

5:34 Jc 5:12

5:34 Det 23:3-6; És 66:1

5:35 Det 23:3-6; És 66:1

5:38 Egz 21:24

5:39 I Kor 6:7

5:42 Det 15:7-11

5:44 Luc 6:27

5:45 Mat 5:9

5:46 Luc 6:32

5:48 Lev 19:2; I Jn 3:12