3
Gade Jn 3:16ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele Jn 1:12ti moun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke Wo 8:29lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va Jn 17:24wè Li menm jan ke Li ye a. Epi tout moun ki gen Wo 15:12espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Wo 4:15Peche a se transgresyon lalwa. Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab Jn 1:29retire peche yo, epi II Kor 5:21nan Li pa gen peche. Okenn moun ki rete nan Li I Jn 3:9pa peche, men okenn moun ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
Ti moun yo, pa kite pèsòn I Jn 2:26twonpe nou. I Jn 2:29Sila ki pratike ladwati a jis, menm jan ke Li jis la. Men sila ki pratike peche a se Jn 8:44dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
Nanpwen pèsòn ki Jn 1:13ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10 Konsa, konnen ke Jn 1:12pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo byen klè. Nenpòt moun ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen I Jn 2:9frè li a.
11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman an Jn 15:12ke nou dwe renmen youn lòt. 12 Pa kon Jen 4:8Caïn, ki te apatyen a I Jn 2:13mechan an, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa a frè l yo te jis.
13 Pa etone, frè yo, si Jn 15:18lemonn rayi nou.
14 Nou konnen ke nou Jn 5:24kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
15 Nenpòt moun ki Mat 5:21rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl la anndan li.
16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Jn 10:11Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men Jc 2:15nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi Det 15:7sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan II Jn 1verite.
19 Nou va rekonèt konsa ke nou I Jn 2:21nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: 20 si kè nou kondane nou, Bondye bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.
21 Byeneme yo, si kè nou pa kondane nou, nou gen I Jn 2:28konfyans devan Bondye. 22 Pou sa a, nenpòt sa ke nou mande, nou va resevwa l de Li, paske nou I Jn 2:3kenbe kòmandman Li yo, epi fè Jn 8:29bagay ki fè plezi devan zye Li yo.
23 Men sa se kòmandman Li, ke nou Jn 6:29kwè nan Jn 1:12non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen youn lòt, kon Li te kòmande nou an.
24 Sila a ki I Jn 2:3kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke I Jn 2:5Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.

3:1 Jn 3:16

3:1 Jn 1:12

3:2 Wo 8:29

3:2 Jn 17:24

3:3 Wo 15:12

3:4 Wo 4:15

3:5 Jn 1:29

3:5 II Kor 5:21

3:6 I Jn 3:9

3:7 I Jn 2:26

3:7 I Jn 2:29

3:8 Jn 8:44

3:9 Jn 1:13

3:10 Jn 1:12

3:10 I Jn 2:9

3:11 Jn 15:12

3:12 Jen 4:8

3:12 I Jn 2:13

3:13 Jn 15:18

3:14 Jn 5:24

3:15 Mat 5:21

3:16 Jn 10:11

3:17 Jc 2:15

3:17 Det 15:7

3:18 II Jn 1

3:19 I Jn 2:21

3:21 I Jn 2:28

3:22 I Jn 2:3

3:22 Jn 8:29

3:23 Jn 6:29

3:23 Jn 1:12

3:24 I Jn 2:3

3:24 I Jn 2:5