4
Byeneme yo, pa kwè tout Jr 29:8lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.
Konsa, nou rekonèt Lespri Bondye a: I Kor 12:3chak lespri ki I Jn 2:23konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye: Epi chak lespri ki I Jn 2:22pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou sila ke nou te tande ki t ap vini an, epi II Tes 2:3-7koulye a ki deja nan lemonn lan.
Ti moun yo, nou a Bondye, epi nou te I Jn 2:13venk lespri sa ki fo a, paske pi gran an se Li ki nan nou an, pase Jn 12:31li ki nan lemonn nan. Jn 15:19Yo sòti nan lemonn. Akoz sa yo pale tankou lemonn, epi lemonn koute yo.
Nou a Bondye: sila ki konnen Bondye a va koute nou. Sila ki pa a Bondye a p ap koute nou. Pa sa a nou konnen Lespri verite a ak Lespri a sa ki fo a.
Byeneme yo, kite nou I Jn 3:11renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Jn 4:7,16Bondye se lanmou.
Se konsa lanmou Bondye te vin parèt nan nou; ke Jn 3:16Bondye te voye sèl Fis inik Li an nan lemonn pou nou ta kapab viv nan Li.
10 Men lanmou an; Wo 5:8,10pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).
11 Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, I Jn 4:7nou osi dwe renmen youn ak lòt.
12 Jn 1:18Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lanmou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lanmou Li vin konplete nan nou.
13 Wo 8:9Se konsa nou konnen ke nou rete nan Li epi Li nan nou, paske Li te bay nou Lespri Li.
14 Konsa, nou gen tan wè epi fè temwen ke Papa a te Jn 3:17voye Fis la kòm Sovè lemonn an. 15 Nenpòt moun ki konfese ke Jésus se Fis Bondye a, Bondye rete nan li, epi li nan Bondye. 16 Epi Jn 6:69nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.
I Jn 4:7,8Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen I Jn 2:28konfyans nan Mat 10:15jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.
18 Pa gen lakrent nan lanmou; men Wo 8:15lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.
19 I Jn 4:10Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li I Jn 2:9,11rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Lev 19:18Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.

4:1 Jr 29:8

4:2 I Kor 12:3

4:2 I Jn 2:23

4:3 I Jn 2:22

4:3 II Tes 2:3-7

4:4 I Jn 2:13

4:4 Jn 12:31

4:5 Jn 15:19

4:7 I Jn 3:11

4:8 Jn 4:7,16

4:9 Jn 3:16

4:10 Wo 5:8,10

4:11 I Jn 4:7

4:12 Jn 1:18

4:13 Wo 8:9

4:14 Jn 3:17

4:16 Jn 6:69

4:16 I Jn 4:7,8

4:17 I Jn 2:28

4:17 Mat 10:15

4:18 Wo 8:15

4:19 I Jn 4:10

4:20 I Jn 2:9,11

4:21 Lev 19:18