8
Konsa nanpwen okenn Wo 8:34kondanasyon pou sila ki nan Wo 8:9Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. Paske Trav 13:39sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki Gal 5:16,25pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a. Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan Gal 5:19-21tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou Gal 5:22-25tout bagay Lespri yo. Gal 6:8Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. Konsa, panse ki konsantre sou lachè se Jc 4:4lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. Konsa, sila ki Wo 7:5nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.
Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a Jn 14:23rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L. 10 Jn 17:23Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye. 11 Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te Trav 2:24fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.
12 Konsa, frè m yo, nou pa anba obligasyon lachè a, pou viv selon lachè. 13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap Kol 3:5mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. 14 Paske, tout moun Gal 5:18ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou Eb 2:15pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou Wo 8:23te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.
16 Lespri a Li menm Trav 5:32temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap Trav 20:32eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.
18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a II Kwo 4:17pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi Wo 8:18revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te Jen 3:17-19sibi anba Sòm 39:5kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke Trav 3:21kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap Jr 12:4,11leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen Wo 8:16premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an. 24 Paske nou te sove nan espwa, men Wo 4:18espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja? 25 Men I Tes 1:3si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.
26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Jn 14:16Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Sòm 139:1Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè Wo 8:32tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te Wo 8:30rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te Wo 11:12konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te I Kwo 6:11jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te Jn 17:22glorifye yo.
31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Sòm 118:6Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki Jn 3:16pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se És 50:8Bondye menm ki fè moun jis. 34 Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki Wo 8:27ap entèsede pou nou tou.
35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se II Kwo 4:8tribilasyon, soufrans I Kwo 4:11pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:
Sòm 44:22“Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.
Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”
37 Men, nan tout bagay, nou plis ke Jn 16:33venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke I Kwo 3:22ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de Wo 5:8lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

8:1 Wo 8:34

8:1 Wo 8:9

8:3 Trav 13:39

8:4 Gal 5:16,25

8:5 Gal 5:19-21

8:5 Gal 5:22-25

8:6 Gal 6:8

8:7 Jc 4:4

8:8 Wo 7:5

8:9 Jn 14:23

8:10 Jn 17:23

8:11 Trav 2:24

8:13 Kol 3:5

8:14 Gal 5:18

8:15 Eb 2:15

8:15 Wo 8:23

8:16 Trav 5:32

8:17 Trav 20:32

8:18 II Kwo 4:17

8:19 Wo 8:18

8:20 Jen 3:17-19

8:20 Sòm 39:5

8:21 Trav 3:21

8:22 Jr 12:4,11

8:23 Wo 8:16

8:24 Wo 4:18

8:25 I Tes 1:3

8:26 Jn 14:16

8:27 Sòm 139:1

8:28 Wo 8:32

8:28 Wo 8:30

8:29 Wo 11:12

8:30 I Kwo 6:11

8:30 Jn 17:22

8:31 Sòm 118:6

8:32 Jn 3:16

8:33 És 50:8

8:34 Wo 8:27

8:35 II Kwo 4:8

8:35 I Kwo 4:11

8:36 Sòm 44:22

8:37 Jn 16:33

8:38 I Kwo 3:22

8:39 Wo 5:8