5
Jn 8:32,36Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.
Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa Trav 15:1sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis. Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou Wo 2:25kenbe tout Lalwa a. Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou Eb 12:15tonbe kite lagras. Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap Wo 8:23tann esperans ladwati a. Paske nan Kris Jésus I Kor 7:19ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
Nou t ap Gal 2:2kouri byen! Kilès ki te vin jennen nou pou nou pa obeyi verite a? Enfliyans sa a pa t sòti nan Wo 8:28Sila ki te fè apèl de nou an. I Kor 5:6Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve. 10 Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap Gal 1:7twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.
11 Men mwen, frè m yo, si mwen toujou preche sikonsizyon, poukisa mwen toujou Gal 6:12pèsekite? Alò, konsa blòk k ap fè moun bite a, ki se lakwa a, vin aboli. 12 Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta Det 23:1menm chatre pwòp kò yo.
13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. I Kor 8:9Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; Lev 19:18“Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15 Men si nou Gal 5:20mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.
16 Men mwen di nou Wo 8:4mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske Wo 8:5lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, Wo 7:15pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18 Men si nou Wo 8:14mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19 Alò, zèv lachè yo klè: I Kor 6:9,18Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi II Kor 12:20konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap I Kor 6:9eritye wayòm Syèl la.
22 Men Mat 7:16fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan Wo 6:6krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache Gal 5:16pa Lespri a. 26 Pa kite nou Fil 2:3vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.

5:1 Jn 8:32,36

5:2 Trav 15:1

5:3 Wo 2:25

5:4 Eb 12:15

5:5 Wo 8:23

5:6 I Kor 7:19

5:7 Gal 2:2

5:8 Wo 8:28

5:9 I Kor 5:6

5:10 Gal 1:7

5:11 Gal 6:12

5:12 Det 23:1

5:13 I Kor 8:9

5:14 Lev 19:18

5:15 Gal 5:20

5:16 Wo 8:4

5:17 Wo 8:5

5:17 Wo 7:15

5:18 Wo 8:14

5:19 I Kor 6:9,18

5:20 II Kor 12:20

5:21 I Kor 6:9

5:22 Mat 7:16

5:24 Wo 6:6

5:25 Gal 5:16

5:26 Fil 2:3