4
Men mwen di nou, toutotan ke eritye a se yon timoun, li pa distenge ditou de yon esklav, malgre ke li se mèt a tout bagay, men li anba gadyen ak sipèvizè yo jiska dat fikse pa papa a. Menm jan an nou menm tou, lè nou te timoun, nou te kenbe an Gal 2:4esklavaj anba prensip Kol 2:8,20de baz a mond lan. Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a Mat 1:25fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm Wo 8:14fis. Akoz ke nou se fis, Trav 16:7Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!” Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi Wo 8:17si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye.
Sepandan, nan I Kor 1:21lè sa a, lè nou pa t konnen Bondye, nou te esklav a sila ki pa lanati pa t dye yo menm. Men koulye a, akoz nou vin konnen Bondye, oubyen pito di I Kor 8:3vin konnen pa Li menm, kòman ke nou vire ankò a vye prensip de baz fèb yo, pou nou ta renmen vin esklav yo ankò? 10 Nou Wo 14:5obsève jou yo, mwa yo, sezon ak lane yo. 11 Mwen gen lakrent pou nou pou petèt mwen te travay ak nou anven.
12 Mwen priye nou Gal 6:18frè m yo, pou nou vin tankou mwen menm, paske mwen gen tan vin tankou nou. Nou pa t fè m okenn tò; 13 men nou konnen ke se te akoz yon maladi nan kò a ke m te preche levanjil la a nou menm nan premye fwa a. 14 Epi sa ki te yon traka pou nou nan kondisyon kò m nan, nou pa t ni meprize ni deteste nan mwen, men Mat 10:40nou te resevwa mwen kòm yon zanj Bondye, kòm Kris Jésus Li menm.
15 Alò, kote sans benediksyon sa a gen tan ale la a? Paske mwen pran nou kòm temwen ke si te posib, nou t ap rache pwòp zye nou pou nou te ban mwen. 16 Èske konsa mwen vin lènmi nou Am 5:10akoz ke m di nou Verite a? 17 Yo chèche ou avèk zèl, pa pou bon rezon, men paske yo lanvi divize nou pou ou menm kapab al jwenn ak yo. 18 Men se toujou bon si nou gen zèl pou sa ki bon, e Gal 4:13pa sèlman lè m la avè nou.
19 Pitit mwen yo, ak nou m ap fè doulè akouchman nou ankò, jiskaske Ef 4:13Kris fòme nan nou— 20 Men mwen ta swete prezan avèk nou koulye a pou chanje jan mwen refleshi sou nou, paske II Kor 4:8mwen vin pa konprann nou.
21 Di mwen, nou menm ki vle anba Lalwa a, èske nou pa Luc 16:29tande Lalwa a? 22 Paske li ekri ke Abraham te gen de fis Jen 16:15youn pa fanm ki te esklav la, e Jen 21:2youn pa fanm ki te lib la. 23 Men Wo 9:7fis pa fanm ki te esklav la te fèt selon lachè, e Jen 17:16fis a fanm ki te lib la te fèt selon pwomès la. 24 Sa se parabòl senbolik; de fanm sa yo se de akò. Youn te fèt nan Mòn Sinaï k ap pote pitit ki va Gal 4:3esklav yo; li menm se Agar. 25 Alò, Agar sa a se Mòn Sinaï an Arabie. Li koresponn a Jérusalem ki la jis koulye a, paske li nan esklavaj avèk pitit li yo. 26 Men Eb 12:22Jérusalem ki anwo a lib. Li se manman de nou tout. 27 Paske sa ekri:
És 54:1“Rejwi, fanm esteril ki pa fè pitit;
eklate ak kri lajwa, ou menm ki pa
nan doulè pou fè timoun nan:
paske pitit a sila ki aflije a plis an
kantite pase sila ki gen mari a.”
28 Epi nou menm, frè m yo, kòm Isaac, nou se Wo 9:7pitit a pwomès la. 29 Men menm jan nan tan sa a, sila ki te fèt selon lachè a te Jen 21:9pèsekite sila ki te fèt selon Lespri a, se menm jan an koulye a. 30 Men kisa Lekriti Sen an di?: Jen 21:12“Mete fanm esklav la deyò, avèk fis li a. Paske fis a fanm esklav la pa dwe yon eritye avèk fis a fanm lib la.” 31 Alò konsa, frè m yo, nou pa pitit a yon fanm esklav, men a yon fanm lib.

4:3 Gal 2:4

4:3 Kol 2:8,20

4:4 Mat 1:25

4:5 Wo 8:14

4:6 Trav 16:7

4:7 Wo 8:17

4:8 I Kor 1:21

4:9 I Kor 8:3

4:10 Wo 14:5

4:12 Gal 6:18

4:14 Mat 10:40

4:16 Am 5:10

4:18 Gal 4:13

4:19 Ef 4:13

4:20 II Kor 4:8

4:21 Luc 16:29

4:22 Jen 16:15

4:22 Jen 21:2

4:23 Wo 9:7

4:23 Jen 17:16

4:24 Gal 4:3

4:26 Eb 12:22

4:27 És 54:1

4:28 Wo 9:7

4:29 Jen 21:9

4:30 Jen 21:12