2
Paske mwen vle fè nou konnen jan Kol 1:29lit la gran pou nou menm ansanm ak sila ki Laodicée yo, e menm pou tout sila ki pa t, pèsonèlman, wè figi mwen yo; pou Ef 6:22kè pa yo kapab ankouraje, akoz ke yo vin trese ansanm nan lanmou an. Se konsa yo atenn tout richès ki sòti nan asirans konplè a bon konprann nan, ki pwodwi kòm rezilta, vrè konesans mistè Bondye a, ki se Kris la, Li menm. Nan Li menm kache És 11:2tout trezò sajès ak konesans yo. Mwen di sa pou pèsòn pa twonpe nou avèk Wo 16:18diskou ki kab sedwi moun. Paske menm si mwen I Kor 5:3absan nan kò a, malgre sa mwen avèk nou nan Lespri a, epi m ap rejwi pou wè bon disiplin ak stabilite lafwa nou nan Kris la.
Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou Kol 1:10mache nan Li. Menm jan ke nou te byen Ef 3:17anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plenn avèk remèsiman an.
Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè Ef 5:6filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris. Paske nan Li menm II Kor 5:19tout aspè konplè a Bondye a egziste nan fòm a yon kò fizik. 10 Epi nan Li menm nou vin Ef 3:19konplè nèt, paske se Li menm ki chèf an tèt sou tout I Kor 15:24wayòm ak otorite yo. 11 Konsa, nan Li menm Wo 2:29nou te sikonsi avèk yon sikonsizyon ki fèt san men, ki retire kò lachè a pa sikonsizyon a Kris la. 12 Nou te Wo 6:4antere avèk Li nan batèm nan. Nan li menm, nou te anplis Ef 2:6resisite avèk Li pa lafwa kon yon zèv Bondye, ki te leve Li sòti nan lanmò a. 13 Lè nou te Ef 2:1mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. 14 Konsa Li te anile Ef 2:15sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a. 15 Lè Li te fin Ef 4:8dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.
16 Konsa, pa kite pèsòn Wo 14:3aji kòm jij nou konsènan Mc 7:19manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba. 17 Bagay sila yo se Eb 8:5lonbraj a sila ki dwe vini an; men vrè sibstans lan apatyen a Kris. 18 Pa kite pèsòn kontinye I Kor 9:24prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li, 19 ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm Ef 1:23tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.
20  Wo 6:2Si nou te mouri avèk Kris a prensip de baz mond yo, poukisa, kòmsi nou t ap viv nan mond lan, nou soumèt nou a kalite dekrè konsa, kòm 21 “Pa manyen, pa goute, pa touche!” 22 (Ki tout fè referans a I Kor 6:13bagay ki fèt pou peri pandan y ap sèvi yo)—an akò avèk És 29:13kòmandman ak enstriksyon a lòm yo? 23 Bagay sa yo ki gen, asireman, aparans a sajès nan Kol 2:18kwayans relijye ki fèt pou kont li, avèk imilyasyon de li menm, ak move tretman kò a, men ki pa gen okenn valè kont plezi lachè a.

2:1 Kol 1:29

2:2 Ef 6:22

2:3 És 11:2

2:4 Wo 16:18

2:5 I Kor 5:3

2:6 Kol 1:10

2:7 Ef 3:17

2:8 Ef 5:6

2:9 II Kor 5:19

2:10 Ef 3:19

2:10 I Kor 15:24

2:11 Wo 2:29

2:12 Wo 6:4

2:12 Ef 2:6

2:13 Ef 2:1

2:14 Ef 2:15

2:15 Ef 4:8

2:16 Wo 14:3

2:16 Mc 7:19

2:17 Eb 8:5

2:18 I Kor 9:24

2:19 Ef 1:23

2:20 Wo 6:2

2:22 I Kor 6:13

2:22 És 29:13

2:23 Kol 2:18