3
 1 Pou rezon sa a, mwen, Paul ✡Trav 23:18prizonye a Kris Jésus a, pou koz a nou, pèp etranje yo,   2 si vrèman nou te tande de ✡Ef 1:10jerans a gras Bondye ke mwen te resevwa pou livre bay nou an,   3 ke ✡Gal 1:12pa revelasyon mwen te vin konnen mistè a, sou ki mwen te deja ekri kèk mo a.   4 Pa referans a sa, lè nou li, nou kapab konprann konesans mwen nan ✡Wo 11:25mistè a Kris la,   5 ki, nan lòt jenerasyon yo pa t konnen pa fis a lòm yo, men koulye a li revele a ✡I Kor 12:28sen apot Li yo ak pwofèt yo nan Lespri a.   6 Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan kò a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la.✡Gal 3:29   7 ✡I Kor 1:23,25Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a.   8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout ✡Wo 2:4richès ensondab a Kris yo.   9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a ✡Wo 16:25mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo.   10 Pou tout sajès a Bondye a ta kapab ✡I Pi 1:12vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout ✡Ef 6:12pouvwa ak otorite nan lye selès yo.   11 ✡Ef 1:11Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an.   12 Nan ✡Ef 2:18Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans.   13 Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pase✡Ef 3:1pou nou yo, paske yo se glwa nou.   
 14 Pou rezon sila a, mwen ✡Fil 2:10koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris.   15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo,   16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan.   17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou,   18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo ✡Job 11:8sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a,   19 epi pou nou konnen ✡Wo 8:35,39lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.   
 20 Koulye a, a Li menm ki ✡II Kor 9:8kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an,   21 ✡Wo 11:36a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.