2
Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen II Kor 13:14amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, Jn 3:29fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb Wo 12:10gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo.
Mat 11:29Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye Jn 5:18pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, men te II Kor 8:9vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te Eb 2:17vin fèt nan imaj a lòm. Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin Mat 26:39obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. Akòz tout sa, Bondye te Mat 28:18egzalte Li byen wo, e te bay Li Ef 1:21non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a És 45:23tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Jn 13:13Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.
12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen Eb 5:9fè travay sali nou an avèk II Kor 7:15lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Wo 12:3Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
14 Fè tout bagay san I Kor 10:10plenyen ni diskite. 15 Konsa nou va Luc 1:6san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon Det 32:5jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t Gal 2:2kouri anven, ni És 49:4travay anven. 17 Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon II Tim 4:6bwason k ap ofri kòm Nonb 28:6,7sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.
18 Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.
19 Men mwen espere nan Senyè a Jésus pou Fil 2:23voye Timothée kote nou byen vit, pou m kapab ankouraje tou lè m aprann de kijan nou ye. 20 Paske m pa gen okenn lòt moun ak I Kor 16:10yon kè parèy a li menm, ki va vrèman konsène pou byen nou. 21 Paske yo tout I Kor 10:24chache pwòp enterè pa yo, e pa sila a Kris Jésus a. 22 Men nou konnen Wo 5:4prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li. 23  Fil 2:19Konsa, mwen espere voye li kote nou imedyatman, depi mwen wè kijan tout bagay ale avèk mwen. 24 Men Fil 1:25mwen gen konfyans mwen nan Senyè a ke mwen menm osi va vini toutalè.
25 Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, Wo 16:3,9,21ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen. 26 Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad. 27 Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès. 28 Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm. 29 Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e I Kor 16:18kenbe an wo estim moun tankou li, 30 paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou I Kor 16:17konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.

2:1 II Kor 13:14

2:2 Jn 3:29

2:3 Wo 12:10

2:5 Mat 11:29

2:6 Jn 5:18

2:7 II Kor 8:9

2:7 Eb 2:17

2:8 Mat 26:39

2:9 Mat 28:18

2:9 Ef 1:21

2:10 És 45:23

2:11 Jn 13:13

2:12 Eb 5:9

2:12 II Kor 7:15

2:13 Wo 12:3

2:14 I Kor 10:10

2:15 Luc 1:6

2:15 Det 32:5

2:16 Gal 2:2

2:16 És 49:4

2:17 II Tim 4:6

2:17 Nonb 28:6,7

2:19 Fil 2:23

2:20 I Kor 16:10

2:21 I Kor 10:24

2:22 Wo 5:4

2:23 Fil 2:19

2:24 Fil 1:25

2:25 Wo 16:3,9,21

2:29 I Kor 16:18

2:30 I Kor 16:17