13
Alò, avan Jn 11:55Fèt Pak Jwif la, Jésus te byen okouran ke lè Li te rive epi ke Li t ap kite mond sa a pou ale Jn 13:3kote Papa a. Konsa Li te renmen moun pa Li yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo jiska lafen.
Pandan yo t ap soupe, Jn 6:70dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.
Jésus, Jn 3:35byen konnen ke Papa a te mete tout bagay nan men Li, e ke Jn 8:42Li te sòti nan Bondye, e t ap retounen a Bondye, te leve nan soupe a. Li te retire gwo vètman Li. Li te pran yon twal e te vlope l nan kò Li. Li te vide dlo nan basen an e te kòmanse Jen 18:4lave pye a disip Li yo, e siye yo avèk twal ki te vlope L la.
E konsa, lè L rive nan Simon Pierre, li te di Li: “Senyè, w ap lave pye mwen?”
Jésus te reponn e te di Li: “Sa ke M ap fè la a koulye a, ou p ap konprann, men Jn 13:12pita, ou va konprann.”
Pierre te di Li: “Ou p ap janm lave pye mwen!” Jésus te reponn li: Sòm 51:2,7“Si Mwen pa lave ou, ou p ap gen pati nan Mwen.”
Simon Pierre te di Li: “Senyè, pa sèlman pye mwen, men anplis men mwen ak tèt mwen.”
10 Jésus te di li: “Sila a ki gen tan benyen sèlman bezwen lave pye li. Men tout rès li pwòp. Jn 15:3Nou menm nou pwòp, men pa tout pami nou.” 11 Paske Jn 6:64Li te konnen kilès ki t ap trayi Li, e pou rezon sa a Li te di: “Se pa tout nan nou ki pwòp.”
12 Konsa, lè Li te lave pye yo, e te Jn 13:4reprann vètman Li yo, Li te apiye sou tab la ankò, e te di yo: “Èske nou konnen kisa Mwen gen tan fè nou la a? 13  Nou rele M ‘Mèt’, epi Jn 11:2‘Senyè’, e nou gen rezon, paske se sa Mwen ye. 14  Pou sa, si Mwen, Jn 11:2Senyè a ak Mèt la lave pye nou, nou osi dwe lave pye youn a lòt. 15  Paske Mwen te bay nou I Pi 5:3yon egzanp ke nou menm osi dwe fè tankou Mwen te fè pou nou.
16  “Anverite, anverite, Mwen di nou, yon Mat 10:24esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la. 17  Si nou konnen bagay sa yo, nou Mat 7:24beni si nou fè yo.
18  “Se pa a nou tout ke M pale. Mwen konnen sila ke M te chwazi yo. Men se pou Lekriti sen yo kapab akonpli. Sòm 41:9 ‘Sila ki manje pen Mwen an te leve talón li kont Mwen.’
19  “Depi koulye a, Jn 14:29M ap di nou avan li rive, pou lè li rive, nou kapab kwè ke Jn 8:24Mwen menm se Li.
20  “Anverite, anverite, Mwen di nou, Mat 10:40sila a ki resevwa nenpòt moun ke M voye, resevwa M. E sila ki resevwa Mwen, resevwa Li menm ki te voye Mwen an.”
21 Lè Jésus te fin di sa, Li te Jn 11:33vin twouble nan lespri L, e te fè temwayaj e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou ke youn nan nou ap trayi M.”
22 Disip yo te kòmanse gade youn a lòt, Mat 26:21san okenn lide sou kilès nan yo Li t ap pale a.
23 Te gen youn ki t ap apiye sou Jésus, sila ke Li te renmen anpil la. Jn 19:26 24 Konsa, Simon Pierre te fè l siyal, e te di li: “Di nou kilès nan nou ke L ap pale a.” 25 Sila ki t ap Jn 21:20apiye sou pwatrin Jésus e te di Li: “Senyè, kilès li ye?”
26 Pou sa, Jésus te reponn: “Sila a ke M ap bay mòso pen ke M pral tranpe bay li a.” Lè L tranpe mòso a Li te pran li bay Judas, Jn 6:71fis a Simon Iscariot.
27 Epi apre mòso a, Satan Luc 22:3te antre nan li. Konsa, Jésus te di l: “Sa w ap fè a, fè vit.”
28 Pèsòn pami sa yo sou tab la pa t konnen pou ki rezon Li te di l sa. 29 Kèk te sipoze ke se te akoz Judas Jn 12:6te gen bwat kès la, epi ke Jésus t ap di l: “Ale achte bagay nou bezwen pou fèt la,” oubyen petèt ke li ta dwe bay kèk choz a malere yo.
30 Apre li te resevwa mòso a, li te sòti nan menm moman an. E Luc 22:53li te lannwit.
31 Konsa, lè l gen tan ale, Jésus te di: “Koulye a Fis a Lòm nan gen tan resevwa glwa, epi Jn 14:13Bondye resevwa glwa nan Li. 32  Si Bondye resevwa glwa nan Li, Jn 17:1Bondye osi ap resevwa glwa Li, nan Li menm, epi va resevwa glwa Li koulye a menm.”
33  “Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou Jn 7:33yon ti tan anplis. Jn 7:34Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini.
34  “Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Lev 19:18Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35  I Jn 3:14Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lamou youn pou lòt.”
36 Simon Pierre te di Li: “Senyè, kibò W ap prale?” Jésus te reponn li: Jn 13:33“Kote M ap prale a, ou p ap kapab ale koulye a, men pita, ou va swiv Mwen.”
37 Pierre te di Li: “Senyè, poukisa mwen pa kapab swiv Ou koulye a? Mat 26:33-35Mwen va bay vi m pou Ou.”
38 Jésus te di: “Èske ou va bay vi ou pou Mwen? Anverite, anverite, Mwen di ou, Mc 14:30avan kòk la gen tan chante, ou va rejte Mwen twa fwa.”

13:1 Jn 11:55

13:1 Jn 13:3

13:2 Jn 6:70

13:3 Jn 3:35

13:3 Jn 8:42

13:5 Jen 18:4

13:7 Jn 13:12

13:8 Sòm 51:2,7

13:10 Jn 15:3

13:11 Jn 6:64

13:12 Jn 13:4

13:13 Jn 11:2

13:14 Jn 11:2

13:15 I Pi 5:3

13:16 Mat 10:24

13:17 Mat 7:24

13:18 Sòm 41:9

13:19 Jn 14:29

13:19 Jn 8:24

13:20 Mat 10:40

13:21 Jn 11:33

13:22 Mat 26:21

13:23 Jn 19:26

13:25 Jn 21:20

13:26 Jn 6:71

13:27 Luc 22:3

13:29 Jn 12:6

13:30 Luc 22:53

13:31 Jn 14:13

13:32 Jn 17:1

13:33 Jn 7:33

13:33 Jn 7:34

13:34 Lev 19:18

13:35 I Jn 3:14

13:36 Jn 13:33

13:37 Mat 26:33-35

13:38 Mc 14:30