10
Jésus te rele douz disip li yo. Li te bay yo pouvwa sou move lespri yo, pou chase yo deyò, e pou geri tout kalite enfimite avèk maladi. Mc 3:13-15 Mc 3:16-19Alò, non a douz apot yo te konsa: Premye a, Simon, ke yo rele Pierre, André, frè li, Jacques, fis a Zébédée, Jean, frè li, Jn 1:4; Jn 11:16Philippe ak Barthélèmy; Thomas ak Matthieu ki te kolektè kontribisyon an, Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée; Simon, Zelòt la ak Mat 26:14Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.
Douz sila yo Jésus te voye lè Li te fin enstwi yo konsa: “Pa antre nan chemen payen yo, ni pa antre nan okenn vil ki pou II Wa 17:24Samariten yo, Men pito ale vè Mat 15:24mouton ki pèdi lakay Israël yo. Pandan n ap prale, preche epi di: Mat 3:2‘Wayòm syèl la prèt pou rive.’ Geri malad yo, leve mò yo, pirifye lepre yo, chase move lespri yo. Nou te resevwa gratis, nou mèt bay gratis. Luc 22:35Nou pa pou pran ni lò, ni lajan ni kwiv pou mete nan bous senti nou, 10  Ni yon sak pou vwayaj nou, pa menm de chemiz, ni sapat, ni baton; paske yon I Kor 9:14ouvriye merite soutyen li.
11  “Nan nenpòt vil oubyen bouk ke nou antre, mande kilès ki gen merit nan li, epi ak li pou nou rete jis lè nou kite vil sa a. 12  Pandan n ap antre nan kay la, I Sam 25:6bay li salitasyon nou. 13  Epi si kay la gen merit, ke benediksyon lapè nou rete sou li, men si li pa gen merit, ke benediksyon lapè nou retounen sou nou. 14  Nenpòt moun ki pa resevwa nou, ni pa okipe pawòl nou, lè nou kite kay sa a, oubyen vil sa a, Trav 15:21souke pye nou pou pousyè li pa rete. 15  Anverite Mwen di nou, Mat 11:22,24l ap pi tolerab pou peyi Sodome ak Gomorrhe nan jou jijman an pase vil sa a.”
16  Luc 10:3Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.
17  Men veye lèzòm, y ap livre nou devan Mat 5:22tribinal yo, e y ap bat nou ak fwèt nan sinagòg yo. 18  Konsa, y ap menm fè nou vini devan ofisye ak wa yo pou non Mwen, kon yon temwayaj de yo menm ak lòt nasyon yo. 19  Mc 13:11-13Men lè yo livre nou nan men yo, pa enkyete pou sa n ap di; paske nou va resevwa nan lè sa, sa nou gen pou nou pale. 20  Paske Luc 12:12se pa nou menm k ap pale, men se Lespri Papa nou an k ap pale nan nou.
21  Mat 10:35,36Frè va livre frè l a lanmò, e papa va livre Pitit li. Zanfan yo ap leve kont paran yo e fè mete yo a lanmò. 22  Mat 24:9Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.
23  Men nenpòt lè ke yo pèsekite nou nan yon vil, sove ale nan yon lòt. Paske anverite Mwen di nou, nou p ap gen tan fin pase nan tout vil Israël yo, Mat 16:27pou lè Fis a Lòm nan vini.
24  Luc 6:40Yon disip pa pi wo pase enstriktè li, ni yon esklav pase mèt li. 25  Se kont pou yon disip pou li vini menm jan avèk enstriktè li, e yon esklav menm jan ak mèt li. Si yo rele mèt kay la II Wa 1:2Béelzébul, konbyen anplis pou yo kalomye manm kay li yo! 26  Pou sa, pa pè yo; Mc 4:22paske pa gen anyen ki kouvri ki p ap dekouvri, e kache ki p ap revele. 27  Luc 12:3Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la. 28  Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito Eb 10:31pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.
29  Luc 12:6Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30  Men I Sam 14:45 menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31  Konsa, nou pa bezwen pè. Nou Mat 12:12gen bokou plis valè pase anpil zwazo. 32  Pou sa, tout moun ki konfese M devan lòm, Mwen menm osi, M ap konfese l devan Papa m ki nan syèl la. 33  Men Mc 8:38nenpòt moun ki renye m devan lòm, M ap renye l devan papa M ki nan syèl la.
34  Luc 12:51-55Pa sipoze ke Mwen vini pou pote lapè sou latè. Mwen pa t vini pou pote lapè, men nepe. 35  Mwen te vini pou Mi 7:6mete yon nonm kont papa li, yon fi kont manman li, e yon bèlfi kont bèlmè Li. 36  Epi Mi 7:6lènmi a yon nonm ap manm a pwòp kay li. 37  Det 33:9Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen. 38  Epi Mat 16:24sila ki pa pran kwa li pou swiv Mwen, li pa merite Mwen. 39  Mat 16:25Sila k ap konsève lavi li, li va pèdi li; men sila ki pèdi vi li pou Mwen, l ap twouve li.
40  Sila ki resevwa nou menm, resevwa M; e Mc 9:37si la ki resevwa Mwen, resevwa Sila ki te voye Mwen an. 41  Mat 25:44-45Sila ki resevwa yon pwofèt nan non a yon pwofèt ap resevwa rekonpans a yon pwofèt. Epi li ki resevwa yon nonm ladwati nan non a yon nonm ladwati, va resevwa rekonpans la a yon nonm dwat. 42  Nenpòt moun ki nan non a yon disip, bay youn nan pitit sa yo menm yon tas dlo frèt pou bwe; anverite, Mwen di nou li pa p pèdi rekonpans li.

10:1 Mc 3:13-15

10:2 Mc 3:16-19

10:3 Jn 1:4; Jn 11:16

10:4 Mat 26:14

10:5 II Wa 17:24

10:6 Mat 15:24

10:7 Mat 3:2

10:9 Luc 22:35

10:10 I Kor 9:14

10:12 I Sam 25:6

10:14 Trav 15:21

10:15 Mat 11:22,24

10:16 Luc 10:3

10:17 Mat 5:22

10:19 Mc 13:11-13

10:20 Luc 12:12

10:21 Mat 10:35,36

10:22 Mat 24:9

10:23 Mat 16:27

10:24 Luc 6:40

10:25 II Wa 1:2

10:26 Mc 4:22

10:27 Luc 12:3

10:28 Eb 10:31

10:29 Luc 12:6

10:30 I Sam 14:45

10:31 Mat 12:12

10:33 Mc 8:38

10:34 Luc 12:51-55

10:35 Mi 7:6

10:36 Mi 7:6

10:37 Det 33:9

10:38 Mat 16:24

10:39 Mat 16:25

10:40 Mc 9:37

10:41 Mat 25:44-45