25
I Sam 28:3Samuel te mouri. Konsa, tout Israël te rasanble ansanm pou te kriye pou li, e yo te II Wa 21:18antere li kote kay li nan Rama.
Konsa, David te leve desann nan dezè Paran an. Te gen yon mesye nan Maon ki te fè komès li nan Jos 15:55Carmel. Mesye a te byen rich e li te gen twa-mil mouton avèk twa-mil kabrit. Li t ap taye lenn mouton li nan Carmel. Alò, non mesye a te Nabal e madanm li te rele Pwov 31:10Abigaïl. Fanm nan te entèlijan e bèl pou wè, men mesye a te di e mechan nan tout afè li yo. Se te yon moun nan ras Caleb. David te tande soti nan dezè a ke Nabal t ap taye lenn mouton li yo. Alò, David te voye dis jennonm kote l. David te di a jennonm sa yo: “Monte Carmel pou vizite Nabal e salye li nan non mwen. Epi konsa ou va pale: ‘Ke lavi ou kapab byen long, Sòm 122:7lapè avèk ou, lapè avèk lakay ou e lapè sou tout sa ou genyen. Alò, mwen te tande II Sam 13:23-24 ke ou genyen tay lenn mouton. Alò, bèje ou yo te avèk moun nou yo. Nou pa t ensilte yo, ni yo pa t manke anyen nan tout jou ke yo te pase Carmel yo. Mande jennonm pa ou yo e yo va pale ou. Pou sa, kite jennonm pa m yo jwenn favè nan zye ou. Paske nou vin parèt nan yon jou ke Né 8:10-12tout moun ap fete. Pou sa, silvouplè, bay nenpòt sa ke nou twouve nan men a sèvitè ou yo, e a fis ou, David.’ ”
Lè jennonm a David yo te parèt, yo te pale ak Nabal selon tout pawòl sa yo nan non David; epi yo te tann.
10 Men Nabal te reponn sèvitè David yo e te di: Jij 9:28“Se kilès ki David la? Epi se kilès ki fis a Jesse a? Gen anpil sèvitè nan tan sa yo k ap chape kite mèt yo. 11 Alò, se pou sa ke m ta dwe Jij 8:6-15pran pen mwen avèk dlo mwen ak vyann ke m te fin kòche pou ouvriye pa m yo e bay li a mesye ke m pa menm konnen kote yo sòti yo?”
12 Alò, jennonm a David yo te retounen fè wout yo. Konsa, yo te rive pale David selon tout pawòl sa yo.
13 David te di a mesye pa li yo: “Nou chak mete nepe nou nan senti nou.”
Konsa, tout moun te mete nepe yo nan senti yo. David osi te mete nepe li nan senti li e anviwon I Sam 23:13kat-sant òm te monte dèyè David pandan de-san te rete avèk pwovizyon yo.
14 Men youn nan jennonm yo te pale ak Abigaïl, madanm Nabal la. Li te di: “Gade byen, David te voye mesaje yo soti nan dezè a pou I Sam 13:10salye mèt nou an e li te betize avèk yo. 15 Malgre sa, mesye yo te trete nou byen e nou pa t I Sam 25:7-21ensilte, ni nou pa t manke anyen tout tan ke nou te avèk yo a, pandan nou te nan chan yo. 16  Egz 14:22Yo te yon mi pwotèj pou nou ni lannwit ni lajounen, toutotan ke nou te avèk yo pou gade mouton yo. 17 Alò, pou sa, kalkile byen kisa ou ta dwe fè. Paske se yon konplo mal k ap fèt kont mèt nou an ak kont tout lakay li, e li tèlman se yon sanzave ke pèsòn pa kab pale avè l.”
18 Alò, Abigaïl te kouri II Sam 16:1pran de-san mòso pen ak de veso diven, avèk senk mouton deja prepare, senk mezi sereyal boukannen avèk san grap rezen, de-san gato fig etranje e te chaje yo sou bourik yo. 19 Li te pale a jennonm pa li yo: Jen 32:16-20“Ale devan m! Gade byen, m ap swiv nou.” Men li pa t pale mari li, Nabal. 20 Li te vin rive ke pandan li te toujou ap monte sou bourik li a e t ap desann nan pati mòn ki kache a, gade byen, David avèk mesye pa li yo t ap desann vin jwenn li. Konsa, li te rankontre yo.
21 Alò, David te di: “Anverite, se an ven ke m t ap veye tout afè ke mesye sa a te genyen nan dezè a, pou l pa manke anyen nan sa ki te pou li yo! Konsa, li te Sòm 109:5remèt mwen mal pou byen! 22  I Sam 3:17Ke Bondye fè sa a lènmi a David yo e menm plis si avan maten rive, si m kite menm yon mal pami tout sa ki pou li yo!”
23 Lè Abigaïl te wè David, li te kouri desann bourik li, li te tonbe atè devan David I Sam 20:41e te koube li menm jis atè. 24 Li te tonbe nan pye li e te di: “Sou mwen sèl, mèt mwen, ke tò sa a vin tonbe. Epi souple, kite sèvant ou an pale avèk ou e koute pawòl a sèvant ou an. 25 Souple, pa kite mèt mwen okipe mesye sanzave sila a, Nabal, paske jan non li ye a, se konsa li ye. Nabal se non li e foli toujou avèk li. Men mwen, sèvant pa ou a, mwen pa t wè jennonm, mèt mwen, ke ou te voye yo. 26 Alò, pou sa, mèt mwen, jan SENYÈ a viv la, akoz SENYÈ a te anpeche ou vèse san e Eb 10:30fè vanjans pa w avèk pwòp men ou; alò, II Sam 18:32kite lènmi ou yo avèk sila ki chache mal kont mèt mwen yo, vin tankou Nabal. 27 Alò, kite Jen 33:11kado sila ke sèvant ou pote pou mèt mwen an, bay a jennonm ki akonpanye mèt mwen yo. 28 Souple, padone transgresyon a sèvant ou a. Paske SENYÈ a va vrèman fè pou mèt mwen yon kay k ap dire, akoz mèt mwen ap I Sam 18:17mennen batay a SENYÈ a, e Sòm 7:3mal p ap twouve bò kote ou pandan tout jou ou yo. 29 Si yon moun ta leve kont ou pou kouri dèyè ou e chache lavi ou, nan lè sa a, lavi ou, mèt mwen va mare nan pakèt ak sila ki viv pou SENYÈ yo, Bondye ou a. Men lavi a lènmi ou yo, Li va lanse deyò tankou wòch k ap sòti nan pòch a yon fistibal. 30 Epi lè SENYÈ a fè pou ou, mèt mwen, selon tout bonte ke Li te pale konsènan ou menm e chwazi ou kòm chèf sou Israël, 31 ke ka sila a p ap koze ni doulè ni kè twouble pou mèt mwen, akoz li te vèse san san koz e ke li te pran vanjans li. Jen 40:14Lè SENYÈ a aji byen avèk ou mèt mwen, alò sonje sèvant ou an.”
32 Alò, David te di a Abigaïl: Sòm 41:13“Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te voye ou jou sila a pou rankontre avè m! 33 Beni se sajès ou. Beni se ou menm I Sam 25:26ki te kenbe m jou sa a pou m pa vèse san, e fè vanjans mwen menm avèk pwòp men m. 34 Sepandan, jan SENYÈ a, Bondye Israël la viv la, I Sam 25:26ki te anpeche mwen fè ou mal, sof ke ou te parèt vit pou rankontre mwen, anverite, pa t ap gen ki rete pou Nabal nan limyè maten an tankou yon ki fè pipi sou mi la.”
35 Konsa David te resevwa nan men li sa ke li te pote pou li a. Epi li te di li: “Ale lakay ou anpè. Gade, mwen te koute ou e te Jen 19:21bay ou demann pa ou a.”
36 Alò Abigaïl te vin kote Nabal. Epi vwala, li t ap fè II Sam 13:28yon fèt lakay li a tankou fèt a yon wa. Kè Nabal te kontan anndan li, paske li te byen sou. Pou koz sa a, Abigaïl pa t di l anyen jis rive nan limyè maten. 37 Men nan maten, lè diven an te sòti nan Nabal, madanm li te di li bagay sa yo. Konsa kè l te mouri anndan li jiskaske li te vin tankou yon wòch. 38 Anviwon di jou pita, I Sam 26:10SENYÈ a te frape Nabal e li te mouri. 39 Lè David te tande ke Nabal te mouri, li te di: “Beni SENYÈ a, ki te plede kòz repwòch mwen nan men Nabal e ki te I Sam 26:10kenbe sèvitè li a pou l pa fè mal. SENYÈ a anplis, te fè malfezans a Nabal retounen sou pwòp tèt li.”
Alò, David te voye ofri Abigaïl pou l ta pran li kòm madanm li. 40 Lè sèvitè a David yo te parèt kote Abigaïl nan Carmel, yo te pale a li e te di: “David te voye nou kote ou pou pran ou kòm madanm li.”
41 Li te leve I Sam 25:33e te bese jis figi li rive atè, e te di: “Gade byen sèvant pa ou se yon sèvant ki Mc 1:7pou ta lave pye a sèvant pa li yo.” 42 Konsa, Jen 24:61-67Abigaïl te leve vit pou te ale monte sou yon bourik, avèk senk sèvant li yo ki te okipe li. Li te swiv mesaje David yo e te devni madanm li. 43 David te anplis pran Achinoam a Jizreel e I Sam 27:3yo toulède te devni madanm li.
44 Alò, Saül te deja bay fi li, I Sam 18:27Mical, madanm a David, a Palti, fis a Laïsch ki te sòti Gallim.

25:1 I Sam 28:3

25:1 II Wa 21:18

25:2 Jos 15:55

25:3 Pwov 31:10

25:6 Sòm 122:7

25:7 II Sam 13:23-24

25:8 Né 8:10-12

25:10 Jij 9:28

25:11 Jij 8:6-15

25:13 I Sam 23:13

25:14 I Sam 13:10

25:15 I Sam 25:7-21

25:16 Egz 14:22

25:18 II Sam 16:1

25:19 Jen 32:16-20

25:21 Sòm 109:5

25:22 I Sam 3:17

25:23 I Sam 20:41

25:26 Eb 10:30

25:26 II Sam 18:32

25:27 Jen 33:11

25:28 I Sam 18:17

25:28 Sòm 7:3

25:31 Jen 40:14

25:32 Sòm 41:13

25:33 I Sam 25:26

25:34 I Sam 25:26

25:35 Jen 19:21

25:36 II Sam 13:28

25:38 I Sam 26:10

25:39 I Sam 26:10

25:41 I Sam 25:33

25:41 Mc 1:7

25:42 Jen 24:61-67

25:43 I Sam 27:3

25:44 I Sam 18:27