26
Zifyen yo te vin kote Saül nan Guibea. Yo te di l: I Sam 23:19“Èske David pa kache nan ti mòn Hakila a, devan Jeschimon?” Konsa, Saül te leve desann nan dezè Ziph la e te genyen avè l I Sam 13:2twa-mil òm Israël, byen chwazi pou chache David nan dezè Ziph la. Saül te fè kan nan ti mòn Hakila a, ki devan Jeschimon, akote wout la, e David te rete nan dezè a, lè I Sam 23:15li te wè ke Saül te vini dèyè li nan dezè a. Konsa, David te voye espyon yo deyò, e li te konnen san dout ke Saül t ap vini. Pou sa, David te leve pou vini nan plas kote Saül te fè kan an. Epi David te wè plas kote Saül te kouche avèk I Sam 14:50-51Abner, fis a Ner a, kòmandan lame li a. Saül te kouche nan mitan won kan an e pèp la te fè kan an antoure li.
Konsa, David te di a Achimélec, Etyen an ak I Kwo 2:16Abischaï, fis a Tseruja a, frè a Joab, e li te di: “Se kilès k ap desann avè m kote Saül nan kan an?”
Abischaï te di: “M ap desann avè w.” Konsa, David avèk Abischaï te pwoche kote pèp la nan lannwit. Epi vwala, Saül te kouche nan dòmi anndan won kan an avèk frenn li kole nan tè kote tèt li. Epi Abner avèk pèp la te kouche antoure li. Alò, Abischaï te di a David: “Jodi a, Bondye gen tan livre lènmi ou an nan men ou. Pou sa, koulye a, kite mwen frape li avèk frenn nan rive jis atè ak yon sèl kou e mwen p ap frape li yon dezyèm fwa.”
Men David te di a Abischaï: “Pa detwi li, paske I Sam 24:6-7se kilès ki kab lonje men l kont onksyone a SENYÈ a e rete pa koupab?” 10 Anplis, David te di: “Jan SENYÈ a viv la, asireman, SENYÈ a va frape li, oswa jou li va rive pou li mouri, oswa I Sam 31:6li va tonbe nan batay e peri. 11  Wo 12:17-19SENYÈ a anpeche ke m ta lonje men m kont onksyone SENYÈ a. Men koulye a, souple, pran frenn ki bò kot tèt li a ak veso dlo a, epi, an ale.”
12 Konsa, David te pran frenn nan avèk veso dlo a soti kote tèt a Saül e yo te pati. Men pèsòn pa t konnen, ni leve, paske yo tout t ap dòmi, akoz Jen 2:21yon fon somèy ki sòti nan SENYÈ a te vin tonbe sou yo. 13 Konsa, David te travèse de lòt kote, e te kanpe sou tèt mòn nan a yon distans avèk yon gran espas antre yo. 14 David te rele tout moun yo ak Abner, fis a Ner a. Li te di: “Èske ou p ap reponn, Abner?” Alò, Abner te reponn: “Se kilès ou ye k ap rele wa a?”
15 Konsa, David te di a Abner: “Èske ou pa yon gason? Alò, se kilès ki tankou ou an Israël? Kòmsi, poukisa ou pa t veye mèt ou, wa a? Paske yon moun nan pèp la te vini detwi wa a, mèt ou a. 16 Bagay ke ou te fè a, pa bon! Jan SENYÈ a viv la, I Sam 20:31 fòk ou mouri! Paske ou pa t veye mèt ou, onksyone a SENYÈ a. Konsa, koulye a, gade kote frenn a wa a ye ak veso dlo ki te kote tèt li a.”
17 Saül te rekonèt vwa a David, e te di: I Sam 24:16“Èske se vwa ou, fis mwen, David?”
David te di: “Se vwa m, mèt mwen, wa a.” 18 Anplis li te di: I Sam 24:9-14“Alò, poukisa mèt mwen ap kouri dèyè sèvitè li a? Paske kisa mwen te fè? Oswa ki mal ki nan men m? 19 Alò, pou sa, souple kite mèt mwen, wa a, koute pawòl a sèvitè li yo. Si SENYÈ a te boulvèse ou kont mwen, kite Li aksepte yon ofrann. Men I Sam 24:9si se lèzòm, modi yo ye devan SENYÈ a. Paske Jos 22:25-27yo te chase mwen sòti jodi a pou fè m pa atache ankò a eritaj SENYÈ a. Yo di: ‘Ale sèvi lòt dye yo.’ 20 Alò, pou sa, pa kite san mwen tonbe atè lwen prezans SENYÈ a, paske wa Israël la te vin parèt pou chache I Sam 24:1-4yon sèl pis, tankou yon moun k ap fè lachas pentad nan mòn yo.”
21 Alò Saül te di: Egz 9:27“Mwen te peche. Retounen, fis mwen, David. Paske mwen p ap fè ou mal ankò, akoz lavi mwen te presye nan zye ou nan jou sa a. Gade, mwen te jwe wòl a yon enbesil e mwen te fè yon gwo erè.”
22 David te reponn: “Gade byen, men frenn a wa a! Alò kite youn nan jennonm yo travèse vin pran l. 23  Sòm 7:8SENYÈ a va rekonpanse chak moun pou ladwati pa li ak fidelite li; paske SENYÈ a te livre ou nan men m jodi a. Mwen te refize lonje men m kont onksyone a SENYÈ a. 24 Gade byen, jan lavi ou te gen I Sam 18:30gwo valè nan zye m jodi a, konsa ke vi m ta ye nan men SENYÈ a. Ke li ta Sòm 54:7delivre mwen nan tout twoub.”
25 Epi Saül te di a David: I Sam 24:19“Beni se ou menm, fis mwen, David. Ou va vin reyisi anpil e ou va vin genyen.”
Konsa, David te fè wout li e Saül te retounen nan plas li.

26:1 I Sam 23:19

26:2 I Sam 13:2

26:3 I Sam 23:15

26:5 I Sam 14:50-51

26:6 I Kwo 2:16

26:9 I Sam 24:6-7

26:10 I Sam 31:6

26:11 Wo 12:17-19

26:12 Jen 2:21

26:16 I Sam 20:31

26:17 I Sam 24:16

26:18 I Sam 24:9-14

26:19 I Sam 24:9

26:19 Jos 22:25-27

26:20 I Sam 24:1-4

26:21 Egz 9:27

26:23 Sòm 7:8

26:24 I Sam 18:30

26:24 Sòm 54:7

26:25 I Sam 24:19