9
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Ale bò kote Farawon e pale avèk li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Egz 4:23 Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen. Paske Egz 8:2 si ou refize kite yo ale, e kontinye kenbe yo, gade byen, Egz 7:4 men Bondye va vini avèk yon epidemi byen sevè sou bèt ki nan chan ou yo, sou cheval yo, sou bourik yo, sou chamo yo, sou twoupo yo, ak sou bann mouton yo. Egz 8:22 Men SENYÈ a va distenge antre bèt Israël yo avèk bèt Ejipsyen yo, pou okenn pa mouri nan sa ki pou fis Israël yo.’ ”
SENYÈ a te etabli yon tan detèmine, e Li te di: “Demen SENYÈ a va fè bagay sa a nan peyi a.”
Alò, SENYÈ a te fè bagay sa a nan jou ki te vini an, e Egz 9:19-25 tout bèt Égypte yo te mouri; men pou bèt fis Israël yo, pa gen youn ki te mouri.
Farawon te voye, e gade byen, pa menm youn nan bèt Israël yo pa t mouri. Men kè Farawon te vin di, e li pa t kite pèp la ale.
Alò SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: “Pran kèk men plen avèk poud chabon ki sòti nan fou kanari yo, e kite Moïse voye li vè syèl la devan zye a Farawon. Li va vin fè yon poud fen ki kouvri tout peyi Égypte la, e li va devni Det 28:27 gwo bouton k ap pete tankou maleng ni sou moun ni sou bèt.”
10 Alò yo te pran chabon ki sòti nan fou kanari yo, e yo te kanpe devan Farawon; epi Moïse te voye li vè syèl la, e li te devni gwo bouton k ap pete tankou maleng ni sou moun, ni sou bèt. 11  Egz 8:18 Majisyen yo pa t kab kanpe devan Moïse akoz bouton yo, paske bouton yo te sou majisyen yo menm jan ak tout Ejipsyen yo.
12 Men Egz 4:21 SENYÈ a te fè kè Farawon vin di, e li pa t koute yo, jan ke SENYÈ a te di a Moïse la.
13 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: Egz 8:20 “Leve granmmaten e kanpe devan Farawon pou di li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen. 14 Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, Egz 8:10 pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè.
15 “ ‘Paske si Mwen te deja lonje men M pou frape ou ak pèp ou a avèk epidemi, nou t ap deja disparèt sou latè. 16 Men vrèman, Pwov 16:4 pou rezon sa a, Mwen kite nou la jiska prezan: pou M kapab montre nou pouvwa Mwen e pwoklame pouvwa Mwen sou tout latè. 17 Malgre sa, ou toujou monte tèt ou kont pèp Mwen an, lè ou refize kite yo ale.
18 “ ‘Gade byen, vè lè sa a demen, Egz 9:23,24 Mwen va voye lagrèl byen gwo, tankou yo pa janm wè an Égypte depi lè li te fonde, jiska prezan. 19 Alò, pou sa, mennen Egz 9:6bèt nou yo avèk nenpòt sa nou gen nan chan an anba pwoteksyon. Egz 9:25Chak moun oswa bèt ki twouve yo nan chan an, e ki pa mennen lakay yo, lè lagrèl la vin desann sou yo, yo va mouri.’ ”
20  Pwov 13:13 Sèman sila pami sèvitè Farawon yo ki te krent pawòl SENYÈ a te fè pwòp sèvitè li yo avèk bèt li yo sove ale nan kay yo. 21 Men sila ki pa t okipe sa yo, te kite sèvitè li yo avèk bèt li yo nan chan an.
22 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou Rev 16:21 lagrèl kapab tonbe sou tout tè Égypte la, sou moun, sou bèt, e sou chak plan nan chan tout kote nan peyi Égypte la.”
23 Moïse te lonje baton li vè syèl la, e SENYÈ a te voye zeklè, loray avèk Jen 19:24 lagrèl, avèk gwo kout dife ki te kouri rive jis atè. Konsa, SENYÈ a te fè lagrèl desann sou tout tè Égypte la.
24 Alò te gen lagrèl, avèk dife ki te lanse, ki t ap vòltije tout tan nan mitan lagrèl la, byen sevè, jan peyi Égypte la pa t janm wè depi li te devni yon nasyon. 25  Egz 9:19 Lagrèl la te frape tout sa ki te nan chan nan tout pati an Égypte, ni moun, ni bèt. Lagrèl la te frape osi chak plan nan chan an epi te chire an mòso chak bwa nan chan an. 26  Egz 8:22 Sèlman nan peyi Gosen an, kote fis Israël yo te ye a, pa t gen lagrèl la.
27 Alò, Farawon te voye kote Moïse avèk Aaron, e te di yo: “ Egz 10:16,17 Mwen te peche fwa sa a. SENYÈ a se sila ki dwat la, epi mwen avèk pèp mwen an se nou ki mechan. 28  Egz 8:8,28 Fè lapriyè bay SENYÈ a, paske te gen kont tonnè avèk lagrèl. Mwen va kite nou ale, e nou p ap rete ankò.”
29 Moïse te di li: “Depi mwen kite vil la, m ap ouvri men m bay SENYÈ a. Tonnè a va sispann, e p ap gen lagrèl ankò, pou ou kapab konnen ke Egz 19:5 tè a se pou SENYÈ a. 30 Men pou ou menm, avèk sèvitè ou yo, mwen konnen ke És 26:10 nou poko krent SENYÈ Bondye a.”
31 Alò pye koton swa yo avèk Rt 1:22 lòj la te gate, paske lòj la te fè gwo tèt, e koton swa a t ap boujonnen. 32 Men ble a avèk pitimi a pa t gate paske yo te vin mi pita.
33  Egz 8:12 Alò, Moïse te kite vil la sòti devan Farawon, e li te lonje men li vè SENYÈ a; epi tonnè avèk lagrèl la te sispann, e lapli pa t tonbe sou latè ankò.
34 Men lè Farawon te wè ke lapli avèk tonnè a te sispann, li te peche ankò, e li te andisi kè l, li menm avèk sèvitè li yo. 35 Kè Farawon te vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale, jan Egz 4:21 SENYÈ a te pale ak Moïse la.

9:1 Egz 4:23

9:2 Egz 8:2

9:3 Egz 7:4

9:4 Egz 8:22

9:6 Egz 9:19-25

9:9 Det 28:27

9:11 Egz 8:18

9:12 Egz 4:21

9:13 Egz 8:20

9:14 Egz 8:10

9:16 Pwov 16:4

9:18 Egz 9:23,24

9:19 Egz 9:6

9:19 Egz 9:25

9:20 Pwov 13:13

9:22 Rev 16:21

9:23 Jen 19:24

9:25 Egz 9:19

9:26 Egz 8:22

9:27 Egz 10:16,17

9:28 Egz 8:8,28

9:29 Egz 19:5

9:30 És 26:10

9:31 Rt 1:22

9:33 Egz 8:12

9:35 Egz 4:21