16
Pwov 16:9Plan kè a sòti nan lòm;
men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.
Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li;
men SENYÈ a peze sa k nan kè l.
Sòm 37:5Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,
e plan ou yo va etabli.
SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li;
menm Wo 9:22 mechan yo pou jou jijman an.
Tout sila ki gen kè ògèy, abominab a SENYÈ a;
anverite, li p ap chape anba pinisyon.
Pa Dan 4:27lanmou dous avèk verite, inikite lave;
e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal.
Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan,
Jen 33:4l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.
Pi bon se piti ak ladwati
pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.
Panse a lòm fè plan pou wout li;
men Sòm 37:23 SENYÈ a dirije pa li yo.
10 Se desizyon diven ki nan lèv a wa a;
bouch li pa dwe fè erè nan jijman.
11 Yon balans ki jis apatyen a Bondye;
li veye sou tout pwa nan sak yo.
12 Se abominab pou wa yo komèt zak mechan,
paske yon Pwov 25:5twòn etabli sou ladwati.
13 Lèv ki dwat se plezi a wa yo;
e sila ki pale dwat, vin renmen.
14 Kòlè a yon wa se tankou mesaje lanmò;
men yon nonm saj va kalme li.
15 Nan vizaj a yon wa briye lavi;
e favè li se tankou yon nwaj avèk lapli prentan.
16 A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò!
Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.
17  És 35:8Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal;
sila ki veye chemen li an prezève lavi li.
18 Ògèy ale devan destriksyon
e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.
19 Li pi bon pou rete Pwov 3:34enb nan lespri avèk sila ki ba yo,
pase divize piyaj ak moun ògeye yo.
20 Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon;
beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
21  Os 14:9Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann;
e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.
22 Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l;
men pou disipline moun ensanse yo se foli.
23  Sòm 37:30Kè moun saj la enstwi bouch li;
li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li.
24  Sòm 19:10Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;
dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.
25  Pwov 12:15Gen wout ki parèt bon a yon nonm;
men fen li se lanmò.
26 Apeti a yon ouvriye fè byen pou li;
paske se grangou ki ankouraje l.
27 Yon Pwov 6:12-18sanzave fòmante mechanste;
pawòl li yo brile tankou dife wouj.
28 Yon nonm pèvès gaye konfli,
e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo.
29 Yon nonm vyolan Pwov 1:10ap tante vwazen li
pou l mennen li nan move chemen.
30 Sila kap bay je dou, fè l pou l kab mennen bagay pèvès;
sila ki fèmen sere lèv li, fè mal la rive.
31 Yon Pwov 20:29tèt blanch se yon kouwòn laglwa;
li jwenn nan chemen ladwati a.
32 Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo;
e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila kap kaptire yon gran vil.
33 Tiraj osò fèt nan fon wòb;
men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.

16:1 Pwov 16:9

16:3 Sòm 37:5

16:4 Wo 9:22

16:6 Dan 4:27

16:7 Jen 33:4

16:9 Sòm 37:23

16:12 Pwov 25:5

16:17 És 35:8

16:19 Pwov 3:34

16:21 Os 14:9

16:23 Sòm 37:30

16:24 Sòm 19:10

16:25 Pwov 12:15

16:27 Pwov 6:12-18

16:29 Pwov 1:10

16:31 Pwov 20:29