12
Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans,
men sila ki rayi korije a, se bèt.
Yon Pwov 3:4bon moun va jwenn favè SENYÈ a;
men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a.
Yon nonm p ap etabli ak mal la;
men rasin Pwov 10:25moun dwat la p ap sòti menm.
Yon bon madanm se kouwòn a mari li;
men sila ki fè l wont lan se tankou Pwov 14:30 pouriti nan zo li.
Panse a moun dwat yo jis;
men konsèy a mechan yo se desepsyon.
Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san;
men Pwov 14:3bouch moun dwat yo va delivre yo.
Mechan yo va boulvèse e vin disparèt;
men kay a moun dwat yo va kanpe.
Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li;
men sila ak panse pèvès la va meprize.
Meyè se sila ki enkoni a, men gen sèvitè,
pase sila ki onore pwòp tèt li e manke pen an.
10 Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li;
men konpasyon a mechan an se mechanste.
11 Sila Pwov 28:19ki raboure tè li a va gen anpil pen;
men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.
12 Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo;
men rasin ladwati yo Pwov 11:30 va donnen fwi li.
13 Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li;
men moun dwat la va evite pwoblèm.
14 Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li,
e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.
15 Chemen a yon moun fou bon nan zye li;
men yon nonm saj koute konsèy.
16 Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit;
men sila ki saj la evite wont.
17 Sila ki pale verite a pale sa ki dwat;
men yon fo temwen twonpe.
18 Genyen yon moun ki pale san pridans
tankou sila k ap goumen ak nepe yo;
men lang a saj la pote gerizon.
19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan;
men Sòm 52:4-5lang ki bay manti a rete pou yon moman.
20 Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo;
men konseye lapè yo gen jwa.
21  Sòm 91:10Nanpwen mal ki rive moun dwat yo;
men mechan yo plen ak twoub.
22  Rev 22:15Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;
men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.
23 Yon moun Pwov 10:14pridan kache sa li konnen;
men kè moun san konprann pale jis nan foli.
24 Men a dilijan yo va kòmande;
men parese a va Jen 49:15fè kòve.
25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;
men yon És 50:4 bon pawòl fè l leve.
26 Moun ladwati a se yon gid a vwazen li;
men chemen a mechan fè yo egare.
27 Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li,
men pi presye nan sa yon nonm Pwov 10:4posede se dilijans.
28  Det 30:15Nan chemen ladwati se lavi;
e nan wout li nanpwen lanmò.

12:2 Pwov 3:4

12:3 Pwov 10:25

12:4 Pwov 14:30

12:6 Pwov 14:3

12:11 Pwov 28:19

12:12 Pwov 11:30

12:19 Sòm 52:4-5

12:21 Sòm 91:10

12:22 Rev 22:15

12:23 Pwov 10:14

12:24 Jen 49:15

12:25 És 50:4

12:27 Pwov 10:4

12:28 Det 30:15