52
Pou direktè koral la. Yon Sòm David, lè Doeg, Edomit lan te vin di Saül “David gen tan rive lakay Achimélic.”
Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan?
Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.
Lang ou envante destriksyon,
tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.
Ou Sòm 36:4renmen mechanste plis pase sa ki bon.
Fo bagay plis pase pale verite a.
Ou renmen tout pawòl ki devore,
yon lang Sòm 120:3mantè.
Men Bondye va kase fè ou desann nèt;
Li va kenbe ou byen vit e És 22:18-19chire fè ou
sòti nan tant ou an,
Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo.
Tan
Moun dwat yo va Sòm 37:34wè, va gen lakrent;
yo va ri sou li epi di:
“Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a,
men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo.
Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”
Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye.
Mwen mete Sòm 13:5 konfyans mwen nan lanmou dous Bondye a
pou tout tan e pou tout tan.
Mwen va Sòm 30:12bay Ou remèsiman pou tout tan, paske Ou te fè sa.
Mwen va mete espwa nan non Ou,
paske sa bon nan prezans a fidèl Ou yo.

52:3 Sòm 36:4

52:4 Sòm 120:3

52:5 És 22:18-19

52:6 Sòm 37:34

52:8 Sòm 13:5

52:9 Sòm 30:12