53
Pou direktè koral la; selon mizik Mahalath
Yon refleksyon pa David
Moun fou a di nan kè li: “Nanpwen Bondye”.
Yo konwonpi!
Yo fè zak enjis ki abominab.
Wo 3:10Nanpwen ki fè sa ki bon.
Bondye te gade anba soti nan syèl la sou fis a lòm yo,
pou wè si genyen Wo 3:11youn ki gen bon konprann, ka p chache Bondye.
Wo 3:12Yo tout te vire akote.
Ansanm yo vin konwonpi.
Nanpwen nan yo ki fè byen, pa menm youn.
Èske malfektè a mechanste sila yo pa gen okenn konesans,
ka p Jr 4:22manje pèp Mwen an konsi se pen yo manje,
epi ki pa rele Bondye?
La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz,
paske Bondye te gaye zo a sila ki fè kan kont ou yo.
Ou te fè yo vin wont, akoz II Wa 17:20Bondye te rejte yo.
O ke Sòm 14:7delivrans Israël ta parèt sòti Sion!
Lè Bondye restore pèp kaptif Li a,
kite Jacob rejwi, kite Israël fè kè kontan.

53:1 Wo 3:10

53:2 Wo 3:11

53:3 Wo 3:12

53:4 Jr 4:22

53:5 II Wa 17:20

53:6 Sòm 14:7