4
“Si ou va Jr 3:22retounen, O Israël”, deklare SENYÈ a, “si ou va retounen kote Mwen, e si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen; konsa, ou p ap deplase. Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, És 48:1anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”
Paske se konsa SENYÈ a pale a mesye a Juda ak Jérusalem yo: “Kraze e prepare tè ki poze a; Mat 13:7pa simen pami pikan yo. Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepuce kè nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile Am 5:6pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo. Deklare nan Juda e pwoklame nan Jérusalem, pou di: ‘Soufle twonpèt nan peyi a!’ Kriye fò! Di yo: Jos 10:20 ‘Rasanble nou pou nou antre nan vil fòtifye yo.’ Leve yon drapo vè Sion! Chache sekou! Pa kanpe anplas, paske Mwen ap mennen Jr 1:14-15malè sòti nan nò, ak gwo destriksyon.”
Yon Jr 5:6lyon ale soti nan rak bwa li; yon destriktè a nasyon yo gen tan derape. Li fin kite plas li pou fè peyi ou a vin yon savann. Vil ou yo va pil mazi ki san moun pou rete ladan yo. Pou sa, És 22:12abiye an twal sak! Rele fò! Kriye anmwey! Paske gwo kòlè SENYÈ a pa t kite nou. “Li va vin rive nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “ke kè a wa a ak kè prens yo va fè fayit. Prèt yo va sezi e És 29:9-10pwofèt yo va etone.”
10 Nan lè sa a, mwen te di: “O, Senyè BONDYE! Asireman ou te pase pèp sa Éz 14:9nan rizib nèt lè Ou te di: ‘Ou va gen lapè’. Men alò, yon nepe parèt sou gòj yo.”
11 Nan lè sa a, li va pale a pèp sa a, e a Jérusalem: “Yon Jr 13:24van sechrès ki sòti nan mòn sèk nan dezè a, nan direksyon fi a pèp Mwen an—— li pa pou vannen ni pou netwaye. 12 Yon van fò depase sa a——va vini sou lòd Mwen. Alò, anplis Mwen va pwononse jijman kont yo.”
13 Gade byen, li monte tankou nwaj, e cha lagè li yo kon toubiyon. Cheval li yo Lam 4:19pi vit ke èg. Malè a nou menm, paske nou vin detwi nèt! 14 Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè Pwov 1:22panse mechan nou yo va rete anndan ou? 15 Paske yon vwa deklare soti Jr 8:16Dan e pwoklame mechanste soti mòn Éphraïm. 16 “Livre rapò li bay nasyon yo koulye a! Pwoklame sou Jérusalem, ‘Moun syèj yo sòti nan yon És 39:3peyi lwen! Yo leve vwa yo kontra vil Juda yo. 17 Tankou gadyen k ap veye yon chan an, yo kont li toupatou, akoz li te És 1:20-23fè rebèl kont Mwen’ ”, deklare SENYÈ a. 18  Sòm 107:17“Chemen pa ou yo ak zèv pa ou yo te mennen fè bagay sa yo rive ou. Sa se mal ou. Li amè anpil! A la sa rive jis nan kè ou!”
19  És 15:5Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a. 20  Sòm 42:7Dega sou dega vin pwoklame, paske tout peyi a fin detwi nèt. Sibitman, tant mwen yo vin devaste; rido mwen yo vin devaste nan yon moman. 21 Pou konbyen de tan mwen va oblije wè drapo a, e koute son twonpèt la?
22 “Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan Jr 9:3fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.” 23 Mwen te gade sou tè a e, gade byen, li te Jen 1:2san fòm e vid; vè syèl yo men yo pa t gen limyè. 24 Mwen te gade vè mòn yo, e gade byen, yo t ap És 5:25souke; tout kolin yo te fè mouvman ale retou. 25 Mwen te gade, e gade byen, pa t gen moun, e tout Jr 9:10zwazo syèl yo te vin sove ale. 26 Mwen te gade e gade byen, bon peyi fètil la te vin yon dezè, e tout vil li yo te fin demoli devan SENYÈ a, devan gwo kòlè Li. 27 Paske konsa pale SENYÈ a: Jr 12:11-12“Tout peyi a va dezole; malgre, Mwen p ap fin detwi li nèt. 28 Pou sa, tout latè va kriye ak doulè, e syèl anwo yo va fènwa, akoz Mwen te pale sa a. Mwen te fè plan sa a, e Mwen p ap chanje lide Mwen. Ni Mwen p ap detounen sou sa.”
29 Ak bri chevalye a, ak mèt banza yo, II Wa 25:4tout vil yo vin sove ale. Yo antre nan gran rak bwa, e yo monte sou wòch yo. Tout vil yo vin abandone e nanpwen pèsòn ki rete ladan yo. 30 Ou menm, O sila ki dezole a, És 10:3se kisa ou va fè? Malgre ou abiye an kramwazi, malgre ou dekore kò ou ak dekorasyon an lò, malgre ou agrandi zye ou ak penti, se anven ou fè kò ou bèl la. Sila ki renmen ou yo meprize ou. Yo chache lavi ou. 31 Paske mwen te tande kri yon fanm nan doulè l; doulè a yon fanm k ap fè premye pitit, kri fi a Sion an, k ap És 42:14soufle fò, lonje men l e rele, “Anmwey! Mwen pedi kouraj nèt devan asasen yo.”

4:1 Jr 3:22

4:2 És 48:1

4:3 Mat 13:7

4:4 Am 5:6

4:5 Jos 10:20

4:6 Jr 1:14-15

4:7 Jr 5:6

4:8 És 22:12

4:9 És 29:9-10

4:10 Éz 14:9

4:11 Jr 13:24

4:13 Lam 4:19

4:14 Pwov 1:22

4:15 Jr 8:16

4:16 És 39:3

4:17 És 1:20-23

4:18 Sòm 107:17

4:19 És 15:5

4:20 Sòm 42:7

4:22 Jr 9:3

4:23 Jen 1:2

4:24 És 5:25

4:25 Jr 9:10

4:27 Jr 12:11-12

4:29 II Wa 25:4

4:30 És 10:3

4:31 És 42:14