4
A la briyans lò a vin Éz 7:19-22bese!
Lò pi a pa menm ankò!
Wòch tanp yo vide deyò nan tout kwen lari.
 
Pyè presye a fis a Sion yo;
ki gen valè kon lò fen,
gade kijan yo konsidere kon És 30:14veso tè,
travay a potye a!
 
Menm chen mawon yo konn bay tete;
yo kite pitit yo souse yo.
Men fi a pèp mwen an te vin És 49:15mechan
kon yon otrich nan dezè.
 
Sòm 22:15Lang a ti bebe a kole nan fon bouch yo,
tèlman yo swaf;
ti piti yo mande pen,
men pèsòn pa kase bay yo.
 
Sila ki te konn manje Jr 6:2ti manje delika yo,
vin abandone nan lari.
Sila ki te leve nan abiman an mov yo
ap degaje yo chèche kaka bèf.
 
Paske inikite a fi a pèp mwen an
pi gwo ke peche Sodome,
ki te Jen 19:25boulvèse nan yon moman,
san pa t gen men ki boulvèse l.
 
Prens li yo te Sòm 51:7pi pwòp ke lanèj.
Yo te pi blan ke lèt.
Yo te pi wouj pase koray.
Yo te poli tankou pyè safì.
 
Aparans yo koulye a Job 30:30pi nwa ke poud chabon.
Yo pa menm rekonèt yo nan lari.
Chè yo vin kole sou zo yo.
Li fennen nèt.
Li vin tankou bwa.
 
Pi bon se sila ki te touye ak nepe yo,
ke sila ki touye ak grangou yo;
paske yo vin chagren
e epwize akoz mank fwi chan an.
 
10 Men a fanm ki te konn plen konpasyon yo
te bouyi pwòp pitit yo.
Yo te devni Det 28:53-55manje pou yo,
akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.
 
11 SENYÈ a te Jr 7:20acheve gwo kòlè Li a.
Li te vide gwo kòlè Li a.
Li te limen yon dife nan Sion,
ki te manje tout fondasyon Li yo.
 
12 Wa latè yo pa t kwè,
ni okenn abitan nan mond lan,
ke advèsè ak ènmi an ta ka Jr 21:13antre
nan pòtay Jérusalem nan.
 
13 Akoz peche a pwofèt li yo
ak inikite a prèt li yo,
ki te vèse nan mitan li
Jr 2:30san a moun ladwati yo.
 
14 Yo egare e avèg nan lari yo.
Yo te vin souye ak És 1:15san,
jiskaske pèsòn pa t ka manyen abiman yo.
 
15 “Sòti! Lev 13:45-46Pa pwòp!” Yo te kriye a yo menm.
“Sòti, sòti, pa touche!”
Konsa yo te sove ale, e te mache toupatou.
Pami nasyon yo, yo te di:
“Yo p ap ka kontinye rete pami nou”.
 
16 Prezans a SENYÈ a te gaye yo.
Li p ap kontinye bay yo swen.
Yo pa t És 9:14-16onore prèt yo,
Yo pa t respekte ansyen yo.
 
17 Malgre sa, zye nou febli.
Chache sekou te vin Jr 37:7initil.
Nan chache, nou te chache pou yon nasyon
ki pa t ka sove.
 
18 Konsa, yo te Jr 16:16fè lachas dèyè nou
jiskaske nou pa t ka mache nan lari nou yo.
Lafen nou vin pwòch.
Jou nou yo fin ranpli,
paske dènye moman nou vin rive.
 
19 Sila ki te kouri dèyè nou yo
te pi vit pase èg k ap volè anlè.
Yo te fè lachas sou nou nan mòn yo.
Yo te kache tann anbiskad pou nou nan savann nan.
 
20 Souf lè ki nan nen nou,
nou menm ki onksyone de II Sam 1:14SENYÈ a,
te vin kaptire nan twou fòs yo,
de sila nou te konn di:
“Anba lonbraj li, nou va viv pami nasyon yo”.
 
21 Rejwi e fè kè kontan, O fi a Sòm 137:7Edom nan,
ki rete nan peyi Uts la.
Tas la va fè wonn vin jwenn ou tou.
Ou va vin sou.
Ou va vin toutouni.
 
22 Pinisyon pou inikite nou yo fin És 40:2konplete,
O fi a Sion an.
Li p ap ekzile nou ankò.
Li va pini inikite nou an, O fi Edom an.
Li va fè parèt tout peche ou yo!

4:1 Éz 7:19-22

4:2 És 30:14

4:3 És 49:15

4:4 Sòm 22:15

4:5 Jr 6:2

4:6 Jen 19:25

4:7 Sòm 51:7

4:8 Job 30:30

4:10 Det 28:53-55

4:11 Jr 7:20

4:12 Jr 21:13

4:13 Jr 2:30

4:14 És 1:15

4:15 Lev 13:45-46

4:16 És 9:14-16

4:17 Jr 37:7

4:18 Jr 16:16

4:20 II Sam 1:14

4:21 Sòm 137:7

4:22 És 40:2