7
Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: Jr 17:19“Kanpe nan pòtay lakay SENYÈ a. La, pwoklame pawòl sa a. Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, nou tout nan Juda, ki antre nan pòtay sa yo pou adore SENYÈ a!’ ”
Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, Jr 4:1“Korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e Mwen va kite nou rete nan plas sa a. Jr 7:8Pa mete konfyans nan pawòl manti k ap di nou: ‘Sa se tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a.’ Paske si, anverite, nou korije chemen nou yo, ak zèv nou yo; si, anverite, nou I Wa 6:12pratike jistis antre yon nonm ak vwazen li, si nou pa oprime etranje a, òfelen an, oswa vèv la e pa vèse san inosan a nan plas sa, ni Det 6:14-15 mache dèyè lòt dye anvè pwòp destriksyon nou, alò, Mwen va kite nou rete nan plas sa a, nan Jr 3:18peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo jis pou tout tan. Gade byen, nou ap mete konfyans nan Jr 7:4pawòl riz yo. Yo p ap ka fè anyen pou nou. Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè Egz 20:3lòt dye ke nou pa t konnen, 10 epi konsa, Éz 23:39vin kanpe devan Mwen nan kay sila a, ki rele pa non Mwen an, pou di M: ‘Nou delivre,’ —konsa pou nou ka fè tout bagay abominab sila yo? 11 Èske kay sila a, ki rele pa non pa M nan, èske non l vin chanje pou l vin yon Mat 21:13kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te wè l,” deklare SENYÈ a.
12 “Men ale koulye a kote plas Mwen an Jij 18:31Silo, kote non Mwen te rete an premye a. Gade la pou wè sa M te fè li akoz mechanste a pèp Mwen an, Israël la. 13 Konsa, akoz nou te fè tout bagay sa yo,” deklare SENYÈ a: “akoz Mwen te pale ak nou, lè M te Jr 7:25leve bonè pou nou te pale, men nou pa t tande. Mwen te rele nou, men nou pa t reponn. 14 Akoz sa a, Mwen va fè rive nan Det 12:5kay ki rele pa non Mwen an, nan sila nou mete konfyans lan e plas ke M te bay a nou menm ak papa zansèt nou yo, menm sa M te fè nan Silo a. 15 Mwen va Jr 15:1jete nou deyò pou zye m pa wè nou, tankou Mwen te jete tout frè nou yo deyò, tout desandan Éphraïm yo.
16 “Pou ou menm, Egz 32:10pa priye pou pèp sila a. Pa leve yon kri pou yo, ni entèsede avè M, paske Mwen pa tande ou. 17 Èske ou pa wè ki sa y ap fè nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo? 18 Timoun yo ranmase bwa, papa yo mete dife ladann e fanm yo bat pat farin nan pou fè gato pou rèn syèl la. Yo vide ofrann bwason bay lòt dye yo pou yo ka Det 32:16-21vekse M. 19  Job 35:6Èske yo vekse M? deklare SENYÈ a. “Èske se pa tèt yo ke y ap vekse jis rive nan malkonprann ki rive sou pwòp figi yo?”
20 Pou sa, pale Senyè BONDYE a, És 42:25 “Kòlè Mwen ak chalè Mwen va vide sou plas sa a, ni sou lòm, ni bèt, ni bwa chan, ak sou tout fwi tè yo. Li va brile, e li p ap ka etenn.”
21 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Ajoute ofrann nou yo sou sakrifis nou yo e Éz 33:25manje chè. 22 Paske Mwen pa t I Sam 15:22pale ak papa zansèt nou yo, ni kòmande yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, pou ofrann brile, ni pou sakrifis. 23 Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: Egz 15:26 ‘Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.’ 24 Sepandan, yo pa t obeyi, ni yo pa t panche zòrèy vè Mwen. Men yo te mache nan pwòp konsèy pa yo, nan tèt di a kè mechan yo, e yo Jr 15:6te fè an aryè olye yo fè devan. 25 Depi nan jou ke papa zansèt nou yo te sòti nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sila a, II Kwo 36:15Mwen te voye bannou tout sèvitè Mwen yo ak pwofèt yo. Chak jou Mwen te leve granmmaten pou voye yo. 26 Sepandan, yo pa t koute Mwen, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di. Yo te Jr 16:12fè plis mal pase papa yo.
27 “Ou va Jr 1:7pale tout pawòl sa yo avèk yo, men yo p ap koute ou. Ou va rele kote yo, men yo p ap reponn ou. 28 Ou va di yo: ‘Sa se nasyon ki Jr 6:17pa t obeyi vwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, ni ki pa t aksepte koreksyon. Verite fin peri e koupe retire nèt nan bouch yo. 29 Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin Jr 6:30rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’
30 “Paske fis a Juda yo te fè mal nan zye M,” deklare SENYÈ a. “Yo te II Wa 21:3mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non Mwen an, pou souye li. 31 Yo te bati wo plas la nan Topheth, ki nan vale a fis a Hinnom an, pou Lev 18:21brile fis ak fi pa yo nan dife, ke M pa t kòmande, ni sa pa t rive nan tèt Mwen. 32  Jr 19:6-11Pou sa, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè li p ap rele Topheth ankò, ni vale a fis a Hinnom an, men vale a masak la; paske yo va fè antèman Topheth, jis pa gen plas pou antere ankò. 33  Det 28:26Kadav mouri a pèp sila yo va fè manje pou zwazo syèl yo ak pou bèt latè yo. Epi nanpwen moun k ap chase yo ale. 34 Nan moman sa a, Mwen va fè sispann soti nan vil a Juda yo ak lari a Jérusalem yo, vwa a kè kontan ak vwa a jennonm k ap marye a, ak fi maryaj la; paske Lev 26:33peyi a va devaste nèt.”

7:2 Jr 17:19

7:3 Jr 4:1

7:4 Jr 7:8

7:5 I Wa 6:12

7:6 Det 6:14-15

7:7 Jr 3:18

7:8 Jr 7:4

7:9 Egz 20:3

7:10 Éz 23:39

7:11 Mat 21:13

7:12 Jij 18:31

7:13 Jr 7:25

7:14 Det 12:5

7:15 Jr 15:1

7:16 Egz 32:10

7:18 Det 32:16-21

7:19 Job 35:6

7:20 És 42:25

7:21 Éz 33:25

7:22 I Sam 15:22

7:23 Egz 15:26

7:24 Jr 15:6

7:25 II Kwo 36:15

7:26 Jr 16:12

7:27 Jr 1:7

7:28 Jr 6:17

7:29 Jr 6:30

7:30 II Wa 21:3

7:31 Lev 18:21

7:32 Jr 19:6-11

7:33 Det 28:26

7:34 Lev 26:33