15
Alò, Samuel te di a Saül: I Sam 9:16“SENYÈ a te voye mwen pou onksyone ou wa sou pèp Li a, sou Israël. Pou sa, koute pawòl a SENYÈ a. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Mwen va pini Amalek Egz 17:8-16pou sa li te fè Israël la, jan li te opoze li nan chemen an pandan li t ap vini sòti an Égypte la. Alò, ale frape Amalek e detwi tout sa li genyen. Pa fè li gras, men I Sam 22:19mete a lanmò ni gason, ni fanm, ni timoun ni tibebe, bèf, mouton, chamo ak bourik.’ ”
Epi Saül te pase lòd rasanble pèp la e te konte yo nan Jos 15:24Thelaïm, de-san-mil sòlda apye yo, di-mil mesye Juda yo. Saül te rive kote vil Amalek yo, e li te òganize yon anbiskad nan vale a. Saül te di a Kenyen yo: “Ale, sòti kite Amalekit yo pou m pa detwi nou ansanm avèk yo; paske Egz 18:9-10nou te montre favè nou anvè tout fis Israël yo lè yo te monte soti an Égypte.” Konsa, Kenyen yo te sòti nan mitan Amalekit yo.
Konsa, Saül te bat Amalekit yo soti nan Jen 25:18Havila pou rive Egz 15:22Schur, ki te bò lès a Égypte la. Li te kaptire vivan I Sam 15:20Agag, wa a Amalekit yo e te detwi nèt tout pèp la avèk lam nepe. Men Saül avèk pèp la te I Sam 15:3-19lese Agag viv ansanm avèk pi bèl nan mouton yo, bèf yo, bèt gra yo, jenn mouton yo, tout sa ki te bon, e li pa t dakò pou detwi yo nèt. Men tout sa ki te meprize e san valè, yo te vin detwi nèt.
10 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Samuel e te di: 11  Egz 32:14“Mwen regrèt ke M te fè Saül wa, paske I Wa 9:6-7li te vire fè bak nan swiv Mwen, e li pa t akonpli lòd Mwen yo.” Konsa, Samuel te vin twouble e li te kriye fò a SENYÈ a pandan tout nwit lan.
12 Samuel te leve granmmaten pou rankontre Saül. Yo te pale a Samuel, e te di: “Saül te vini nan Jos 15:55Carmel e vwala, li te fè monte yon moniman pou tèt li, e li te vire kontinye desann vè Guilgal.”
13 Samuel te vini kote Saül, e Saül te di li: “Beni se ou menm pa SENYÈ a! Mwen te akonpli lòd SENYÈ a.”
14 Men Samuel te di li: “Men ki mouton ke m tande k ap blete nan zòrèy mwen la a e ki rèl a bèf ke m tande la a?”
15 Saül te di: “Yo te mennen yo soti nan Amalekit yo, paske Egz 32:22-23pèp la te kite pi bèl nan mouton avèk bèf yo pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye pa w la. Men tout rès nou te genyen an nou te detwi l nèt.”
16 Alò, Samuel te di: “Tann e kite mwen menm di ou sa ke SENYÈ a te di mwen yèswa.”
Epi li te di li: “Pale”!
17 Samuel te di: “Èske se pa vrè, ke I Sam 9:21 malgre ou te piti nan pwòp zye pa ou, ke ou te devni gran chèf a tribi Israël yo? 18 Epi ke SENYÈ a te voye ou fè yon misyon e te di: I Sam 15:3‘Ale detwi pechè yo nèt; Amalekit yo, e batay kont yo jiskaske yo fin disparèt.’ 19 Pou sa, poukisa ou pa t obeyi vwa SENYÈ a; I Sam 14:32men ou te kouri sou piyaj la, e te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a?”
20 Alò Saül te di a Samuel: I Sam 15:13“Mwen te obeyi vwa SENYÈ a e te fè misyon nan sila SENYÈ a te voye mwen an e te mennen retounen Agag, wa Amalek la, e mwen te detwi nèt tout Amalekit yo. 21 Men Egz 32:22-23pèp la te pran nan piyaj mouton avèk bèf yo, pi bèl nan sa ki te anba ve pou destriksyon an, pou fè sakrifis bay SENYÈ a, Bondye ou a nan Guilgal.”
22 Samuel te di: És 1:11-15“Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo. 23 Paske rebelyon se tankou peche Det 18:10divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.”
24 Alò, Saül te di a Samuel: Pwov 29:25“Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo. 25 Alò, pou sa, Egz 10:17souple, padone peche mwen e retounen avè m pou m kapab adore SENYÈ a.”
26 Men Samuel te di a Saül: “Mwen p ap retounen avè w; paske I Sam 13:14ou te rejte pawòl a SENYÈ a e SENYÈ a te gentan rejte ou kòm wa sou Israël.” 27 Lè Samuel te vire pou l sòti, I Wa 11:30-31Saül te sezi bò manto li, e li te vin chire. 28 Epi Samuel te di li: I Sam 28:17-18“SENYÈ a te dechire wayòm ou an, e Li te bay li a vwazen ou an, ki pi bon pase ou. 29 Anplis, Glwa Israël La Éz 24:14p ap manti, ni chanje tèt Li. Paske Li pa yon nonm pou Li ta chanje tèt Li.”
30 Alò li te di: “Mwen te peche; souple, onore mwen koulye a devan ansyen a pèp mwen yo ak devan Israël e retounen avè m, És 29:13pou m kapab adore SENYÈ a, Bondye ou a.”
31 Konsa, Samuel te swiv Saül retounen e Saül te adore SENYÈ a. 32 Alò, Samuel te di: “Mennen ban m Agag, wa Amalekit yo.”
Epi Agag te vin kote li avèk kè kontan. Akoz Agag t ap di: “Asireman gou anmè lanmò a gen tan pase.”
33 Men Samuel te di: Jij 1:7“Menm jan ke nepe ou te fè fanm yo vin manke pitit; konsa, manman ou va vin manke pitit pami fanm yo.” Epi Samuel te koupe Agag an mòso devan SENYÈ a nan Guilgal.
34 Samuel te ale I Sam 7:17Rama; men Saül te monte vè lakay li nan Guibea ki pou li. 35  I Sam 19:24Samuel pa t wè Saül ankò jis jou li te mouri an. Paske Samuel te gen anpil tristès akoz Saül. Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè Saül wa sou Israël.

15:1 I Sam 9:16

15:2 Egz 17:8-16

15:3 I Sam 22:19

15:4 Jos 15:24

15:6 Egz 18:9-10

15:7 Jen 25:18

15:7 Egz 15:22

15:8 I Sam 15:20

15:9 I Sam 15:3-19

15:11 Egz 32:14

15:11 I Wa 9:6-7

15:12 Jos 15:55

15:15 Egz 32:22-23

15:17 I Sam 9:21

15:18 I Sam 15:3

15:19 I Sam 14:32

15:20 I Sam 15:13

15:21 Egz 32:22-23

15:22 És 1:11-15

15:23 Det 18:10

15:24 Pwov 29:25

15:25 Egz 10:17

15:26 I Sam 13:14

15:27 I Wa 11:30-31

15:28 I Sam 28:17-18

15:29 Éz 24:14

15:30 És 29:13

15:33 Jij 1:7

15:34 I Sam 7:17

15:35 I Sam 19:24