18
Det 10:9“Prèt Levit yo, tout tribi Lévi a, pa pou gen pati oswa eritaj avèk Israël. Yo va manje ofrann pa dife SENYÈ a ki se pati pa Li. Nonb 18:20Yo pa pou gen eritaj pami Izrayelit parèy yo. SENYÈ a se eritaj pa yo, jan Li te pwomèt yo a.
Lev 7:32-34“Men sa va dwa prèt yo ke moun yo dwe fè, ki soti nan sila ki ofri an sakrifis yo, kit yon bèf, oswa yon mouton; ladann, yo va bay prèt la zepòl la avèk de machwè yo, ak tout vant lan. Nou va ba li Nonb 18:12premye fwi a sereyal yo, diven nèf nou, lwil nou, ak premye lenn mouton nou yo. Egz 29:9Paske SENYÈ a te chwazi li ak fis li yo pami tout tribi nou yo pou kanpe e sèvi nan non SENYÈ a jis pou tout tan.
“Alò, si yon Levit sòti nan youn nan vil nou yo atravè tout Israël kote li Nonb 35:2-3rete a, e li vini nenpòt lè li vle kote ke SENYÈ a chwazi a, alò, li va sèvi nan non SENYÈ a, Bondye li a, tankou tout Levit parèy li yo ki kanpe la devan SENYÈ a. Lev 27:30-33Li dwe gen pòsyon egal nan benefis pa yo a, menmlè li te resevwa nan kòb vant posesyon fanmi an.
“Lè nou antre nan tè ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an, nou p ap aprann Det 9:5imite bagay abominab a nasyon sa yo. 10 Pa kite yo jwenn okenn pami nou ki sakrifye fis yo oswa fi yo nan dife, youn pami nou ki pratike divinasyon ak maji, ki fè entèpretasyon sign, oswa youn pami nou ki fè wanga, 11 ni youn pami nou ki fè cham, Lev 19:31k ap prale nan tab tounant, moun k ap rele lespri yo vin parèt, ni youn pami nou ki rele mò yo monte. 12 Paske nenpòt moun ki fè bagay sa yo abominab a SENYÈ a. Lev 16:24Akoz bagay abominab sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, va chase yo sòti devan nou.
13  Jen 6:9 “Fòk nou san fot devan SENYÈ a, Bondye nou an.
14 “Paske nasyon sa yo ke nou va deplase yo, koute konsèy a sila ki II Wa 21:6pratike maji ak sila ki fè divinasyon yo; men pou nou, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t pèmèt ke nou fè sa. 15  Mat 21:11SENYÈ Bondye nou an, va fè leve nan mitan nou yon pwofèt tankou mwen, pami Izrayelit parèy nou yo, nou va koute li. 16 Paske se sa Egz 20:18-19nou te mande SENYÈ a, Bondye nou an, nan mòn Horeb nan jou asanble a, e nou te di: ‘Annou pa tande ankò vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, annou pa wè gran dife sa a ankò, oswa nou va mouri.’
17  Det 5:28“SENYÈ a te di mwen: ‘Yo te pale byen.
18 “ ‘Mwen va fè leve yon pwofèt soti nan mitan Izrayelit parèy yo tankou ou, És 51:16Mwen va mete pawòl Mwen nan bouch li, e li va pale avèk yo tout sa ke Mwen kòmande li. 19  Trav 3:23Li va vin rive ke nenpòt moun ki pa koute pawòl Mwen yo ke li va pale nan non Mwen, Mwen Menm, Mwen va egzije sa de li menm. 20 Men pwofèt ki pale yon mo avèk awogans nan non Mwen, mo Mwen pa t kòmande li pale, oswa Det 13:1-2ke li pale nan non a lòt dye yo, pwofèt sila a va mouri.’
21 “Nou kapab di nan kè nou: ‘Kijan nou va konnen pawòl ke SENYÈ a pa t pale?’ 22  Jr 28:9Lè yon pwofèt pale nan non SENYÈ a, si bagay la pa fèt, oswa pa rive vrè, se bagay sa ke SENYÈ a pa t pale a. Pwofèt la te pale li avèk awogans. Nou pa pou pè li.

18:1 Det 10:9

18:2 Nonb 18:20

18:3 Lev 7:32-34

18:4 Nonb 18:12

18:5 Egz 29:9

18:6 Nonb 35:2-3

18:8 Lev 27:30-33

18:9 Det 9:5

18:11 Lev 19:31

18:12 Lev 16:24

18:13 Jen 6:9

18:14 II Wa 21:6

18:15 Mat 21:11

18:16 Egz 20:18-19

18:17 Det 5:28

18:18 És 51:16

18:19 Trav 3:23

18:20 Det 13:1-2

18:22 Jr 28:9