27
Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo pou di: Nonb 6:2 ‘Lè yon nonm fin fè yon ve ki difisil, li va valorize selon valè moun nou ki apatyen a SENYÈ a. Si valè ou a se yon gason antre ventan ak swasantan daj, valè ke nou va bay li a se senkant sik an ajan, dapre Egz 30:13 sik ki nan sanktyè a. Oubyen, si se yon fanm, alò valè nou va trant sik. Si li antre senkan jiska ventan, alò valè nou pou gason an va ven sik, e pou fanm nan dis sik. Men si yo antre laj yon mwa jis rive nan senkan, valè nou va Nonb 18:16 senk sik an ajan pou gason an, e pou fanm nan, valè nou va twa sik an ajan. Si yo gen swasantan oswa plis, si se yon gason, alò valè li va kenz sik, e pou fanm lan, dis sik. Men si li manke rive nan valè ou, alò li va plase devan prèt ki va bay valè li a. Lev 5:11 Selon mwayen a sila ki te fè ve a, prèt la va ba li valè.
“ ‘Alò, si se yon kalite bèt ke yon mesye ta kapab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, nenpòt sa ki bay a SENYÈ a, va sen. 10  Lev 27:33 Li pa pou ranplase li ni chanje li, yon bon pou yon move, ni yon move pou yon bon. Oswa, si li ta chanje bèt pou bèt, se tou de ki vin sen. 11 Si li se yon bèt ki pa pwòp nan kalite ke moun pa kab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, alò, li va plase bèt la devan prèt la. 12 Prèt la va ba li valè kit li bon, kit li pa bon. Jan nou menm nan, prèt la ba li valè, se konsa li va ye. 13 Men si li ta janmen vle peye ranson li an, alò li va ogmante yon senkyèm nan valè li.
14 “ ‘Alò, si yon mesye konsakre kay li kòm sen pou SENYÈ a, alò prèt la va ba li valè kòm bon, oswa pa bon. Jan prèt la ba li valè, se konsa li va kanpe. 15 Men si sila ki konsakre li a ta vle vin peye ranson li an, alò, li va mete yon senkyèm sou valè pri a pou l kapab vin pou li.
16 “ ‘Ankò, si yon mesye konsakre bay SENYÈ a yon pati nan pwòp chan pa li yo, alò, valè ke nou ba li a va selon fòs kantite semans ki nesesè pou simen li an: yon barik semans lòj vo senkant sik ajan. 17 Si li konsakre chan li an nan menm ane jibile a, selon valè nou ba li, li va kanpe konsa. 18 Si li konsakre chan li an apre jibile a, alò, prèt la va kalkile pri a pou li selon ane ki rete yo jis rive nan ane jibile a; epi li va vin redwi nan valè ke nou bay la. 19 Si sila ki konsakre li a ta janmen vle peye ranson chan an, alò li va adisyone yon senkyèm nan valè ke nou bay sou li a, pou li kapab vin pou li. 20 Malgre sa, si li pa peye ranson chan an, men te vann chan an a yon lòt moun, li p ap kapab peye ranson an ankò; 21 men lè li vin retounen nan jibile a, chan an va vin sen pou SENYÈ a, kòm yon chan ki mete apa. Nonb 18:14 Li va pou prèt la kòm tè pa li.
22 “ ‘Oswa, si li konsakre bay SENYÈ a, yon chan ke li te achte, ki se pa yon pati nan chan pwòp tè pa li a, 23 alò, prèt la va kalkile pou li sòm valè chan an jis rive nan ane jibile a; epi li va nan jou sa a bannou valè nou kòm sen pou SENYÈ a. 24 Nan ane jibile a, chan an va retounen a sila sou li menm li te achte li a, e ki se pwòp mèt teren an. 25 Anplis, chak valè ke nou bay va baze sou sik sanktyè a. Sik la va ven gera (yon ventyèm sik la).
26  Egz 13:22 “ ‘Malgre sa, yon premye pòtre pami bèt yo, ki se kòm premye ne, se pou SENYÈ a, pèsòn pa pou konsakre li; kit se yon bèf, kit se yon mouton, se pou SENYÈ a. 27 Men si li pami bèt ki pa pwòp yo, alò li va rachte li selon valè ke nou ba li e mete yon senkyèm anplis; epi si li pa rachte li, alò li va vann li selon valè ke nou ba li a.
28 “ ‘Sepandan, Nonb 18:14 nenpòt bagay ke yon nonm mete apa pou SENYÈ a nan tout sa ke li genyen, kit se moun, bèt, oswa chan nan pwòp tè li, li p ap janm vann ni peye ranson. Nenpòt bagay ki dedye pou destriksyon, pi sen pou SENYÈ a. 29 Okenn moun ki vin mete apa pami lèzòm p ap janm peye ranson. Li va asireman vin mete a lanmò.
30 “ ‘Konsa Jen 28:22 tout dim tè, semans tè, ni fwi nan bwa, se pou SENYÈ a. Li sen pou SENYÈ a. 31 Alò, konsa, si yon moun vle peye ranson yon pati nan dim li, li va mete yon senkyèm sou li. 32 Paske chak dizyèm pati nan twoupo, oswa nan bann mouton, nenpòt sa ki pase anba baton, dizyèm pati a va sen pou SENYÈ a. 33  Lev 27:10 Li pa konsènan si li bon oswa pa bon, ni li pa pou chanje li. Alò, li menm, ni sa ki ranplase li a, va vin sen. Li pa pou peye ranson.’ ”
34  Lev 26:46 Sa yo se kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fis Israël yo nan mòn Sinai a.

27:2 Nonb 6:2

27:3 Egz 30:13

27:6 Nonb 18:16

27:8 Lev 5:11

27:10 Lev 27:33

27:21 Nonb 18:14

27:26 Egz 13:22

27:28 Nonb 18:14

27:30 Jen 28:22

27:33 Lev 27:10

27:34 Lev 26:46