28
1 Alò, Isaac te rele Jacob, li te beni li, li te kòmande li, e li te di: “✡ Jen 24:3-4 Ou p ap pran yon fanm nan fi Canaan yo.” 2 “Leve ale Paddan-Aram, lakay ✡ Jen 24:3-4Bethuel, papa a manman ou; epi de la, pran yon madanm pami fi a Laban yo, frè manman ou an.
3 “Ke Bondye Toupwisan an kapab beni ou, bay ou anpil fwi, e fè ou miltipliye pou yo kapab devni yon gran fòs kantite moun. 4 Ke li kapab osi bay ou ✡ Jen 12:2benediksyon Abraham nan, pou ou menm, ak pou desandan ou yo osi, ke ou kapab posede peyi kote w ap demere a, ke Bondye te bay a Abraham nan.”
5 Alò, ✡ Jen 27:43Isaac te voye Jacob ale, li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.
6 Epi Ésaü te wè ke Isaac te beni Jacob e te voye li ale Paddan-Aram pou pran pou li menm yon madanm e ke lè li te beni li, li te bay li lòd, e te di: “✡ Jen 28:1Ou pa pou pran yon madanm nan fi a Canaan yo,” 7 epi ke Jacob te obeyi papa li, ak manman li, li te ale Paddan-Aram.
8 Konsa Ésaü te wè ke ✡ Jen 24:3fi Canaan yo pa t plè papa li Isaac; 9 epi Ésaü te ale kote Ismaël, e li te marye, ✡ Jen 26:34 anplis ke madanm yo li te gen deja, Mahalath, fi Ismaël la, fis Abraham nan, sè Nebajoth la.
10 Epi Jacob te pati ✡ Jen 26:23Beer-Schéba e te ale vè ✡ Jen 12:4-5Charan. 11 Li te vini nan yon ✡ Jen 28:19sèten kote pou te pase nwit lan la, akoz solèy la te gen tan fin kouche; epi li te pran youn nan wòch yo, li te mete l anba tèt li, e li te kouche la nan plas sila a.
12 Li te fè yon rèv, e li te gade yon nechèl yo te mete sou latè, tèt li te rive nan syèl la; epi gade, zanj Bondye yo t ap monte desann sou li. 13 Epi SENYÈ a te kanpe anwo li, e te di: “Mwen se SENYÈ a, ✡ Jen 26:3Bondye papa Abraham nan ak Bondye Isaac la. Tè sa kote ou kouche a, Mwen va bay ou li pou ou menm ak ✡ Jen 12:7desandan ou yo. 14 Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye ✡ Jen 13:14-15 nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid; epi nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.
15 “Gade byen, Mwen avèk ou, Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen ✡ Jen 48:21va fè ou retounen nan peyi sa a; paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”
16 Alò, Jacob te ✡ I Wa 3:15leve nan dòmi an, e li te di: “Anverite SENYÈ a nan plas sila a, e mwen pa t konnen.” 17 Li te pè, e li te di: “Alò, ✡ Sòm 68:35A la etonnan plas sa a etonnan! Sila a pa lòt ke lakay Bondye, e sa se pòtay Syèl la.”
18 Epi Jacob te leve bonè nan maten, li te pran ✡ Jen 28:11wòch ke li te plase anba tèt li a, li te etabli li tankou yon pilye, e li te vide lwil sou tèt li pilye a. 19 Li te rele plas sa a ✡ Jij 1:23Béthel; men oparavan non a vil sa a se te ✡ Jen 35:6Luz.
20 Epi Jacob te fè yon sèman, e li te di: “✡ Jen 28:15 Si Bondye ale avèk mwen, Li va kenbe mwen nan vwayaj sila ke m ap fè a, e Li va ban mwen ✡ I Tim 6:8 manje pou m manje, ak rad pou m mete, 21 epi mwen va retounen lakay papa m anpè, ✡ Det 26:17alò SENYÈ a va Bondye pa m. 22 Wòch sila a, ke m etabli tankou pilye a, va devni Lakay Bondye, e ✡ Lev 27:30nan tout sa ke ou ban mwen, mwen va anverite bay yon dim a Ou menm.”