26
1 Alò, te gen yon ✡ Jen 12:10gwo grangou nan peyi a, ki te fèt apre gwo grangou ki te fèt nan jou Abraham yo. Epi Isaac te ale Guérar vè ✡ Jen 20:1-2Abimélec, wa Filisten yo.
2 Senyè a te ✡ Jen 12:7parèt a li menm e te di: “Pa desann an Égypte; rete nan peyi ke Mwen va montre ou a. 3 Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm e a desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli ✡ Jen 22:16-18sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.
4 ✡ Jen 15:5“Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e nan ✡ Jen 22:18desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni; 5 akoz Abraham te ✡ Jen 22:16obeyi Mwen, e kenbe chaj Mwen, Kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, avèk lwa Mwen yo.” 6 Konsa, Isaac te viv Guérar.
7 Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: “✡ Jen 12:13Li se sè mwen”: paske li te pè pou di: “madanm mwen”: akoz li te panse: “mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl.”
8 Li te rive lè li te rete la pandan anpil tan, ke Abimélec, wa Filisten yo t ap gade nan yon fenèt, e gade, li te wè Isaac ki t ap karese madanm li, Rebecca. 9 Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’ ”?
Epi Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’ ”
10 ✡ Jen 20:9Abimélec te di: “Kisa ke ou te fè nou la a? Yon moun nan pèp la ta kapab fasilman vin kouche avèk madanm ou, e ou t ap fè nou vin koupab pou peche sa a.”
11 Epi Abimélec te bay tout pèp la lòd, e te di: “Moun ki ✡ Sòm 105:15touche mesye sa a, oswa madanm li, asireman va mete a lanmò.”
12 Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Epi ✡ Jen 24:1Senyè a te beni li. 13 Mesye a te ✡ Pwov 10:22 vin rich e li te kontinye vin pi rich jiskaske li te vin ranmase anpil gwo richès. 14 ✡ Jen 24:35Li te posede anpil bann mouton, twoupo avèk anpil chan bèt, jiskaske Filisten yo te vin anvi li. 15 Alò, ✡ Jen 21:25-30 tout pwi ke sèvitè a papa li yo te fouye nan jou Abraham yo, papa li, Filisten yo te bouche lè yo te ranpli yo avèk tè.
16 Alò, Abimélec te di a Isaac: “Kite nou, paske ou ✡ Egz 1:9twò fò pou nou.”
17 Epi Isaac te pati la, li te vin rete nan vale Guérar a, e li te fè anplasman la. 18 Epi Isaac te fouye pwi yo ankò, pwi ki te fouye nan jou papa li yo, Abraham, paske Filisten yo te bouche yo apre mò Abraham nan; epi li te bay yo menm non ke papa li te bay yo.
19 Men lè sèvitè Isaac yo te fouye nan vale a, e te twouve la yon pwi dlo ki t ap boujonnen, 20 Bèje Guérar yo te ✡ Jen 21:25goumen avèk bèje Isaac yo e te di: “Dlo a se pa nou!” Alò, li te nonmen pwi a Ések akoz ke yo te fè kont ak li. 21 Epi yo te fouye yon lòt pwi, yo te goumen sou sila a tou e li te nonmen li Sitna. 22 Li te deplase la, li te fouye yon lòt pwi, e yo pa t goumen sou li; epi li te bay li non a Rehoboth, paske li te di: “Koulye a, Bondye vin bannou plas, e nou va ✡ Jen 17:6rekòlte anpil fwi nan peyi a.”
23 Alò, li te kite la pou monte ✡ Jen 22:19Beer-Schéba. 24 SENYÈ a ✡ Jen 26:2te parèt a li menm nan nwit lan, e te di: “Mwen se Bondye a papa ou, Abraham; pa pè, paske Mwen avè w. Mwen va ✡ Jen 22:17beni ou, e Mwen va fè desandan ou yo miltipliye, pou koz a sèvitè Mwen an, Abraham.”
25 Epi li te bati yon ✡ Jen 12:7-8 lotèl la, li te rele non SENYÈ a, te monte tant li la; epi la sèvitè Isaac yo te fouye yon pwi.
26 Alò, ✡ Jen 21:22Abimélec te vin kote li soti Guérar, avèk konseye li, Ahuzath, avèk Picol, kòmandan lame a. 27 Isaac te di yo: “✡ Jij 11:7Poukisa nou vin kote m, kòmsi nou rayi mwen, e pouse mwen lwen nou?”
28 Yo te di: “Nou wè byen klè ✡ Jen 21:22-23 ke SENYÈ a te avèk ou; alò, nou te di: ‘Annou fè yon sèman antre nou menm, e kite nou fè yon akò avèk ou, 29 ke ou p ap fè nou okenn mal, menm jan ke nou pa t touche ou, nou pa t fè ou anyen sof ke byen, e w ap voye nou ale anpè.’ Koulye a, ou se ✡ Jen 24:31beni a SENYÈ a.”
30 Alò, ✡ Jen 19:3li te fè yon gwo fèt manje pou yo, yo te manje e bwè.
31 Nan maten, yo te leve bonè, e yo ✡ Jen 21:31te sèmante a youn lòt; epi Isaac te voye yo ale kite li anpè.
32 Epi li te vin rive nan menm jou a, ke sèvitè Isaac yo te antre e te avèti li de yon pwi ke yo te fouye, e yo te di li: “Nou gen tan twouve dlo.” 33 Epi li te rele li Schiba; akoz sa yo rele vil la ✡ Jen 21:31Beer-Schéba jis rive jodi a.
34 Lè Ésaü te gen karant ane, ✡ Jen 28:8li te marye avèk Judith, fi Béeri a, Etyen an, e Basmath, fi a Elon an, Etyen an. 35 ✡ Jen 27:46Yo te mennen traka pou Isaac avèk Rebecca.