105
O bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li!
Fè zèv Li yo Sòm 145:12rekonèt pami pèp yo.
Chante a Li menm. Chante lwanj a Li.
Sòm 77:12Pale sou tout mèvèy Li yo.
Bay non Li glwa!
Kite Sòm 33:21 kè a sila ki chache SENYÈ yo vin kontan.
Chache SENYÈ a ak fòs Li.
Sòm 27:8Chache fas Li san rete.
Sonje mèvèy ke Li te fè yo,
mirak Li yo avèk Sòm 119:13jijman ke bouch Li te pale yo.
O jèm Abraham, sèvitè Li a, O fis Jacob la,
sila ke Li te I Kwo 16:13chwazi yo!
Li se SENYÈ a, Bondye nou an.
És 26:9Jijman Li yo nan tout latè.
Li te sonje akò Li a jis pou tout tan,
pawòl ke Li te pase lòd bay pandan Det 7:9mil jenerasyon.
Akò ke Li te fè avèk Abraham nan,
ak Jen 26:3sèman ke Li te fè avèk Isaac la.
10 Li te Jen 28:13-15konfime li a Jacob kon yon règleman,
a Israël kon yon akò ki la pou tout tan.
11 Konsa Li te di: “A ou menm, Mwen va bay peyi
Canaan kon Jos 23:4pòsyon eritaj ou,”
12 Sa te fèt lè se te sèlman kèk grenn moun ke yo te ye,
pa anpil menm, mele ak moun Jen 23:4etranje yo ladann l.
13 Yo t ap mache toupatou
soti nan yon nasyon pou rive nan yon lòt,
soti nan yon wayòm pou rive kote yon lòt pèp.
14 Li Jen 20:7pa t kite pèsòn peze yo.
Wi, Li te repwoche wa yo pou koz a yo menm:
15  Jen 26:11“Pa touche onksyone mwen yo!
Pa fè pwofèt Mwen yo okenn mal!”
16 Li te Jen 41:54rele gwo grangou rive nan peyi a.
Li te kraze sous pen an nèt.
17 Li te voye yon nonm devan yo, Joseph ki te vann kon esklav.
18 Yo te aflije Jen 39:20pye li ak chenn.
Joseph, pou kont li, te kouche nan fè yo,
19 jiskaske pawòl li te vin acheve.
Jen 40:20Pawòl SENYÈ a te fè l kanpe janm.
20  Jen 41:14Wa a te voye lage li.
Dirijan a pèp la menm, te bay li libète.
21 Li te Jen 41:40-44fè li mèt lakay li ak chèf sou tout byen li yo,
22 pou mete prens li yo nan prizon lè l te pito,
pou l te kab enstwi ansyen sa yo sajès.
23 Israël osi te rive an Égypte.
Konsa Jacob te Trav 13:7 vin demere nan peyi Cham nan.
24 SENYÈ a te fè pèp pa Li vin peple anpil.
Li te Egz 1:7-9fè yo vin pifò ke advèsè yo.
25 Li te Egz 1:8vire kè yo pou yo rayi pèp Li a,
pou yo aji ak gwo mechanste avèk sèvitè Li yo.
26 Li te Egz 3:10 voye Moïse, sèvitè Li a,
avèk Aaron ke Li te chwazi.
27 Yo te Sòm 78:43-51fè zèv mèvèy Li yo pami yo,
avèk mirak nan peyi Cham yo.
28 Li te Egz 10:21-22voye tenèb e te fè l fènwa.
Epi yo pa t fè rebèl kont pawòl Li yo.
29 Li te Egz 7:20-21fè dlo yo devni san
e te fè pwason yo mouri.
30 Peyi yo te ranvaye avèk Egz 8:6krapo,
menm jis rive nan chanm a wa yo.
31 Li te pale e te vin rive yon Egz 8:16-21epidemi
mouch yo, ak vèmin nan tout teritwa yo.
32 Li te bay yo Egz 9:23-25lagrèl pou lapli,
avèk dife brile nan peyi yo.
33 Li te frape fè desann tout chan fwi yo e
te kraze fann pyebwa nan teritwa yo.
34 Li te pale e Egz 10:12-15krikèt volan yo te vini.
Ak jenn krikèt san kontwòl.
35 Yo te manje tout sa ki te vèt nan peyi yo,
e te manje fwi a teren yo.
36 Anplis, Li te frape touye tout premye ne nan peyi yo,
Jen 49:3 premye fwi a fòs yo.
37 Li te fè yo sòti ak Egz 12:35-36ajan ak lò.
Pami pèp Li yo, pa t gen yon grenn ki te tonbe.
38 Égypte te Egz 12:33kontan lè yo te sòti,
paske laperèz yo te fin tonbe sou yo.
39 Li te louvri yon Egz 13:21nwaj kon kouvèti,
avèk dife ki pou klere nan nwit la.
40 Yo te mande e li te pote zòtolan pou
te satisfè yo avèk Egz 16:15 pen syèl la.
41 Li te ouvri wòch la e Egz 17:6dlo te sòti ladann.
Li te koule kote sèch yo tankou yon rivyè.
42 Li te Jen 15:13-14sonje pawòl sen Li yo avèk Abraham, sèvitè Li a.
43 Konsa, Li te mennen fè sòti pèp Li a avèk jwa,
sila ke Li te chwazi avèk Egz 15:1gwo kri ak kè kontan yo.
44 Li te Jos 11:16-23bay yo, anplis, peyi a nasyon yo,
Pou yo ta pran posesyon a zèv a pèp yo,
45 pou yo te kab Det 4:1-40kenbe règleman Li yo, e swiv lwa Li yo.
Louwe SENYÈ a!

105:1 Sòm 145:12

105:2 Sòm 77:12

105:3 Sòm 33:21

105:4 Sòm 27:8

105:5 Sòm 119:13

105:6 I Kwo 16:13

105:7 És 26:9

105:8 Det 7:9

105:9 Jen 26:3

105:10 Jen 28:13-15

105:11 Jos 23:4

105:12 Jen 23:4

105:14 Jen 20:7

105:15 Jen 26:11

105:16 Jen 41:54

105:18 Jen 39:20

105:19 Jen 40:20

105:20 Jen 41:14

105:21 Jen 41:40-44

105:23 Trav 13:7

105:24 Egz 1:7-9

105:25 Egz 1:8

105:26 Egz 3:10

105:27 Sòm 78:43-51

105:28 Egz 10:21-22

105:29 Egz 7:20-21

105:30 Egz 8:6

105:31 Egz 8:16-21

105:32 Egz 9:23-25

105:34 Egz 10:12-15

105:36 Jen 49:3

105:37 Egz 12:35-36

105:38 Egz 12:33

105:39 Egz 13:21

105:40 Egz 16:15

105:41 Egz 17:6

105:42 Jen 15:13-14

105:43 Egz 15:1

105:44 Jos 11:16-23

105:45 Det 4:1-40