33
Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!
Lwanj Sòm 92:1bèl lè l sòti nan moun ki dwat.
Sòm 71:22Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.
Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.
Chante a Li menm yon chan tounèf.
Jwe ak kapasite e fò avèk yon Sòm 98:4gwo kri lajwa.
Paske pawòl SENYÈ a dwat.
Tout zèv Li yo fèt Sòm 119:90 avèk fidelite.
Li Sòm 11:7renmen ladwati avèk jistis.
Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.
Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:
pa souf a bouch Li, Jen 2:1tout lame syèl yo.
Li ranmase tout Egz 15:8dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil.
Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.
Kite Sòm 67:7tout latè krent SENYÈ a.
Kite tout sila ki rete nan mond lan
kanpe etone nèt pa Li menm.
Paske Jen 1:3Li te pale e mond lan te fèt.
Li te kòmande e li te kanpe fèm.
10 SENYÈ a Sòm 2:1-3ranvèse konsèy a nasyon yo.
Li anile pwojè a pèp yo.
11  Job 23:12Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,
e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.
12 Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,
13 pèp ke Li te Egz 19:5 chwazi pou pwòp eritaj Li a.
SENYÈ a Job 28:24gade depi nan syèl la.
Li wè tout fis a lòm yo.
14 Soti nan I Wa 8:39-43abitasyon Li an,
Li veye sou tout sila ki rete sou latè yo.
15 Li menm ki Job 10:8fòme kè a yo tout,
Li menm ki konprann tout zèv yo.
16  Sòm 44:6Wa a pa sove pa yon lame pwisan.
Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.
17 Yon cheval se yon Sòm 20:7fo espwa pou viktwa a,
ni li p ap delivre pèsòn ak pwisans li.
18 Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,
sou sila ki Sòm 32:10mete espwa yo nan lanmou dous Li a,
19 pou Sòm 56:13delivre nanm pa yo devan lanmò,
e kenbe yo vivan nan gwo grangou.
20 Nanm nou És 8:17ap tann SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.
21 Paske Za 10:7kè nou rejwi nan Li, akoz
nou mete konfyans nou nan sen non Li.
22 Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou,
selon esperans ke nou te mete nan Ou a.

33:1 Sòm 92:1

33:2 Sòm 71:22

33:3 Sòm 98:4

33:4 Sòm 119:90

33:5 Sòm 11:7

33:6 Jen 2:1

33:7 Egz 15:8

33:8 Sòm 67:7

33:9 Jen 1:3

33:10 Sòm 2:1-3

33:11 Job 23:12

33:13 Egz 19:5

33:13 Job 28:24

33:14 I Wa 8:39-43

33:15 Job 10:8

33:16 Sòm 44:6

33:17 Sòm 20:7

33:18 Sòm 32:10

33:19 Sòm 56:13

33:20 És 8:17

33:21 Za 10:7