34
Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati.
Mwen va Ef 5:20beni SENYÈ a nan tout tan.
Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.
Nanm mwen va Jr 9:24fè glwa li nan SENYÈ a.
Enb yo va tande l, e yo va rejwi.
O leve SENYÈ a byen wo avè m.
Annou Sòm 18:46leve non L wo ansanm.
Mwen te Mat 7:7chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,
epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.
Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.
Figi yo Sòm 25:3p ap janm wont.
Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li,
epi Sòm 34:4te sove li sòti nan tout twoub li yo.
Sòm 91:11Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,
epi li sove yo nan gwo twoub.
O goute e wè ke Bondye bon.
A la beni nonm Sòm 2:12ki kache nan Li a beni!
Krent SENYÈ a, O nou menm ki Sòm 31:23sen Li yo.
Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.
10 Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou,
men sila ki chache SENYÈ yo,
Sòm 84:11p ap manke okenn bon bagay.
 
11 Vini, pitit, koute mwen.
Mwen va enstwi ou nan Sòm 111:10lakrent SENYÈ a.
12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen
jou li yo pou li kapab Ekl 3:13wè sa ki bon?
13 Kenbe Pwov 13:3lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
14 Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon.
És 1:16Chache lapè e fè efò pou twouve li.
15  Job 36:7Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.
Zòrèy Li koute kri yo.
16 Figi SENYÈ a kont malfektè yo,
pou Am 9:4efase memwa yo sou tè a.
17  Sòm 34:6Moun dwat kriye.
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki És 57:15kraze nan lespri yo.
19 Anpil, se II Tim 3:11afliksyon a moun dwat la,
men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
20 Li konsève tout zo li yo.
Jn 19:33-36Pa menm youn nan yo va kase.
21 Se Sòm 94:23mechanste ki va touye mechan an.
Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.
22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.
P ap gen nan sila ki Sòm 37:40kache nan Li yo
k ap kondane.

34:1 Ef 5:20

34:2 Jr 9:24

34:3 Sòm 18:46

34:4 Mat 7:7

34:5 Sòm 25:3

34:6 Sòm 34:4

34:7 Sòm 91:11

34:8 Sòm 2:12

34:9 Sòm 31:23

34:10 Sòm 84:11

34:11 Sòm 111:10

34:12 Ekl 3:13

34:13 Pwov 13:3

34:14 És 1:16

34:15 Job 36:7

34:16 Am 9:4

34:17 Sòm 34:6

34:18 És 57:15

34:19 II Tim 3:11

34:20 Jn 19:33-36

34:21 Sòm 94:23

34:22 Sòm 37:40