9
 1 Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an mòso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va ✡Am 7:17touye rès yo ak nepe. Yo ✡Jr 11:11 p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape.   2 Menmsi yo ta fouye antre nan ✡Sòm 139:8sejou mò yo; la, men, Mwen va pran yo soti la. Menmsi yo ✡Jr 51:53 monte rive nan syèl la, Mwen va rale yo soti la pou fè yo desann.   3 Menmsi yo kache sou tèt mòn Carmel la, Mwen va ✡Jr 16:16chèche fè yo soti la; epi menmsi yo ta kache kò yo anba nan pwofondè lanmè a, mwen va kòmande ✡És 27:1 sèpan an, e li va mòde yo.   4 Menmsi yo antre an ✡Lev 26:33 kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen.   5 Senyè BONDYE dèzame yo, se Sila ki ✡Sòm 104:32touche tè a pou li fann, e ✡Am 8:8 tout sila ki rete ladann yo, va fè dèy. Kriye sa a va monte tankou Rivyè Nil lan, e vin bese ankò tankou Nil Égypte la.   6 Sila ki bati chanm wo Li yo nan syèl yo, e ki te etabli vout plafon syèl la anwo tè a, sila ki rele dlo lanmè yo pou vide yo sou sifas tè a—se SENYÈ a ki non Li.✡És 13:10; Sòm 104:3,13   7 Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak ✡Det 2:23 Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir?   8 Gade byen, zye a Senyè BONDYE a sou wayòm nan ki plen peche a; Mwen va detwi l soti sou sifas tè a. Sepandan ✡Jr 5:10 Lakay Jacob la p ap detwi nèt,” deklare SENYÈ a.   9 “Paske gade byen, Mwen ap kòmande, e Mwen va ✡És 30:28 souke lakay Israël pami nasyon yo, tankou yon grenn k ap souke nan yon paswa, men menm yon grenn p ap tonbe atè.   10 Tout ✡És 33:14 pechè pami pèp Mwen an va mouri pa nepe, sila yo k ap di: ✡Am 6:3 ‘Malè pa rive sou nou ni parèt devan nou.’   11 Nan jou sa a, Mwen va ✡Trav 15:16-18fè leve ✡És 16:5 Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo;   12 ✡Ab 19pou yo kapab vin posede retay ✡Nonb 24:18 Édom an ak tout nasyon ki rele pa non Mwen yo,” deklare SENYÈ ki fè sa a.   
 13 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare  
SENYÈ a,  
“lè ✡Lev 26:5 sila k ap raboure a va depase sila  
k ap rekòlte a,  
e sila k ap foule rezen an va depase  
sila k ap simen grenn nan;  
lè ✡Jl 3:18mòn yo va degoute diven dous e  
tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.   
 14 Anplis, Mwen va ✡Sòm 53:6 restore pèp Mwen an,  
Israël, ki an kaptivite a,  
e yo va ✡És 61:4rebati vil ki kraze nèt yo  
pou yo viv ladan yo.  
Anplis, yo va plante chan rezen yo  
pou bwè diven yo;  
epi fè jaden pou manje fwi yo.   
 15 Mwen va osi plante yo sou pwòp tèren pa yo,  
e ✡És 60:21yo p ap dechouke yo ankò soti nan peyi  
ke Mwen te bay yo a,” pale SENYÈ a,  
Bondye Ou a.