24
Lè Balaam te wè ke sa te fè SENYÈ a plezi pou beni Israël, li pa t ale tankou lòt fwa yo pou chache wanga, men li te fikse figi li vè Nonb 23:28dezè a. Konsa, Balaam te leve zye li anwo, li te wè Israël ki t ap fè kan, tribi pa tribi; epi I Sam 19:20Lespri Bondye te vini sou li.
Li te reprann diskou li e te di:
Nonb 24:15-16“Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a,
Pòt pawòl a nonm ki gen zye louvri a;
Pòt pawòl a sila ki Nonb 22:20koute pawòl a Bondye yo,
ki wè vizyon Toupwisan an, ki t ap tonbe,
men zye li gen tan vin debouche.
Ala tant nou yo bèl, O Jacob,
ak abitasyon nou yo, O Israël!
Tankou vale ki vin ouvri byen laj,
tankou jaden ki bò kote rivyè yo,
tankou plan lalwa ki plante pa SENYÈ a,
tankou bwa Sòm 45:8 sèd ki bò kote dlo yo.
Dlo yo va koule nan bokit li yo,
e jèm desandan li yo va bò kote anpil dlo.
Wa li a va pi wo pase I Sam 15:8Agag, e wayòm li a va vin egzalte.
Nonb 23:22Bondye mennen l sòti an Égypte.
Li pou li tankou kòn a yon bèf mawon.
Li va devore nasyon ki advèsè li yo.
Li va kraze zo yo an mòso,
Li va kraze yo avèk flèch li yo.
Li koube ba, li kouche tankou yon lyon;
tankou yon manma lyon.
Se kilès ki kab tante deranje l?
Jen 12:3Beni se tout moun ki beni ou,
e modi se tout moun ki modi ou.”
10 Konsa, kòlè Balak te brile kont Balaam. Li frape men l ansanm; epi li te di a Balaam: “Mwen te rele ou pou modi lènmi mwen yo, men gade, ou te pèsiste nan beni yo menm twa fwa sa yo! 11 Pou sa, kouri ale nan plas ou koulye a. Mwen te di ke mwen ta onore ou anpil, men gade byen, SENYÈ a te anpeche ou resevwa onè a.”
12 Balaam te di a Balak: “Èske mwen pa t di Nonb 22:18mesaje ke ou te voye kote mwen yo: 13 ke menm si Balak te ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, ke m pa t kab fè anyen kontrè ak lòd SENYÈ a, kit bon kit mal Nonb 16:28nan pwòp volonte pa m. Nonb 31:8-16Sa ke SENYÈ a pale a, se sa mwen va pale? 14 Epi koulye a, veye byen, Nonb 31:8-16mwen ap prale kote pèp mwen an. Vini, mwen va bay ou konsèy sou sa ke pèp sa a va fè a pèp pa ou a nan jou k ap vini yo.”
15 Li te reprann diskou li e te di:
Nonb 24:3-4“Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a,
e pòt pawòl a nonm avèk zye louvri a di,
16 Li di ki tande pawòl Bondye yo,
ki gen konesans a Trè Wo a,
ki wè vizyon a Toupwisan an,
k ap tonbe, men ak zye li ki gen tan fin ouvri.
17 Mwen wè li, men pa koulye a.
Mwen gade l, men pa toupre.
Yon zetwal va sòti nan Jacob.
Jen 49:10Yon baton a wa va leve sòti an Israël.
Li va kraze travèse fwon Moab la,
e li va dechire tout fis a Seth yo.
18  Am 9:11-12Édom va yon posesyon pou li.
Jen 32:3Séir, lènmi li, osi, va yon posesyon pou li,
pandan Israël ap aji avèk gwo kouraj.
19 Youn ki soti nan Jacob va gen tout pouvwa,
li va detwi retay lavil la.”
 
20 Li te gade Amalec. Li te reprann diskou li e li te di:
“Amalec se te premye nan nasyon yo,
Nonb 24:24 men lafen li pi lwen se destriksyon.”
 
21 Epi li te gade Jen 15:9 Kenizyen nan, li te reprann diskou li e li te di:
“Kote ou rete a, gen andirans.
Nich kote ou chita nan falèz la.
22 Malgre, Cain va gate nèt,
jis lè Jen 10:21-22Asiryen yo pote nou ale an kaptif?”
 
23 Epi li te vin reprann diskou li. Li te di:
“Ay, kilès ki ka viv lè Bondye fè sa a?
24 Men gwo bato yo va sòti nan kòt Éz 27:6Kittim.
Yo va pini Asiryen yo, yo va aflije Jen 10:21Éber.
Men li menm tou va vin detwi.”
25 Konsa, Balaam te leve e te pati pou retounen nan Nonb 24:14 plas li, e Balak osi te al fè wout li.

24:1 Nonb 23:28

24:2 I Sam 19:20

24:3 Nonb 24:15-16

24:4 Nonb 22:20

24:6 Sòm 45:8

24:7 I Sam 15:8

24:8 Nonb 23:22

24:9 Jen 12:3

24:12 Nonb 22:18

24:13 Nonb 16:28

24:13 Nonb 31:8-16

24:14 Nonb 31:8-16

24:15 Nonb 24:3-4

24:17 Jen 49:10

24:18 Am 9:11-12

24:18 Jen 32:3

24:20 Nonb 24:24

24:21 Jen 15:9

24:22 Jen 10:21-22

24:24 Éz 27:6

24:24 Jen 10:21

24:25 Nonb 24:14