32
Alò, pandan Jacob te fin pran wout li, II Wa 6:16-17zanj Bondye yo te rankontre li. Jacob te di lè li te wè yo: “Sa se lame Bondye a.” Konsa, li te nonmen plas sa a Jos 21:38Mahanaïm.
Alò, Jacob te voye mesaje yo devan li kote frè li Ésaü nan peyi Jen 14:16Séir a nan teritwa Jen 25:30Édom an. Li te bay mesaje yo lòd, e li te di: “Konsa ou va pale a mèt mwen an, Ésaü: ‘Men sa ke sèvitè ou, Jacob di ou: Mwen te vin rete avèk Laban, e mwen te Jen 31:41demere la jis rive koulye a. Mwen gen bèf avèk bourik, avèk bann mouton, sèvitè avèk sèvant. M ap voye pou di mèt mwen sa, pou m kapab vin jwenn favè nan zye w.’ ”
Mesaje yo te retounen vè Jacob. Yo te di li: “Nou te rankontre frè ou Ésaü. Konsa, li ap vin kote ou avèk kat-san òm.”
Epi Jacob te vin Jen 32:11pè anpil, e byen twouble. Li te divize moun ki te avè l yo, bann mouton, twoupo bèf ak chamo pou fè de konpanyen. Konsa, li te di: “Si Ésaü ta vin atake youn nan konpanyen yo, alò, konpanyen ki rete a va chape.”
Jacob te di: “O Bondye a papa m nan Abraham e Bondye a papa m nan Isaac, O SENYÈ ki te di mwen an: Jen 28:15‘Retounen nan peyi ou, e a moun fanmi ou yo, e mwen va fè ou vin pwospere,’ 10 mwen pa merite Jen 24:27tout lanmou, mizerikòd ak fidelite ke ou te montre sèvitè ou a; paske se sèl avèk baton mwen ke m te travèse rivyè Jourdain an, men koulye a nou vin de konpanyen. 11  Sòm 59:1-2Delivre mwen, souple Jen 27:41-42anba men frè m nan, anba men Ésaü; paske mwen pè li, pou li pa vin atake mwen avèk manman yo, ak timoun yo. 12 Paske ou te di: ‘Anverite, Jen 28:14Mwen va fè nou vin pwospere, e fè desandan nou yo vin tankou sab lanmè a, k ap twò gran pou konte.’ ”
13 Epi li te pase nwit lan la. Alò, li te chwazi nan sa li te gen avè l yo kòm yon Jen 43:11kado pou frè li, Ésaü: 14 De-san kabrit femèl, ven kabrit mal, de-san femèl mouton, ak ven mal, 15 trant chamo ki t ap bay lèt a pitit pa yo, karant bèf avèk dis towo, ven bourik femèl, ak dis ti bourik.
16 Li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Chak ekip te mache pou kont li, e li te di a sèvitè li yo: “Pase devan m, e mete yon espas antre de bann yo.” 17 Li te kòmande sila ki te devan an e li te di li: “Lè frè m Ésaü vin rankontre ou, e mande ou: ‘Pou kilès ou ye, kibò w prale, e pou kilès bèt sa yo ki devan ou yo ye?’ 18 Alò, ou va di: ‘Se pou sèvitè ou, Jacob. Se yon kado ke li voye bay mèt mwen, Ésaü. Men gade byen, li la dèyè nou.’ ”
19 Li te kòmande osi a dezyèm nan, a twazyèm nan, ak tout sa ki te swiv ekip yo, e li te di: “Se konsa nou va pale avèk Ésaü lè nou rankontre li. 20 Ou va di: ‘Gade, men sèvitè ou Jacob dèyè nou an tou.’ Paske li te di: ‘Mwen va satisfè li avèk kado ki ale devan m yo. E apre, mwen va wè figi li. Petèt li kapab aksepte mwen.’ ” 21 Epi kado a te pase devan li, e li menm te pase nwit lan menm kote li te fè kan an.
22 Alò, li te leve pandan menm nwit lan, e li te pran de madanm li yo avèk de sèvant li yo, onz pitit li yo, e li te travèse lariviyè a bò kote Det 3:16Jabbok la. 23 Li te pran yo, e li te voye yo travèse dlo a. Konsa, li te voye travèse ak tout sa li te genyen.
24 Konsa, Jacob te rete tout sèl, e yon nonm te Os 12:3-4vin lite avèk li jis rive granmmaten. 25 Lè li te wè ke li pa t genyen l, li te touche gwo jwenti janm li (anwo kote l tache nan kò a), epi li te vin dejwente pandan li t ap lite avè l. 26 Epi nonm nan te di: “Lage m, paske jou a pwòch.”
Men Jacob te di: “ Os 12:4Mwen p ap lage ou amwenske ke ou beni m.”
27 Alò, li te di li: “Kòman yo rele ou?”
Li te reponn: “Jacob.”
28 Li te di: “Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël; paske ou te lite avèk Bondye, e avèk lòm, epi ou te reyisi.” 29 Alò Jij 13:17-18 Jacob te mande li: “Souple, di m non ou.” Li te reponn: “Poukisa ou mande m non mwen?” Epi li te beni li la. 30 Konsa, Jacob te nonmen kote sa Peniel, paske li te di: “ Jen 16:13Mwen te wè Bondye fasafas, malgre sa, vi mwen te prezève.”
31 Alò, solèy la te leve sou li nan menm moman li t ap travèse Jij 8:8Peniel la, e li te bwate akoz gwo janm nan. 32 Pou sa, jis jounen jodi a, fis Israël yo pa manje tandon ki tache nan gwo janm nan avèk anch ki sou jwenti a, akoz ke li te touche jwenti gwo janm nan tandon ki tache nan anch lan.

32:1 II Wa 6:16-17

32:2 Jos 21:38

32:3 Jen 14:16

32:3 Jen 25:30

32:4 Jen 31:41

32:7 Jen 32:11

32:9 Jen 28:15

32:10 Jen 24:27

32:11 Sòm 59:1-2

32:11 Jen 27:41-42

32:12 Jen 28:14

32:13 Jen 43:11

32:22 Det 3:16

32:24 Os 12:3-4

32:26 Os 12:4

32:29 Jij 13:17-18

32:30 Jen 16:13

32:31 Jij 8:8