12
Éphraïm manje sou van,
e kouri dèyè Jen 41:6van lès la.
Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans.
Anplis, li fè yon akò ak Assyrie
e lwil vin pote an Égypte.
Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda
e Li va pini Jacob Os 4:1; Os 7:2selon chemen li yo.
Li va rekonpanse li selon zak li yo.
Nan vant manman, li te Jen 25:26kenbe frè l pa talon;
epi lè l fin grandi, li te Jen 32:28 lite ak Bondye.
Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l;
li te kriye e li te Jen 32:26chache favè li.
Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.
Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo,
SENYÈ a se Egz 3:15 non Li!
Pou sa, retounen kote Bondye ou a,
Os 6:1-3; Mi 6:8 Swiv ladousè ak lajistis,
e tann Bondye ou a tout tan.
Men yon machann, ak Pwov 11:1fo balans lan nan men l.
Li renmen twonpe moun.
Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich.
Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen;
Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri
Os 4:8 okenn inikite, ki ta peche.”
 
Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou,
depi nan peyi Égypte la, va fè ou Lev 23:42 viv nan tant ankò,
tankou nan jou fèt deziye yo.
10 Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo
e mwen te miltipliye vizyon yo;
epi selon ministè II Wa 17:13pwofèt yo,
mwen te sèvi Éz 17:2 parabòl.
11 Èske gen inikite nan Galaad?
Anverite, yo tout san valè.
Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo;
wi Os 8:11 lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan.
12 Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram,
Jen 28:5; Jen 29:20Israël te travay pou resevwa yon madanm.
Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.
13 Epi pa yon Egz 14:19-22pwofèt, SENYÈ a
te mennen Israël sòti an Égypte.
Pa yon pwofèt, li te vin prezève.
14 Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè.
Akoz sa, Senyè li va kite Éz 18:10-13san li koule sou li,
e fè Dan 11:18 repwòch li tounen sou li.

12:1 Jen 41:6

12:2 Os 4:1; Os 7:2

12:3 Jen 25:26

12:3 Jen 32:28

12:4 Jen 32:26

12:5 Egz 3:15

12:6 Os 6:1-3; Mi 6:8

12:7 Pwov 11:1

12:8 Os 4:8

12:9 Lev 23:42

12:10 II Wa 17:13

12:10 Éz 17:2

12:11 Os 8:11

12:12 Jen 28:5; Jen 29:20

12:13 Egz 14:19-22

12:14 Éz 18:10-13

12:14 Dan 11:18