8
Mete twonpèt la sou lèv ou yo!
Yon moun ki tankou yon malfini
vini kont lakay SENYÈ a;
Akoz yo te transgrese akò Mwen an
e fè rebèl kont lalwa Mwen an.
Yo va rele a Mwen menm:
‘Bondye mwen an, nou menm—-Israël—Nou konnen Ou.’
Israël te rejte sa ki bon;
lènmi an va kouri dèyè l.
Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm;
Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm.
Ak Os 2:8ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo,
jis pou yo ta ka koupe retire nèt.
Li te rejte Os 10:5jenn bèf ou a, O Samarie!
Kòlè Mwen ap brile kont yo!
Pou konbyen de tan yo va konsa,
san kapasite pou vin pirifye?
Paske, sa menm sòti an Israël;
Se yon ouvriye ki fè l; Li pa yon Dye;
Anverite, jenn bèf Samarie a va kraze an mòso. Os 13:2
Paske Pwov 22:8yo simen van e yo rekòlte És 66:15 toubiyon.
Israël vin II Wa 17:6vale nèt;
Koulye a, se pami nasyon yo ye;
Tankou yon Jr 22:28 veso ki pa bay plezi a okenn moun.
Paske yo te monte Os 7:11 Assyrie;
Kon yon Jr 2:24bourik mawon pou kont li,
Éphraïm te achte moun ki renmen li yo.
10 Malgre sa, yo achte relasyon pami nasyon yo;
Se koulye a, Mwen va ranmase yo.
Yo va kòmanse vin Jr 42:2febli akoz presyon
a És 10:8 wa de sa yo ak pwisans.
11 Akoz Éphraïm te Os 10:1Miltipliye lotèl pou peche yo,
Yo te devni lotèl a peche pou li.
12 Malgre sa Det 4:6,8 Mwen te ekri pou li
anpil règleman Os 4:6Lalwa Mwen yo,
Yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl.
13 Pou sakrifis a ofrann Mwen yo,
yo fè sakrifis vyann e yo manje l;
SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo.
Alò, Li va Jr 14:10 sonje inikite yo
e Os 4:9pini yo pou peche yo;
Yo va retounen an Egypte.
14 Paske Israël te Det 32:18 bliye Kreyatè li a
e li te És 9:9,10bati palè yo;
Epi Juda te miltipliye vil fòtifye yo,
men Mwen va voye dife sou vil li yo
e li Va devore gwo palè li yo.

8:4 Os 2:8

8:5 Os 10:5

8:6 Os 13:2

8:7 Pwov 22:8

8:7 És 66:15

8:8 II Wa 17:6

8:8 Jr 22:28

8:9 Os 7:11

8:9 Jr 2:24

8:10 Jr 42:2

8:10 És 10:8

8:11 Os 10:1

8:12 Det 4:6,8

8:12 Os 4:6

8:13 Jr 14:10

8:13 Os 4:9

8:14 Det 32:18

8:14 És 9:9,10