10
Malè a sila ki Sòm 94:20 fè règleman lajistis ki pa dwat yo ak sila k ap anrejistre desizyon ki pa jis yo, pou rache lajistis nan men a endijan yo, vòlè dwa a moun malere yo, pou vèv ka sèvi kon piyaj pou yo, e És 1:23 pou yo ka piyaje òfelen yo. Alò, se kisa nou va fè nan És 13:6 jou chatiman an ak nan jou destriksyon ki va sòti byen lwen an? A kilès nou va kouri rive pou jwenn sekou? Epi se ki kote nou va lèse richès ak byen nou?
Anyen pa p rete men y ap akwoupi pami kaptif yo oswa tonbe pami sila ki touye yo. És 5:25 Malgre sa, kòlè Li pa detounen e men L toujou lonje.
 
Malè a Jr 51:20 Assyrie, baton kòlè Mwen an, e zouti pou kòlè Mwen an. Mwen voye li kont yon nasyon ki san Bondye e Mwen bay li komisyon kont pèp k ap resevwa kòlè Mwen an, pou kaptire piyaj yo, sezi byen yo, e pou foule yo anba tankou És 5:25 labou nan lari. Men Jen 50:20 se pa sa ki entansyon li; ni plan an pa konsa nan kè l. Men pito bi li se pou detwi e koupe retire nèt pami anpil nasyon. Paske li di: “Èske tout prens mwen yo pa wa yo? Èske Calno pa tankou II Kwo 35:20 Carkemisch, oswa Hamath pa tankou Arpad? Ni Samarie pa tankou Damas? 10 Menm jan men m te rive kote II Wa 19:17-18 wayòm a zidòl yo, ki te gen imaj taye pi gran pase sila Jérusalem ak Samarie yo, 11 eske mwen p ap fè a Jérusalem ak imaj pa li yo menm jan ke m te fè a Samarie ak És 2:8 zidòl pa li yo?” 12 Se konsa li va rive ke lè Senyè a fin akonpli tout travay Li yo sou Mòn Sion ak sou Jérusalem, Mwen va pini fwi a kè ògèy wa Assyrie a ak gwosè awogans li. 13 Paske li te di: “Ak pouvwa men m ak sajès mwen, mwen te fè sa a, paske mwen gen konprann. Mwen te Ag 2:6-11retire bòn a tout pèp la, mwen te piyaje tout byen yo, e tankou yon nonm pwisan, mwen te ranvèse chèf yo. 14 Epi men m te lonje desann jis li rive nan richès a pèp la kon yon Jr 49:16nich, e tankou yon moun ta ranmase ze ki abandone, se konsa mwen te ranmase tout latè. Konsa, pa t gen youn nan yo ki te bat zèl li, oswa te ouvri bèk li, ni ki te kriye.” 15 Èske rach la fèt pou És 29:16 vin ògeye sou sila ki koupe avè l la? Èske si a konn egzalte tèt li sou sila ki manevre l la? Sa ta sanble ak yon baton ki voye sila ki leve l la, oswa tankou yon baton ki leve sa ki pa fèt ak bwa a. 16 Pou sa, Senyè a, BONDYE dèzame yo, va voye yon Sòm 106:15maladi deperi moun nèt pami gèrye vanyan li yo; epi anba ògèy li, va rasanble yon dife tankou yon flanm k ap brile. 17 Limyè Israël la va devni yon dife; És 37:23 Sila ki Sen an, yon flanm. Li va brile yo e devore pikan li yo ak raje li yo nan yon sèl jou. 18 Epi Li va És 10:33-34detwi glwa a forè ak jaden plen ak fwi li yo, ni nanm, ni kò; epi sa va tankou lè yon nonm malad vin deperi nèt e deseche nèt. 19 Epi És 21:17rès bwa ki rete nan forè li yo, va vin tèlman piti an kantite, ke yon timoun ta ka konte yo. 20 Alò nan jou sa a, retay Israël la ak sila lakay Jacob ki te chape yo p ap janm depann de sila ki te frape yo, men va anverite II Kwo 14:11depann de SENYÈ a, Sila ki sen an Israël la. 21 Yon retay va retounen, retay a Jacob la, retounen kote Bondye pwisan an. 22 Paske malgre pèp ou a, O Israël, kapab tankou sab lanmè, sèlman yon retay ladann va retounen. Yon És 28:22destriksyon, debòde ak ladwati, fèt pou rive. 23 Paske yon destriksyon konplè nan tout latè a dekrete deja, e És 28:22SENYÈ dèzame yo va egzekite li. 24 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE dèzame yo: “O pèp Mwen an, ki rete Sion an, pa pè Assyrie ki Egz 5:14-16 frape nou ak baton an e ki leve baton l kont nou kon Ejipsyen yo te konn fè a. 25 Paske nan És 17:4 yon tan byen kout, kòlè Mwen kont nou va fin pase, e kòlè Mwen va dirije vè destriksyon pa yo.” 26 SENYÈ dèzame yo va leve yon gwo fwèt kont li tankou masak a Madian nan wòch Oreb la. Baton Li va lonje sou lanmè a e Li va leve li wo Egz 14:27 jan Li te konn fè an Égypte la. 27 Konsa li va rive nan jou sa a, ke És 9:4chaj Li va leve soti sou do nou, jouk Li sou kou nou, e jouk la va kraze akoz lwil oksonye. 28 Li te vini kont Ajjath, li te pase nan Migron; nan Micmasch, li te depoze Jij 18:21 bagaj li. 29 Yo te pase nan lakoup lan epi te di: Jos 21:17 “Nan Guéba, nou va fè plas pou nou rete.” Rama nan laperèz nèt e Guibea a Saul la sove ale nèt. 30 Kriye fò ak vwa ou, I Sam 25:44fi a Gallim nan! Fè atansyon, Laïs ak malere Anathoth! 31 Madména fin sove ale. Abitan Guébim yo fin chache sekou. 32 Men jodi a, li va rete Nob. És 19:16 Li souke ponyèt li vè mòn fi a Sion an, kolin a Jérusalem nan. 33 Gade byen, SENYÈ a, BONDYE dèzame yo va koupe tout branch yo ak yon gran bri. Sa osi ki gen És 37:24-38gran tay va koupe nèt e sila a gran wotè yo va vin bese nèt. 34 Li va koupe nèt gwo rakbwa forè a ak yon rach ki fèt an fè, e Liban va tonbe akoz Toupwisan an.

10:1 Sòm 94:20

10:2 És 1:23

10:3 És 13:6

10:4 És 5:25

10:5 Jr 51:20

10:6 És 5:25

10:7 Jen 50:20

10:9 II Kwo 35:20

10:10 II Wa 19:17-18

10:11 És 2:8

10:13 Ag 2:6-11

10:14 Jr 49:16

10:15 És 29:16

10:16 Sòm 106:15

10:17 És 37:23

10:18 És 10:33-34

10:19 És 21:17

10:20 II Kwo 14:11

10:22 És 28:22

10:23 És 28:22

10:24 Egz 5:14-16

10:25 És 17:4

10:26 Egz 14:27

10:27 És 9:4

10:28 Jij 18:21

10:29 Jos 21:17

10:30 I Sam 25:44

10:32 És 19:16

10:33 És 37:24-38