49
Konsènan fis a Det 23:3-4Ammon yo. Konsa pale SENYÈ a:
“Èske Israël pa gen fis?
Oswa èske li pa gen eritye?
Alò poukisa Malcom te pran posesyon sou Gad,
e se pèp li ki vin rete nan vil pa yo?
Pou sa, gade byen, jou yo ap vini”,
deklare SENYÈ a:
“ke Mwen va fè yon twonpèt fè son lagè
kont Rabbath, fis a Ammon yo;
epi li va devni pil dezole, e Jos 17:11-16vil li yo va limen ak dife.
Konsa, Israël va pran posesyon de sila ki posede l yo,”
pale SENYÈ a.
“Rele anmwey, O Hesbon! Paske Aï fin detwi!
Kriye fò, O fi a Rabbath yo!
És 32:11Mare senti nou ak twal sak ak gwo kri
e kouri fè ale retou anndan miray yo;
paske Malcom va ale an egzil
ansanm ak prèt li yo ak prens yo.
Pouki sa ou ògeye pou vale yo! Vale yo kap koule,
O fi ki chite fè bak, ki plase konfyans li nan trezò li yo?
E k ap di: ‘Kilès ki va vini kont mwen?’
Gade byen, m ap fè gwo laperèz rive sou ou,”
deklare Senyè BONDYE dèzame yo:
“Soti nan tout kote ki antoure ou yo;
epi nou chak va chase sòti tèt devan,
san pèsòn ki pou rasanble sila ki gaye yo.
 
“Men apre, Mwen va restore fòtin a fis a Ammon yo,”
deklare SENYÈ a.
 
Konsènan Édom. Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Èske pa gen sajès ankò nan Jen 36:11-34Théman?
Èske tout konsèy a sila ki pridan yo fin pèdi?
Èske sajès yo vin pouri?
Chape poul ou, retounen, rete nan pwofondè yo,
O sila ki rete Dedan yo! Paske Mwen va mennen
Jr 46:21dezas Ésaü a sou li nan lè M ap pini li a.
Si sila k ap ranmase rezen yo te vin kote ou,
èske yo pa t ap kite kèk grenn fwi tonbe atè?
Si yon Ab 5vòlè te vini lannwit,
yo ta vole sèlman kont yo pou yo ta jwenn ase.
10 Men Mwen te rete rad sou Ésaü.
Mwen te dekouvri kote kache li yo
jiskaske li pa t ka kache menm.
Desandan li yo, moun fanmi li yo, vwazen li yo ak
És 17:14li menm pa egziste menm ankò.
11 Kite òfelen ou yo dèyè; Mwen va konsève yo.
Kite Za 7:10vèv ou yo mete konfyans yo nan Mwen.”
12 Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, sila ki pa t kondane pou bwè Jr 25:15tas yo va, anverite, bwè l, e èske se ou sèl k ap epanye? Nou p ap epanye, men anverite, nou va bwè l. 13 Paske Mwen te Jen 22:16sèmante pa Mwen menm”, deklare SENYÈ a: “ke Botsra va devni yon objè degoutan, yon repwòch, yon pil mazi kraze ak yon malediksyon. Tout vil li yo va vin pil mazi.”
14 Mwen te tande yon mesaj soti nan SENYÈ a
e yon És 18:2mesaje vin voye pami tout nasyon yo, t ap
di: “Rasanble nou ansanm.
Vin kont li!
Leve pou batay!”
 
15 “Paske gade byen, Mwen te fè nou piti pami nasyon yo,
meprize pami lòm.
16 Men pou laperèz a ou menm,
awogans a kè ou te twonpe ou;
ou menm ki rete nan twou wòch yo,
ki okipe wotè a kolin nan.
Malgre ou fè nich ou wo tankou èg,
M ap Am 9:2rale ou desann soti la,”
deklare SENYÈ a.
17 “Édom va devni yon Jr 18:16objè degoutan;
chak moun ki pase bò kote li va etone,
e va sifle kon koulèv sou tout blesi li yo.
18 Tankou Jen 19:24-25boulvèsman Sodome ak Gomorrhe
ak vwazen li yo”, di SENYÈ a:
“pèsòn p ap viv la, ni p ap gen youn nan
fis a lòm ki rete la.
 
19 “Gade byen, youn va monte kon yon lyon
ki soti nan rakbwa Jourdain an kont yon patiraj ki
tèlman byen wouze;
pou yon moman, mwen va fè l kouri kite li
e nenpòt moun ki Nonb 16:5deziye,
Mwen va bay li pouvwa sou li.
Paske se kilès ki tankou Mwen menm?
E se kilès k ap voye pwosè vèbal tribinal ban Mwen?
Alò, se kilès ki bèje ki ka kanpe devan Mwen?”
20 Pou sa, koute És 14:24-27plan ke SENYÈ a fòme kont Édom
ak objektif ke Li te fòme kont moun ki rete Théman yo:
Anverite, yo va trennen yo deyò,
menm pi piti nan bann mouton an.
Anverite, Li va fè patiraj yo vin dezole akoz de yo menm.
21  Jr 50:46Latè te souke akoz bri chit yo. Gen yon gwo kri anmwey!
Bri li te rive jis nan Lamè Wouj.
22 Gade byen, Li va monte, desann kon yon èg
e lonje zèl li kont Botsra.
És 13:8Kè a moun pwisan yo va tankou
kè a yon fanm k ap pouse pitit.
 
23 Konsènan Jen 14:15Damas.
“Hamath ak Arpad fè wont nèt,
paske yo te resevwa move nouvèl.
Yo dekouraje. Kouraj yo ba nèt.
Gen enkyetid bò lanmè a;
li pa ka kalme.
24 Damas vin enpwisan nèt;
li te vire sove ale, e gwo laperèz fin sezi li.
Gwo doulè ak sezisman pran l
tankou yon fanm k ap akouche.
25 Ki jan Jr 33:9vil lwanj Mwen an pa vin dezète,
vil lajwa Mwen an!
26 Konsa, Jr 11:22jennonm pa l yo va tonbe nan ri li yo
e tout mesye lagè yo va tonbe an silans nan jou sa a,”
deklare SENYÈ dèzame yo.
27 Mwen va mete dife nan miray Damas lan
e li va devore tou bèl palè Ben-hadad yo.
 
28 Konsènan Kédar ak wayòm a Hatsor yo,
ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran nan batay.
Konsa pale SENYÈ a:
“Leve monte Kédar e detwi Job 1:3mesye nan lès yo.
29 Yo va pran tant yo ak bann mouton yo;
yo va pote pou kont yo tout rido tant yo,
tout byen yo ak tout I Kwo 5:21chamo yo
e yo va rele a youn lòt: ‘Gwo laperèz tout kote!’
30 “Kouri, sove ale! Rete nan pwofondè yo, o pèp Hatsor a”,
deklare SENYÈ a:
“Paske Jr 25:9Nebucadnetsar, wa Babylone nan,
te pran konsey kont nou,
e te fome yon plan kont nou.
31 Leve monte kont yon nasyon Jij 18:7ki alèz, ki viv ansekirite,”
deklare SENYÈ a:
“Li pa gen pòtay, ni fè fòje;
yo rete pou kont yo.”
32 Chamo pa yo va devni piyaj,
gran kantite bèt yo va sèvi kon bagay sòlda pran,
Mwen va Éz 5:10gaye bay tout van yo a sila ki
koupe kwen cheve yo;
e Mwen va mennen sou yo gwo dezas ki sòti tout kote,”
deklare SENYÈ a.
33 “Hatsor va vin yon kote pou chen mawon,
yon kote dezole jis pou tout tan.
P ap gen moun ki rete la,
ni yon grenn nan fis a lòm p ap rete ladann.”
 
34 Sa ki te sòti kon pawòl SENYÈ a konsènan Élam, nan kòmansman règn a Sédécias, wa Juda a, t ap di: 35 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
‘Gade byen, Mwen va Sòm 46:9kraze banza Élam nan,
pi fò nan pwisans pa yo.
36 Mwen va mennen sou Élam kat van
ki sòti nan kat pwent syèl yo,
e Mwen va Jr 49:32gaye pèp yo a tout van sa yo.
P ap gen nasyon kote moun rejte a Élam yo pa prale.
37 Konsa, Mwen va kraze Élam devan lènmi yo
ak devan sila k ap chache lavi yo.
Mwen va Jr 6:19mennen gwo kalamite sou yo,
menm kòlè sovaj Mwen’, deklare SENYÈ a.
‘Mwen va voye nepe kont yo
jiskaske Mwen fin manje yo nèt.
38 Epi Mwen va mete twòn pa Mwen nan Élam,
e Mwen va detwi wa pa yo ak ofisye pa yo,’ deklare SENYÈ a.
39 ‘Men li va vin rive nan dènye jou yo,
ke Mwen va Jr 48:47restore fòtin Élam yo’, deklare SENYÈ a.”

49:1 Det 23:3-4

49:2 Jos 17:11-16

49:3 És 32:11

49:7 Jen 36:11-34

49:8 Jr 46:21

49:9 Ab 5

49:10 És 17:14

49:11 Za 7:10

49:12 Jr 25:15

49:13 Jen 22:16

49:14 És 18:2

49:16 Am 9:2

49:17 Jr 18:16

49:18 Jen 19:24-25

49:19 Nonb 16:5

49:20 És 14:24-27

49:21 Jr 50:46

49:22 És 13:8

49:23 Jen 14:15

49:25 Jr 33:9

49:26 Jr 11:22

49:28 Job 1:3

49:29 I Kwo 5:21

49:30 Jr 25:9

49:31 Jij 18:7

49:32 Éz 5:10

49:35 Sòm 46:9

49:36 Jr 49:32

49:37 Jr 6:19

49:39 Jr 48:47