7
Nan katriyèm ane wa Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Zacharie, nan katriyèm jou nevyèm mwa a, ki se Kisleu. Né 1:1 Alò, vil Béthel te voye Scharetser, Réguem-Mélec avèk moun pa yo pou I Wa 13:6 chache favè SENYÈ a, pou li te pale ak prèt ki apatyen a lakay SENYÈ Dèzame Yo, a pwofèt yo pou di: “Èske mwen ta dwe kriye nan senkyèm mwa a, pou mete m apa, menm jan mwen te fè l pandan tout lane sa yo?” Esd 3:10-12; Za 8:19
Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan Za 1:12swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou És 1:11,12 Mwen ke nou te fè jèn nan? Lè nou manje ak bwè, èske nou pa manje pou pwòp tèt nou, e èske nou pa bwè pou pwòp tèt nou? Èske se pa pawòl sila yo ke SENYÈ a te pwoklame pa ansyen pwofèt yo, lè Jérusalem te gen anpil moun, e t ap Jr 22:21; Jr 13:19 pwospere ansanm ak vil ki te antoure li yo, e lè Negev ak ti kolin yo te gen moun ki t ap viv ladan yo?’ ”
Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Zacharie. Li te di: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: Éz 18:8‘Ekzekite vrè jijman, e pratike II Sam 9:7 ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 10  Egz 22:22Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni Sòm 21:11 pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’ 11 Men yo te Jr 5:3 refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande. 12 Yo te fè II Kwo 36:13kè yo di tankou Jr 17:1 silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo. 13 Epi menm jan Li te rele pou yo pa koute, konsa Pwov 1:24-28 yo va rele, e Mwen p ap koute, pale SENYÈ dèzame yo. 14 Men Mwen va Det 4:27gaye yo ak yon van tanpèt pami tout nasyon ke yo pa t konnen yo. Se konsa peyi a te vin dezole dèyè yo pou És 60:15 pèsòn moun pa t fè ale vini ladann. Paske yo te fè bèl peyi a vin dezole nèt.”

7:1 Né 1:1

7:2 I Wa 13:6

7:3 Esd 3:10-12; Za 8:19

7:5 Za 1:12

7:5 És 1:11,12

7:7 Jr 22:21; Jr 13:19

7:9 Éz 18:8

7:9 II Sam 9:7

7:10 Egz 22:22

7:10 Sòm 21:11

7:11 Jr 5:3

7:12 II Kwo 36:13

7:12 Jr 17:1

7:13 Pwov 1:24-28

7:14 Det 4:27

7:14 És 60:15