17
Peche a Juda ekri ak yon plim fèt an fè;
ak yon pwent dyaman,
li Pwov 3:3grave sou tablo kè yo ak sou kòn lotèl pa yo,
Menm jan yo sonje Jr 7:18pitit pa yo, se konsa yo sonje
lotèl pa yo
ak Asherim sou kote bwa vèt sou wo kolin yo.
O Jr 26:18mòn nan vil andeyò Mwen an,
Mwen va bay tout richès ou yo ak tout trezò ou yo kon piyaj;
wo plas ou yo pou peche, nan tout lizyè ou yo.
Epi ou va menm pou kont ou, Jr 12:7kite eritaj ke M te ba ou la;
epi Mwen va fè ou sèvi lènmi ou yo
nan peyi ke ou pa konnen an;
paske ou te limen nan kòlè Mwen yon dife
ki va brile jis pou tout tan.
Konsa pale SENYÈ a:
Sòm 146:3“Modi se moun ki mete konfyans nan lòm,
ki fè lachè vin fòs li ak kè a sila ki tounen lwen SENYÈ a.
Paske li va tankou Jr 48:6bwa raje nan dezè
e li p ap janm wè lè bonè rive;
men li va viv pami savann wòch nan dezè yo,
nan yon peyi izole, san pèsòn ki rete ladann.
 
“Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a
e sila ke Sòm 40:4konfyans li se SENYÈ a.
Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,
ki lonje rasin li akote yon sous dlo.
Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt;
e li p ap twouble nan ane Sòm 1:1sechrès la, ni sispann bay fwi.
Kè lòm plen Wo 7:11 manti plis ke tout lòt yo.
Nanpwen lasante ladann nan. Se kilès ki ka konprann li?
 
10 “Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè; Mwen pase panse a leprèv,
Sòm 62:12pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li,
selon rezilta a zèv li.”
 
11 Kon yon pentad ki kale ze ke li pa t ponn,
se konsa sila ki ranmase richès san jistis la.
Nan mitan jou li yo, li va kite li e nan dènye moman an,
li va vin yon Luc 12:20moun fou.
12  Jr 3:17Yon twòn plen ak laglwa an wo, soti nan kòmansman an,
se azil nou.
13 O SENYÈ, espwa Israël la, tout moun ki abandone Ou yo,
va vin wont.
Sila ki vire do ba ou sou latè yo, non yo va vin Luc 10:20enskri,
akoz yo te abandone sous dlo vivan an, SENYÈ a menm.
14  Jr 30:17Geri mwen, O SENYÈ e mwen va vin geri;
sove mwen e mwen va vin sove,
paske se Ou menm ki lwanj mwen an.
15 Gade, y ap És 5:19di mwen tout tan: “Kote pawòl SENYÈ a?
Kite l vini koulye a”.
16 Men pou mwen menm, mwen pa t kouri pou m ta sispann
fè bèje pou Ou,
ni mwen pa t anvi wè jou malè sa a;
Jr 12:3Ou menm, Ou konnen ke tout pawòl lèv mwen yo
te nan prezans Ou.
17 Pa Sòm 88:15teworize mwen;
Ou se azil mwen nan jou gwo twoub la.
18 Ke sila ki pèsekite mwen yo vin wont;
men pou mwen menm, pa kite mwen vin wont;
kite yo twouble nèt, men pa kite m vin twouble.
Sòm 35:8Mennen sou yo yon jou gwo twoub e kraze yo
ak yon destriksyon ki doub!
19 Konsa SENYÈ a te pale mwen: “Ale kanpe nan pòtay piblik la, sou sila wa Juda yo fè antre sòti a, li menm ak tout pòtay Jérusalem yo; 20 Epi di yo: Esd 2:7 ‘Koute pawòl SENYÈ a, wa Juda yo e tout Juda ak tout sila k ap viv Jérusalem yo, k ap fè antre sòti nan pòtay sila yo: 21 Konsa pale SENYÈ a: “Veye afè nou e Nonb 15:32-36pa pote okenn chaj nan jou Saba a, ni mennen anyen antre nan pòtay Jérusalem nan. 22 Nou p ap fè okenn chaj sòti lakay nou nan jou Saba a, ni Egz 16:23-29fè okenn travay; men kenbe jou Saba a sen, jan Mwen te kòmande papa zansèt nou yo. 23 Men yo pa t koute, ni panche zòrèy yo; men yo te fè tèt di pou yo pa ta koute, ni vin korije. 24 Men li va vin rive ke si ou Egz 15:26koute M byen pre,” deklare SENYÈ a, “pou pa fè chaj antre nan pòtay lavil sa a nan jou Saba a, men ou kenbe Saba a sen e pa fè travay sou li, 25  Jr 22:4Alò, va genyen moun ki antre nan pòtay lavil sa a, wa ak prens ki chita sou twòn a David yo, monte sou cha yo ak sou cheval yo, yo menm ak prens pa yo, moun Juda ak sila ki rete Jérusalem yo e vil sa a va abite jis pou tout tan. 26 Yo va antre ladann soti nan Jr 32:44vil a Juda yo ak tout andwa ki antoure Jérusalem yo, soti nan peyi Benjamin, soti nan ba plèn nan, nan peyi kolin yo ak nan dezè a, ap pote ofrann brile, sakrifis, ofrann sereyal, ak lansan e yo va mennen sakrifis a remèsiman lakay SENYÈ a. 27 Men És 1:20si nou pa koute Mwen e pa kenbe jou Saba a sen ak sispann pote chaj e antre nan pòtay Jérusalem nan jou Saba a; alò, Mwen va limen yon dife nan pòtay li yo, li va devore palè a Jérusalem yo e li p ap etenn menm.” ’ ”

17:1 Pwov 3:3

17:2 Jr 7:18

17:3 Jr 26:18

17:4 Jr 12:7

17:5 Sòm 146:3

17:6 Jr 48:6

17:7 Sòm 40:4

17:8 Sòm 1:1

17:9 Wo 7:11

17:10 Sòm 62:12

17:11 Luc 12:20

17:12 Jr 3:17

17:13 Luc 10:20

17:14 Jr 30:17

17:15 És 5:19

17:16 Jr 12:3

17:17 Sòm 88:15

17:18 Sòm 35:8

17:20 Esd 2:7

17:21 Nonb 15:32-36

17:22 Egz 16:23-29

17:24 Egz 15:26

17:25 Jr 22:4

17:26 Jr 32:44

17:27 És 1:20