10
Alò, apre sa, Senyè a te nonmen swasann-dis Luc 9:1-52lòt. Li te voye yo Mc 6:7de pa de devan Li nan chak vil ak andwa kote Li menm te gen pou vini.
Li t ap di yo: Mat 9:37-38“Rekòlt la anpil, men ouvriye yo piti. Konsa, sipliye Senyè rekòlt la pou L voye ouvriye nan chan rekòlt Li a.
“Ale fè wout nou! Mat 10:16Veye byen, Mwen voye nou tankou jenn mouton nan mitan lou. Mat 10:9-14Pa pote bous, ni sak, ni soulye. Pa menm salye pèsonn nan wout la.
“ ‘Nan nenpòt kay ke nou antre, premyèman mande pou Lapè rete sou kay sa a’. Si yon nonm lapè a la, lapè nou va rete sou li; men si li pa la, li va retounen sou nou. Rete nan kay sa a. Manje e bwè sa ke yo mete devan nou; paske Mat 10:10ouvriye a dign de salè li. Pa kontinye pase de kay an kay.
“Nan Nenpòt vil ke nou antre, e yo resevwa nou, I Kor 10:27manje sa yo mete devan nou. Geri sila yo ki malad nan li. Di yo: Mat 3:2Wayòm syèl la gen tan vin toupre nou”.
10  “Men nan Nenpòt vil ke nou antre, si yo pa resevwa nou, tou ale nan lari yo e di: 11  Mat 10:14Menm pousyè vil nou an ki kole nan pye nou, nou siye li kont nou menm. Men konnen sa byen; ke wayòm syèl la gen tan vin toupre nou.”
12  “Mwen di nou, Jen 19:24-28li va pi tolerab nan jou sa pou Sodome ke pou vil sa a.
13  Mat 11:21-23“Malè a nou menm, Chorazin! Malè a nou menm, Bethsaïde! Paske si mirak ki te fèt nan nou yo te konn fèt nan Tyr avèk Sidon, yo t ap vin repanti lontan sa, e vin chita nan sann abiye ak twal sak.
14  “Men li va pi tolerab pou Mat 11:21Tyr ak Sidon nan jijman an, pase pou nou menm.
15  “Epi nou menm, És 14:13-15Capernaüm, nou p ap egzalte nan syèl la, men nou ap jete anba nan sejou mò yo.
16  Mat 10:40“Sila ki koute nou an, koute Mwen; e sila ki rejte nou an, rejte Mwen. E sila ki rejte Mwen an, rejte Sila a ki voye Mwen an.”
17 Swasann-dis yo te retounen avèk jwa. Yo te di: “Senyè, menm Luc 9:1dyab yo soumèt a nou menm nan non Ou”.
18 Li te di yo: “Mwen t ap gade Mat 4:10Satan k ap tonbe soti nan syèl la tankou yon kout loraj. 19  Veye byen, Mwen bannou otorite pou Sòm 91:13mache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.
20  “Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske Egz 32:32non nou ekri nan syèl la.”
21  Mat 11:25-27Nan menm moman an, Li te rejwi anpil nan Lespri Sen an. Li te di: “Mwen louwe Ou, o Papa, Senyè a syèl la avèk tè a, Ke Ou kache bagay sa yo devan saj yo ak entèlijan yo pou revele yo a zanfan yo. Wi, Papa, paske konsa sa te fè plezi nan zye Ou.”
22  Jn 3:35Tout bagay te livre a Mwen menm pa Papa M, e Jn 10:15pèsòn pa konnen ki moun Fis la ye, sof ke Papa a, e ki moun Papa a ye, sof ke Fis la, ak Nenpòt moun ke Fis la revele L.
23  Mat 13:16-17Li te vire vè disip yo Li te di an prive: “Beni se zye ki wè bagay ke nou gen tan wè a. 24  Paske Mwen di nou, ke anpil nan pwofèt avèk wa yo te vle wè bagay ke nou wè yo, men yo pa t wè yo, ni tande bagay ke nou tande yo, e yo pa t tande yo.”
25  Mat 19:16-19Epi vwala, yon sèten avoka te kanpe pou pase l nan leprèv. Li te di L: “Mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”
26 Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”
27 Li te reponn:
Det 6:5 “Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a
avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou,
e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”
28 Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk. Lev 18:5Fè sa, e ou va viv.”
29 Men li te vle Luc 16:15jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”
30 Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap Luc 18:31desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.
31  “Konsa, pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a. Lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.
32  “Menm jan an, yon Levit tou, lè l te rive kote a, li te wè l, e te vin pase sou lòtbò.
33  “Men yon sèten Mat 10:5Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon. 34  Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li. 35  Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’
36  “Kilès nan twa sa yo ou kwè ki te fè prèv ke se te yon bon vwazen a mesye ki te tonbe nan men vòlè yo?”
37 Li te reponn: “Sila ki te gen konpasyon pou li a.” Konsa Jésus te di l: “Ale fè menm bagay la”.
38 Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Luc 10:40 Marthe te resevwa Li lakay li.
39 Li te gen yon sè yo te rele Luc 10:42Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li. 40 Men Luc 10:38-41Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”
41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou Mat 6:25enkyete e twouble pa anpil bagay, 42  Sòm 27:4men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”

10:1 Luc 9:1-52

10:1 Mc 6:7

10:2 Mat 9:37-38

10:3 Mat 10:16

10:4 Mat 10:9-14

10:7 Mat 10:10

10:8 I Kor 10:27

10:9 Mat 3:2

10:11 Mat 10:14

10:12 Jen 19:24-28

10:13 Mat 11:21-23

10:14 Mat 11:21

10:15 És 14:13-15

10:16 Mat 10:40

10:17 Luc 9:1

10:18 Mat 4:10

10:19 Sòm 91:13

10:20 Egz 32:32

10:21 Mat 11:25-27

10:22 Jn 3:35

10:22 Jn 10:15

10:23 Mat 13:16-17

10:25 Mat 19:16-19

10:27 Det 6:5

10:28 Lev 18:5

10:29 Luc 16:15

10:30 Luc 18:31

10:33 Mat 10:5

10:38 Luc 10:40

10:39 Luc 10:42

10:40 Luc 10:38-41

10:41 Mat 6:25

10:42 Sòm 27:4