10
Paske mwen pa vle ke nou san konprann, frè m yo, ke tout zansèt nou yo te Egz 13:21anba nyaj la, e yo tout te pase nan lanmè a. Epi yo tout te Wo 6:3batize nan Moïse nan nyaj la ak nan lanmè a; e yo tout Egz 16:4,35te manje menm manje lespri a. Yo tout Egz 17:6te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la. Sepandan, avèk pifò nan yo, Bondye pa t kontan; akoz sa Nonb 14:29,37yo te mouri nan dezè a.
Alò, bagay sa yo te rive kòm yon egzanp pou nou, pou nou pa gen move lanvi jan Nonb 11:4,34yo menm te gen move lanvi a. Pa vin moun idolat tankou kèk nan yo te ye a, paske sa ekri: Egz 32:6“Pèp la te chita pou manje ak bwè, e te kanpe pou jwe.” Ni pou nou pa kite nou aji avèk imoralite, jan kèk nan yo te fè, e Nonb 25:9venn-twa-mil te tonbe nan yon sèl jou. Ni nou pa pou tante Senyè a, jan Nonb 21:5kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo. 10 Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo Nonb 16:49te detwi pa destriktè a. 11 Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. Wo 4:23Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a Wo 13:11fen tan yo gen tan fin parèt. 12 Konsa, kite sila ki Wo 11:20panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men I Kor 1:9Bondye fidèl. Li p ap kite nou II Pi 2:9tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
14 Konsa, byeneme m yo, sove kite I Kor 10:7,19idolatri. 15 Mwen pale, konsi, se ak moun saj. Byen jije sa ke mwen di a. 16 Lè nou Mat 26:27 beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la? 17 Paske gen yon sèl pen, nou menm Wo 12:5ki anpil la se yon sèl kò; paske nou tout pataje yon sèl pen. 18 Gade nasyon Israël la selon lachè a. Èske se pa tout sila ki Lev 7:6,14manje sakrifis ki pataje sou lotèl yo?
19 Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa I Kor 8:4ke yon zidòl se yon bagay? 20 Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo Det 32:17sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.
21  II Kor 6:16Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo. 22 Oubyen èske nou Det 32:21pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou Ekl 6:10pi fò pase Li?
23  I Kor 6:12Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki Wo 14:19edifye. 24 Pa kite nou Wo 15:2 chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou. 25  Trav 10:15Manje avèk bon konsyans nenpòt vyann ki vann nan mache, san poze kesyon. 26  Sòm 24:1“Paske tè a se pou Senyè a avèk tout sa ki ladann.” 27 Si I Kor 5:10youn nan sila ki pa kwè yo envite nou, e nou vle ale Luc 10:8manje nenpòt bagay ke yo mete devan nou, avèk bon konsyans e san poze kesyon. 28 Men si yon moun di nou: “Vyann sa a te sakrifye bay zidòl,” pa manje l, pou kòz a sila ki te enfòme nou an, ak pou bon konsyans. Paske “Latè se pou Senyè, ak tout ki ranpli l.” 29 Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske Wo 14:16poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt? 30 Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen Wo 14:6bay remèsiman?
31 Alò, konsa Kol 3:17si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye. 32  Trav 24:16Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.
33 Menm jan ke mwen osi Wo 15:2fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.

10:1 Egz 13:21

10:2 Wo 6:3

10:3 Egz 16:4,35

10:4 Egz 17:6

10:5 Nonb 14:29,37

10:6 Nonb 11:4,34

10:7 Egz 32:6

10:8 Nonb 25:9

10:9 Nonb 21:5

10:10 Nonb 16:49

10:11 Wo 4:23

10:11 Wo 13:11

10:12 Wo 11:20

10:13 I Kor 1:9

10:13 II Pi 2:9

10:14 I Kor 10:7,19

10:16 Mat 26:27

10:17 Wo 12:5

10:18 Lev 7:6,14

10:19 I Kor 8:4

10:20 Det 32:17

10:21 II Kor 6:16

10:22 Det 32:21

10:22 Ekl 6:10

10:23 I Kor 6:12

10:23 Wo 14:19

10:24 Wo 15:2

10:25 Trav 10:15

10:26 Sòm 24:1

10:27 I Kor 5:10

10:27 Luc 10:8

10:29 Wo 14:16

10:30 Wo 14:6

10:31 Kol 3:17

10:32 Trav 24:16

10:33 Wo 15:2