15
Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès Wo 14:1sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi. Ke chak en de nou I Kwo 9:22fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans. Paske II Kwo 8:9menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: Sòm 69:9“Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.” Paske Wo 4:23tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa. Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an Wo 12:16kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris: Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a Rev 1:6Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri.
Konsa Wo 14:1aksepte youn lòt, menm jan ke Kris osi te aksepte nou pou laglwa Bondye a. Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a Mat 15:24sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo; epi pou pèp etranje yo ta ka bay Bondye glwa pou mizerikòd Li, jan sa ekri a:
II Sam 22:50“Konsa, Mwen va bay Ou lwanj pami pèp etranje yo,
e mwen va chante Non Ou.”
10 Li di ankò:
Det 32:43“Rejwi, O pèp etranje yo avèk pèp Li a.”
11 Epi ankò:
Sòm 117:1“Bay lwanj a Senyè a, nou tout pèp etranje yo!
Kite tout pèp yo ba Li lwanj.”
12 Esaïe di ankò:
És 11:10“Li va gen rasin Jessé a;
Sila ki leve pou renye sou pèp etranje yo.
Nan Li menm, pèp etranje yo va mete espwa yo.”
13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
14 Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk I Kwo 1:5tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt. 15 Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz Wo 12:3gras Bondye ke mwen resevwa a, 16 pou m kapab yon Trav 9:15sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou Wo 12:1ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an. 17 Konsa, nan Jésus Kri mwen gen tan twouve rezon pou vante tèt mwen nan Eb 2:17bagay ki apatyen a Bondye. 18 Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke Trav 15:12Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon, 19 nan pouvwa sign ak mirak yo Wo 15:13nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la. 20 Se konsa mwen vle preche levanjil la; pa kote ke Kris te deja konnen I Kwo 3:10pou m pa bati sou fondasyon a yon lòt moun, 21 Men jan sa ekri a:
És 52:15“Sila ki pa gen nouvèl Li yo va wè,
e sila ki pa tande yo va konprann”.
22 Pou rezon sa a byen souvan Wo 1:13mwen anpeche vin kote nou. 23 Men koulye a, akoz pa gen lòt andwa pou mwen nan rejyon sa yo, e depi Trav 19:21anpil ane mwen anvi vin wè nou, 24 nenpòt lè mwen ale Espagne, mwen espere wè nou pandan m ap pase. Konsa nou kapab Trav 15:3ede m fin rive la apre mwen fin Wo 1:12rejwi de prezans nou pandan kèk tan. 25 Men koulye a Trav 19:21mwen prale Jérusalem pou Trav 24:17sèvi fidèl yo. 26 Paske legliz yo nan Trav 16:9Macédoine ak Achaïe te kontan fè yon don pou malere yo pami fidèl Jérusalem yo. 27 Wi, yo te kontan fè sa, e yo dwe yo. Paske I Kwo 9:11si pèp etranje yo gen tan pataje bagay ki soti nan Lespri Bondye a, yo dwe remèt sèvis a yo tou ak bagay materyèl. 28 Konsa, lè m fin fè sa, e Jn 3:33mete so mwen sou fwi sa ki sòti nan yo menm nan, m ap pase bò kote nou nan wout pou m ale Espagne la. 29 Mwen konnen ke Trav 19:21lè m vin kote nou, m ap vini byen ranpli avèk benediksyon a Kris la.
30 Koulye a mwen ankouraje nou, frè m yo, pa Senyè nou an, Jésus Kri e pa Kol 1:8lanmou Lespri a, pou I Kwo 1:11fè tout efò ansanm avèk mwen nan lapriyè a Bondye pou mwen menm 31 pou mwen kapab delivre anba sila yo nan Juda ki dezobeyisan, e pou Wo 15:25sèvis mwen pou Jérusalem kapab akseptab devan fidèl yo, 32 pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa Trav 18:21volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm. 33 Pou koulye a Wo 16:20ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen.

15:1 Wo 14:1

15:2 I Kwo 9:22

15:3 II Kwo 8:9

15:3 Sòm 69:9

15:4 Wo 4:23

15:5 Wo 12:16

15:6 Rev 1:6

15:7 Wo 14:1

15:8 Mat 15:24

15:9 II Sam 22:50

15:10 Det 32:43

15:11 Sòm 117:1

15:12 És 11:10

15:14 I Kwo 1:5

15:15 Wo 12:3

15:16 Trav 9:15

15:16 Wo 12:1

15:17 Eb 2:17

15:18 Trav 15:12

15:19 Wo 15:13

15:20 I Kwo 3:10

15:21 És 52:15

15:22 Wo 1:13

15:23 Trav 19:21

15:24 Trav 15:3

15:24 Wo 1:12

15:25 Trav 19:21

15:25 Trav 24:17

15:26 Trav 16:9

15:27 I Kwo 9:11

15:28 Jn 3:33

15:29 Trav 19:21

15:30 Kol 1:8

15:30 I Kwo 1:11

15:31 Wo 15:25

15:32 Trav 18:21

15:33 Wo 16:20